Episodes

Wednesday Jan 20, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 20 janvye 2021
Wednesday Jan 20, 2021
Wednesday Jan 20, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Ti ranmase sou Donald Trump la ak administrasyon li an: Pou ki sa nou kwè se te yon asasen kriminèl, yon rasis, yon vòlè, yon koken menm jan ak tout lòt 44 prezidan Meriken ki vini anvan li yo
Refleksyon nou sou Joe Biden ak administrasyon li an: Ki sa k anonse; Espektak Hollywood monte nan Washington DC jodi a pou chache fè moun bliye dosye rasis Joe Biden ak dosye Kamala Harris; 17 dekrè Biden siyen yo osito li pran pouvwa jodi a
Anons manifestasyon KOMOKODA lanse pou samdi 6 fevriye, 1pm nan Flatbush ak Parkside pou n ede pèp la anndan peyi a dechouke Jovenel Moise
Liy ouvè ak oditè yo
Nou swete frè nou Deenps "Granbwa" Bazile k ap selebre anivèsè nesans li jodi a yon Bòn Fèt!
Nan dènye jou li opouvwa, Donald Trump siyen papye pou efase kondànasyon ak pinisyon 70 moun epi pou l redui pinisyon 73 lòt: Julian Assange, Edward Snowden, Leonard Peltier, Mumia Abu Jamal, ak Borgela Philistin pa t nan lis la
Lachin mete sanksyon sou 28 ansyen manm administrasyon Trump lan; Gwo kesyon sou 20 milyon dola kòb ki soti Lachin k al ateri nan Penn Biden Center epi 67 milyon dola ki soti Lachin k al ateri nan University of Pennsylvania
Moun ki idantifye tèt yo kòm antifachis manifeste ak anpil vyolans nan Portland epi nan Colorado pou di fòk chodyè a chavire isit Ozetazini epi yo pa rekonèt Joe Biden kòm prezidan yo
Nou jete dlo pou Patrice Lumumba; Semèn sa a fè 60 lannen depi Etazini te fè konplo ak Bèljik pou sasinen Vanyan an
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.