Episodes

Thursday Aug 22, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 21 out 2019
Thursday Aug 22, 2019
Thursday Aug 22, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Konbit pou mobilizasyon KOMOKODA ap fè jedi 22 out la devan ofis komite kanaval la 325 Rogers Ave (Kwen Montgomery Ave.) nan Bklyn nan olye n al devan Konsila a semèn sa a
Nou salye tout lòt fanmi ki kanpe epi k ap goumen pou bare lawout ak Martelly nan NY la
Nou jete dlo pou zansèt nou yo ki te limen boukan ki vin ba nou peyi nou 22 out 1791
Nou remèsye fanmi ki te prete nou liv "La Cérémonie du Bois Caiman" konpatriyòt J.B. Emmanuel Francius Julien ekri an 1991 ki bay yon vèsyon listwa evennman an epi pote agiman ki di seremoni fèt nan zòn ki rele Nan Kanpèch nan Lakil Dinò olye nan zòn ki pote non seremoni an
Nou ankouraje fanmi k panko fè sa pou yo siyen petisyon k nan web la pou bloke Martelly sou Eastern Parkway a
Nouvèl:
-Dènye nouvèl Venezyela: Negosyasyon anba tab ant Gouvènman Meriken an ak Gouvènman Venezyela a; Rankont 120 peyi nonnalinye yo ki kore Prezidan Maduro nan Caracas epi rankont peyi tchoul Meriken yo ki kore Guaido nan Lima, Perou
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Ziltik ak Kaykòs fè konnen soti 10 pou rive 12 out 2019 la yo kenbe 236 Ayisyen san papye ki t ap chache rantre lakay yo
Liy ouvè ak oditè yo
Konbit pou mobilizasyon KOMOKODA ap fè jedi 22 out la devan ofis komite kanaval la 325 Rogers Ave (Kwen Montgomery Ave.) nan Bklyn nan olye n al devan Konsila a semèn sa a
Lyen pou petisyon kont prezans Martelly nan Kanaval Eastern Parkway a:
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.