Episodes

Wednesday Dec 02, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 2 desanm 2020
Wednesday Dec 02, 2020
Wednesday Dec 02, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
Nouvèl:
-Ti komik Claude Joseph ki pote tit Minis Afè Etranjè gouvènman kwoupyon an fè konnen Òganizasyon Entènasyonal Lafrankofoni pral ede Ayiti monte nouvo konstitisyon an
-Gouvènman Abinader la nan Repiblik Dominikèn lanse yon kanpay kont koripsyon nan peyi sa a
-Donald Trump panko bay legen men ekip la pran yon gwo kou yè lè Minis Jistis la William Barr anonse kòken ki te fèt nan eleksyon Meriken an pa p rive ranvèse rezilta ki pibliye yo
-Plizyè milyon moun k ap viv Ozetazini te jwenn $1200 nan men leta pou ede yo jere kowonaviris la men 43,000 moun ki pi rich nan peyi a yo chak jwenn omwen $1.6 milyon
Liy ouvè ak oditè yo
UNICEF pibliye yon rapò kote yo di zafè lekòl adistans la gen pwoblèm Ayiti paske 79% timoun ki lekòl an Ayiti pa gen aksè ak entènèt la; Nou blije ri UNICEF paske li bliye di konbyen nan elèv sa yo ki pa gen aksè ak kouran
Gouvènman Abinader la pran yon dekrè pou bay 295 braceros Ayisyen pansyon y ap lite pou jwenn depi plis pase 30 lannen
Dimanch 6 desanm k ap vini an pral genyen eleksyon lejislativ nan Venezuela
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.