Episodes

Wednesday Dec 15, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 15 desanm 2021
Wednesday Dec 15, 2021
Wednesday Dec 15, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Refleksyon nou sou atik NY Times ki lonje dwèt sou Michel Martelly ak Charles "Kiko" St Remy nan sasinay Jovenel Moise epi editoryal Washington Post ki mande kouman Gouvènman Meriken pèmèt Martelly ap viv Ozetazini san tèt grate epi kouman fè yo panko arete li
Ti koze ak Pierre Esperans, responsab nan RNDDH sou dènye enfòmasyon k ap diskite yo sou sasinay Jovenel Moise
Nouvèl:
-Lese pase chèf Gran Ravin nan Izo te anonse pou sezon fèt la sanble se te yon pyèj; Kidnaping ak briganday pi rèd jodi a
-Gouvènmen Meksiken an renmèt 800 Ayisyen nan Tapachula viza 1 an yo te pwomèt la
-Ansyen polisye Derek Chauvin ki te touye George Floyd chanje desizyon li epi l plede koupab nan tribinal federal pou vyolasyon dwa sivil George Floyd
-Minis Sante Angletè Sajid Javid anonse yo gen premye ka lanmò omicron yo; Nan fouye zo nan kalalou enfòmasyon soti ke se pa omicron ki touye moun nan
Liy ouvè ak oditè yo
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.