Episodes

Wednesday Jun 16, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 16 jen 2021
Wednesday Jun 16, 2021
Wednesday Jun 16, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke eleksyon bidon an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 24 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini @ 45th Street ak 1st Avenue nan Manhattan
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit ki se responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project sou manifestasyon y ap fè demen jedi a 11è pou midi edmi devan katye jeneral depatman Edikasyon lavil NY
Son manifestasyon KOMOKODA te fè jedi pase devan Misyon Etazini nan LONI
Ti koze ak sè nou Mergina Fleurimat ki se responsab òganizasyon Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA) nan Sen Michel Latalay sou pwojè yo t ap travay nan Savàn Djàn ak fason gwo ponyèt fanmi Apaid ak leta PHTK a vòlè tè yo nan men yo
Jodi a Joe Biden fè premye rankont li kòm prezidan Etazini ak Vladimir Putin ki se alatèt peyi Larisi
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou inisyativ Students Improvement Association pou lonje dwèt sou move kondisyon lekòl leta yo nan District 29 nan Queens nan
Reprezantan Ayiti nan OEA pa jennen yo rejwenn 25 lòt peyi nan òganizasyon sila a pou yo kondane peyi Nicaragua pou koze prizonye politik
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.