Episodes

Wednesday Feb 10, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 10 fevriye 2021
Wednesday Feb 10, 2021
Wednesday Feb 10, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou salye frè nou Vanyan Vilcere Romulus ki te selebre anivèsè nesans li yè madi a
Ayibobo pou tout fanmi ki te kanpe ak KOMOKODA samdi k sot pase a nan Brooklyn nan pou n te pote solidarite nou bay pèp Ayisyen an anndan peyi a k ap denonse Jovenel Moise-PHTK ak mèt ke yo nan kominote entènasyonal la
Nou pase son manifestasyon Brooklyn nan epi son manifestasyon Solidarite Quebec-Haiti te fè nan Montreal la dimanch ki te 7 fevriye a
Ti koze ak konpatriyòt Spenceur Celestin ki se yon etidyan nan Fakilte Syans Imèn ki te pami etidyan k te mennen manifestasyon nan Pòtoprens jodi a kont Jovenel Moise-PHTK
Sa sa vle di lè nou jwenn Ayisyen k ap viv Ozetazini k ap bay manti pou fè konprann se restan fonksyonè Trump yo nan Depatman Deta ki responsab pozisyon Ameriken anfavè Jovenel Moise-PHTK; Kòmkwa Joe Biden pral retire nou nan mizè menm yomenm nan mete peyi nou an
Nou pase vwa Joe Biden nan yon entèvyou li te genyen ak jounalis Meriken Charlie Rose kote li te di si lanmè Karayib la ta louvri epi anglouti Ayiti, sa pa t ap retire yon plim sou do Etazini
Liy ouvè ak oditè yo
Nou bay lis moun ki te minis nan gouvènman Jean Henry Ceant yo epi nou mande pèp Ayisyen an pinga bliye non okenn nan vòlè sa yo
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.