Episodes

Wednesday Nov 11, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 11 novanm 2020
Wednesday Nov 11, 2020
Wednesday Nov 11, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Etazini ak peyi Lewòp yo fete "Veterans Day" jodi a, jou pou selebre sòlda ki pase nan lame peyi a
Donald Trump panko bay legen epi rezilta eleksyon Etazini yo panko ofisyèl
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué pou analiz chif eleksyon Trump-Biden nan epi kote eleksyon an ye jodi a
Lapolis Ayisyen fè konnen se pa katouch yo ki touye etidyan Gregory St Hiaire
Liy ouvè ak oditè yo
Lendi swa moun yo pa idantifye sasinen Pastè Jean François Louis ak madanm li Exinor Luciane ki te ansent 7 mwa
Ministè Edikasyon Nasyonal fè konnen 90% nan elèv 9yèm ane fondamantal yo ki t al konpoze nan ekzamen nasyonal yo reyisi; Sa vle di mwens jou elèv yo fè lekòl se plis ki pase nan ekzamen yo
Gouvènè NY la Andrew Cuomo fè konnen akoz chif kowonaviris la k ap monte nan zòn NY la genyen nouvo restriksyon k ap koumanse apati vandredi k ap vini an
KOMOKODA salye retou endijèn yo opouvwa nan Bolivi epi Prezidan Evo ki retounen lakay li; Palman peyi sila a mande pou lajistis ta trennen Prezidan koudeta a Jeanine Anez ak kolaboratè li yo nan tribinal pou masak yo responsab
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.