Episodes

Wednesday Apr 14, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 14 avril 2021
Wednesday Apr 14, 2021
Wednesday Apr 14, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Mobilizasyon pou dyaspora a toupatou ta kanpe nan jou 20 avril la ki make kòm Jounen Nasyonal Dyaspora Ayisyen pou manifeste kont manti BRIDES ak PHTK ki ta vle fè konprann 9 sou chak 10 Ayisyen k ap viv deyò peyi a sipòte pwojè konstitisyon malatchong PHTK a ak eleksyon pike kole yo di y apral fè a: KOMOKODA ap manifeste 20 avril la, 3pm-6pm devan Konsila Ayisyen nan NY la: 815 2nd Avenue, ant 43yèm ak 44yèm Streets nan Manhattan
Nou salye sè nou Fabienne Hyacinthe k apral selebre anivèsè nesans li nan wikenn nan
Jouthe Joseph demisyone, Jovenel Moise anonse li ranplase l ak Ti komik Claude Joseph ki te pote tit minis afè etranjè
KOMOKODA di polis yo sonje sa k te rive makout apre Jean Claude Duvalier te pran lyann; Se jodi a pou yo ta aji kont gouvènman asasen, vòlè, apatrid la pou yo ta jwenn yon ti padon nan je popilasyon an
Joe "Ti Tonbe" Biden mande Taliban yo tanpri souple ba li jiska mwa Septanm 2021 an pou l retire tout sòlda Meriken li yo nan peyi Afghanistan
Relijyon pou Lapè Ayiti lave men li nan koze negosyasyon PHTK ak opozisyon an epi Legliz Katolik anonse l ap fèmen tout enstitisyon li nan peyi a demen
Nou ankouraje oditè yo rele laboratwa sondaj malatchong Meriken ki rele BRIDES la nan 011-509-3828-3597 pou di yo sondaj dyaspora yo a se yon gwo manti li ye
Pou ki sa tout presyon sila a pou voye moun al pran vaksen Kovid-19 yo pandan jiskaprezan FDA Meriken an panko janm apwouve okenn nan yo
-Lendi 12 avril la se te premye jou moun ki te fè lantèman yon fanmi akoz Kovid-19 la te ka rele nimewo telefòn 844-684-6333 pou ranpli aplikasyon FEMA pou leta ranbouse yo jiska $9,000 nan lajan yo te depanse pou lantèman sa a
Liy ouvè ak oditè yo
Prizonye politik Nwa Meriken Mumia Abu Jamal nan yon kondisyon sante kritik; L ap blije fè yon operasyon nan kè li annijans demen 15 avril la
Leta nan Minnesota arete polisye Kimberly Potter ki sasinen Daunte Wright
Aba tout opòtinis k ap fòme pati politik pou y al nan eleksyon pike kole Meriken-Core Group-PHTK a
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.