Episodes

Wednesday Feb 17, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 17 fevriye 2021
Wednesday Feb 17, 2021
Wednesday Feb 17, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Ayibobo pou pèp Ayisyen ki manifeste epi rive boule cha kanaval malgre 2,500 gang ak inifòm PNH Jovenel PHTK te drese anfas pèp la; Nou bay lis djaz kolabo yo ki te patisipe nan kanaval lawont sila a
Ti koze ak avoka Marcel Denis sou dènye devlopman nan dosye dola senkant sou transfè dyaspora a ak senk santim sou chak minit apèl k ap rantre Ayiti ki devan tribinal federal Meriken nan Brooklyn nan
Senatè PHTK Rony Celestin ak madanm li Marie Louisa Celestin achte yon vila nan Laval andeyò Montreal pou 4.25 milyon dola "cash" anplis yon lòt kay yo te deja genyen nan vil sila a
Ti koze ak frè nou Jafrik sou vila Rony Celestin an epi manifestasyon Ayisyen nan Montreal ap fè Vandredi devan biwo Ministè Afè Etranjè Canada
Nouvèl
-Gwo tèt chaje, pwoblèm elektrisite kontinye nan eta Texas ak zanviwon yo
-Gouvènman Joe Biden nan gen tan pimpe 500 Ayisyen tounen nan 12 vòl avyon
-Donald Trump lage yon deklarasyon pou kalonnen Mitch McConnell ki se alatèt pati Repibliken an nan Chanm Sena a
Liy ouvè ak oditè yo
Lyen pou Entèvyou nou te fè ak jounalis Aaron Mate nan emisyon PushBack ki pase nan Grayzone:
https://www.youtube.com/watch?v=Y5uFYLIp2CI&t=273s
Nou bay lis moun ki te minis nan gouvènman Gary Conille yo epi nou mande pèp Ayisyen an pinga bliye non okenn nan vòlè sa yo
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.