Episodes

Wednesday Jul 15, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 15 jiyè 2020
Wednesday Jul 15, 2020
Wednesday Jul 15, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Avyon Jetblue ta parèt retire Ayiti nan lis vwayaj li
Nouvèl:
-Nou jwenn enfòmasyon ta gen yon tranblemanntè ki frape zòn Ench; Nou pa rive verifye li; Nou mande oditè yo gen plis enfo tanpri fè nou konnen
-Vòlè nan entènèt la ta rive pran kontwòl kont twitter plizyè gwo bwa Meriken epi ta vòlè plis pase san mil dola vèt; Nou gade menm tip vòl sa yo ki fèt sou fanmi nan kominote a
-Fanmi George Floyd asiyen lavil Mineapolis ak 4 polisye yo ki te enplike nan sasinay fanmi an 25 me ki sot pase a
-Nan yon entèvyou ak CBS Gwo Moso Donald Trump deklare lapolis Ozetazini touye plis blan ke nwa
-Pral gen referanndòm nan Mineapolis nan mwa Novanm nan pou konnen si popilasyon an dakò pou elimine depatman lapolis la
-Councilman Rory Lancman deklare fason chèf lapolis la ak lòt wo grade nan lapolis la ap derespekte majistra a sanble tèt koupe ak yon koudeta
-FBI arete yon jèn gason ki di se Ougan li ye ki peye 25 mil dola vèt pou kèk branch chive Donald Trump pou l al fè wanga
-Homeland Security ak ICE pèdi batay, yo blije fè bak sou desizyon pou anpeche etidyan imigran ki Ozetazini sou viza etidyan lekòl yo pa p louvri fizikman an Septanm nan rete nan peyi a
-Minis Spò defakto gouvènman apatrid PHTK a voye pye, li di l mache nan tout peyi a pou l jwenn estad 25 milyon dola vèt Olivier Martelly ak Laurent Lamothe yo li pa jwenn anyen, li di se kraze vòlè yo kraze lajan an; Pou di Jovenel pral revoke l menm jan ak Likmàn?
-Biwo ki responsab fè resansman nan peyi a di yon lòt fwa ankò pa gen mwayen pou travay sa ta fèt kòmsadwa, li pral blije chita sou chif 1986-1987 yo pou l bay chif Ayisyen k ap viv nan peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
Nou fini ak son nan videyo eta New York mete deyò sou pwogram Covid Rent Relief yo fè pou ede ak lajan lwaye
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.