Episodes

Wednesday Nov 18, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 18 novanm 2020
Wednesday Nov 18, 2020
Wednesday Nov 18, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Jodi a se 18 novanm 2020, 217 lannen depi dat Batay Vètyè a, KOMOKODA jete dlo pou zansèt nou yo
Yè 17 novanm nan se te anivèsè nesans frè nou Raymond Dugué (Nèg Chif la), Nou swete fanmi an Sante, Sante, Sante!
Refleksyon gran frè nou Jean Claude Martineau (Koralen) sou gwo viktwa pèp peyi Bolivi ranpòte sou zwazo bèk fè a ak bizawèl li yo
Nouvèl:
-Lavil New York deside fèmen lekòl fasafas apati demen 19 novanm nan; se nan entènèt sèlman lekòl ap kontinye
-Gouvènè NY la anile fèt "Thanksgiving" pou ane 2020 a; plis pase 10 moun pa andwa rasanble okenn kote
-Nan rekontaj alamen k ap fèt nan Georgia, Kandida Demokrat la Joe Biden
-Li parèt gen yon fòs envizib k ap pran kontwòl yon avyon lagè F-16 Etazini vann peyi Taywann
-Mobilizasyon nan Pòtoprens jodi a nan okazyon anivèsè Batay Vètyè a; Yon jèn gason pèdi lavi li
Liy ouvè ak oditè yo
Lavil New York anonse yo pral monte pri transpò piblik ak tout "toll" atravè vil la
Nou wete chapo n pou salye jounalis Robert Fisk ki fè travèse li
Yè 17 novanm lan Bank Repiblik Ayiti anonse li mete yon lòt 10 milyon dola vèt nan ekonomi Ayiti a; Mannèv lave men siye atè pou vòlè yo wè si mannigèt goud la ki ta double fòs sou dola a va kenbe detwa jou anplis
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.