Episodes

Wednesday Jan 13, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 13 janvye 2021
Wednesday Jan 13, 2021
Wednesday Jan 13, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou retire chapo n pou n salye tout fanmi ki te patisipe nan manifestasyon KOMOKODA yè 12 janvye a devan Fondasyon Clinton pou n kontinye lonje dwèt sou yo pou lajan Goudougoudou a yo vòlè epi apatrid Martelly ak Jovenel yo enpoze alatèt peyi nou
KOMOKODA jete dlo pou tout viktim Goudougoudou a yo ak tout fanmi, tout Ayisyen dat 12 janvye a mete nan lapenn
Deklarasyon 4 out 2020 KOMOKODA a
Jodi a, Chanm Depite Meriken an vote yon lòt fwa ankò pou "impeach" Prezidan Meriken an Donald Trump; Refleksyon nou sou lòbèy ki genyen nan Washington depi Mèkredi pase
Sèvis kominikasyon Whatsapp anonse y ap fè gwo chanjman nan kontra "privacy" yo te genyen ak abone yo apati 8 fevriye k ap vini an; Nou ankouraje tout moun k ap koute nou travèse al jwenn sèvis altènativ "Signal" ki jiskaprezan ofri plis sekirite
Dosye Ayiti a:
-Kidnaping nan kontinye ap fè pale de li nan peyi a
-Chanm Sena Ayisyen an parèt li reveye epi li vote Joseph Lambert nan pozisyon prezidan chanm sila a k pa gen okenn pouvwa deside anyen
-Diferan branch opozisyon an anonse yo gonfle fòs yo pou prezante pèp la yon kalandriye mobilizasyon
Liy ouvè ak oditè yo
Pou ki sa tout moun ta dwe enkyete epi leve kanpe lè gouvènman ak gwo konpayi teknoloji yo ap rantre fon nan enfòmasyon prive nou
Ki sa sèvis tiktok la ye?
Eleksyon nan Ougannda demen: Jèn chantè Bobby Wine ap chache ranpòte laviktwa sou Museveni k ap chache pran yon 7yèm manda
Nou adrese kesyon yon oditè sou nouvo branch lame nan lespas (United States Space Force) Donald Trump lanse nan mwa desanm 2019 la
Yon Ameriken ki nan medya anonse konpayi asirans AIG anile asirans li paske li kontinye sipòte Gwo Moso
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.