Episodes

Wednesday May 12, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 12 me 2021
Wednesday May 12, 2021
Wednesday May 12, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Ti koze ak sè nou "Ayiti" nan Matris Ayiti 1804 epi ak sè nou Ninaj Raoul nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou sa k pase ak ti frè nou Romy Vilsaint epi mobilizasyon k ap fèt 7am-10am Vandredi maten devan lekòl P.S. 361 ki sou Nostrand Ave ak Foster Ave
Nouvèl:
-Yon lòt fwa ankò Israel ap lage bonb, touye, krabinen pèp Palestinyen an ak beneksyon Etazini ak bizawèl li yo; Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou pèp Palestinyen an ki sèmante li pa p mouri san gwonde
-Repiblik Dominikèn anonse yo gen tan monte 23 Km miray ak lantouray babele
-Lòbèy pete nan reyinyon OEA sou Ayiti maten an
Liy ouvè ak oditè yo
Plis nouvèl:
-Minis Travo Piblik nan Bahamas Desmond Bannister mande moun nan Bahamas k ap mande pou leta pa kraze kay Ayisyen yo nan Abaco, èske yo ta pito viv nan pousyè, salte (Twou Latrin Trump lan!) tankou sa k genyen nan peyi d Ayiti a
-Pati Repibliken Meriken an revoke Depite Liz Cheney nan djòb li kòm twazyèm pi gwo chèf Pati a paske l kontinye ap kritike Trump
-Presyon an ogmante ak lajan ak menas pou fòse tout moun Ozetazini pran vaksen kovid
-Dr Pape di menm lè li klè pa gen kovid ann Ayiti, fò Ayisyen ta pran vaksen kovid la kanmenm pou evite malè
Anons:
Mobilizasyon pou manifestasyon pou mande jistis pou Romy Vilsaint, demen 7am-10am, devan lekòl P.S. 361 ki sou Nostrand Ave ak Foster Ave
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.