Episodes

Wednesday Jun 02, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 2 jen 2021
Wednesday Jun 02, 2021
Wednesday Jun 02, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Deklarasyon 4 out 2020 KOMOKODA a
Video AyiboPost - Poukisa Jovenel vle chanje konstitisyon a, epi fè eleksyon
(https://www.youtube.com/watch?v=EIur-B27hdY)
Refleksyon nou sou manif KOMOKODA te fè devan Konsila Kanada nan NY jedi pase nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti
Nouvèl:
Rockefeller Vincent di se bon pye ki sove l nan Jakmèl pandan pòtpawòl ministè l la Daniel Jean di tout bagay byen pase nan Jakmèl; ki lès pou n ta kwè?
Jake Johnson nan CEPR ekri yon atik pou l di veye "entènasyonal" la k ap pale kont referanndòm pandan y ap fè kore Jovenel ak lajan ak sa yo rele asistans teknik; li montre diferans ant jan Jovenel fè sa l ap fè a ak pwosesis k ap fèt nan Chili pou pou chanje konstitisyon diktati Pinochet a
Putin voye yon anbasadè pou reprezante Larisi ann Ayiti
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke referanndòm bidon 27 jen an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 10 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
-jedi 24 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
Si l pa rive anile, manifestasyon dimanch 27 jen tout jounen devan Konsila Ayisyen an, 5am - 9pm
Liy ouvè ak oditè yo
-Dosye Kovid la nan Ayiti; Li ta parèt moun ki t ap chache rantre maladi sila a nan peyi a jwenn solisyon ak pwoblèm yo te genyen an
-Nan Etazini leta ak biznis prive ap fè tout mannèv pou fose moun pran vaksen pou Kovid; Dosye a nan tribinal; Moderna pa p fini tout tès pou FDA Meriken ta apowouve l anvan Oktòb 2022, epi Pfizer janvye 2023
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.