Episodes

Wednesday Sep 02, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 2 septanm 2020
Wednesday Sep 02, 2020
Wednesday Sep 02, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Fanmi KOMOKODA a rasanble pou n swete "Manman Baz" Jaqueline Salnave yon "Bòn Fèt"
Nou swete Angelique Nelson ki se responsab Radio Omega ki te fete anivèsè nesans li yè yon Bòn Fèt epi n swete sè nou Minouch Lambert k ap fete anivèsè nesans li jodi a yon "Bòn Fèt"
Ti koze ak konpatriyòt James Beltis ki se manm òganizasyon "Nou P ap Dòmi" sou dènye tranch rapò Petrocaribe a ki sòti epi sou san pèp Ayisyen an k ap koule tankou larivyè nan peyi a
Lapolis Nasyonal nan peyi D Ayiti anonse yo revoke pòtpawòl SPNH la Abelson Gros Negre
Jounal nan Florid anonse militan blan Meriken Jack Lieberman ki te toujou nan tout aksyon solidarite ak pèp Ayisyen an fè travèse li nan laj 70 lannen akoz konplikasyon kovid-19 lan
Liy ouvè ak oditè yo
Monseyè Pierre Andre Dumas nan Nip anonse gen yon minis Jovenel ki rele l pou ofri l nome yon anbasadè si l voye yon reprezantan legliz Katolik nan konsèy elektoral pwovizwa a; Mannigèt tribò babò pou konsèy elektoral la balanse
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.