Episodes

Wednesday Dec 22, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 22 desanm 2021
Wednesday Dec 22, 2021
Wednesday Dec 22, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Plizyè manm KOMOKODA reyini nan telefòn nan pou n swete sè nou Julie Bazile ki te selebre anivèsè nesans li lendi a ak frè nou Fritzner Pierre k ap selebre pa l jodi a yon Bòn Fèt
Mobilizasyon pou manifestasyon kont lafanmi Clinton nan Chappaqua 12 janvye epi devan Bentley's Nightclub pou denonse Michel Martelly 14 janvye
Nouvèl:
-Moun Gonayiv lanse pinga pou Ariel Henry ki anonse l ap vin lakay yo pou selebre Premye Janvye
-Anpil fanmi viktim yo ak popilasyon vil Okap boude fineray nasyonal gouvènman restavèk la te fè yè madi a pou moun Okap ki te mouri boule nan eksplozyon kamyon gaz la
-Dènye nouvèl ki vin jwenn nou sou dosye kovid-19 la
-Gouvènman Biden nan bay Michel Sison gwo pwomosyon anndan Depatman Deta Meriken; Daniel Foote mande si se paske l te tèlman byen travay Ayiti ki fè Biden fè desizyon sila a
-Gen sektè nan opozisyon Ayisyen an ki di fò tout sa k asosye ak Jovenel Moise nan disparèt nan figi peyi a apre 7 fevriye 2022
-Plizyè òganizasyon nan dyaspora a ki pretann pale nan non dyaspora a anonse yon "Haiti Unity Summit" nan Baton Rouge, Lwizyàn pou fè tout akò yo fè yonn jan Kenneth Merten mande sa
-Peyi Meksik anonse nan 130,000 Ayisyen ki nan peyi yo aktyèlman gen 60,000 ki aplike pou stati legal
-Jodi a biwo nan Lameri NYC k ap jere dosye imigran anonse yo mete $1.5 misyon akote pou ede refijye Ayisyen yo k sot anba pon Del Rio a epi ateri nan vil NY la
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou liv li "The Black Skin is a Badge of Honor" ki fè soti
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon kont lafanmi Clinton nan Chappaqua 12 janvye epi devan Bentley's Nightclub pou denonse Michel Martelly 14 janvye
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.