Episodes

Wednesday Sep 11, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 11 septanm 2019
Wednesday Sep 11, 2019
Wednesday Sep 11, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Nou jete dlo pou viktim 11 septanm 1973 yo; 11 septanm 1988 yo; Antoine Izmery, 11 septanm 1993
Enpòtans pou moun ki gen nen nan figi yo toujou kanpe anfas fòs fè nwa yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Nou ankouraje kominote a pou bare Jovenel Moise tout kote l pase nan zòn NY la si pèp la pa gen tan dechouke l anvan rankont Nasyonzini yo semèn pwochèn
Nou mande kominote a rele Majistra Union New Jersey a, Michele Delisfort, yon pitit Ayisyen ki envite Jovenel pou resevwa l pandan l nan zòn nan. Nimewo Majistra a se 908-851-8500
Nouvèl:
-Gouvènman Trump la bloke inisyativ pou yo ta mennen reskape siklòn Dorian yo soti Bahamas vin jwenn sekou nan Miami
-Laprès nan peyi nou rapòte Jovenel ta voye $20,000 kòm èd pou Ayisyen k viktim Dorian nan Bahamas yo
-Jounal "The Tribune" nan Bahamas rapòte jan Hank Johnson, yon lejislatè Bahamas vekse Ayisyen ki t ap plenyen sò yo bay jounalis epi fason Dorval Darlier ki se pi wo responsab nan Anbasad Ayiti nan Bahamas la ap di moun yo mouri poul yo epi l al achte yon bwat poul fri "Kentucky Fried Chicken" ak yon boutèy 2 lit Pepsi pote pou konsole moun yo
Liy ouvè ak oditè yo
Popilasyon lakay anvayi chanm sena a pou bloke pasaj premye minis Jovenel pwopoze a
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.