Episodes

Wednesday Jul 22, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 22 jiyè 2020
Wednesday Jul 22, 2020
Wednesday Jul 22, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Jodi a se anivèsè ti sè nou Nathalie Pierre (Dr. Nathalie Frédéric Pierre), nou swete ti sè a Sante! Sante! Sante! ak Anpil Kè Kontan!
Demen ap fè 33 lannen depi grandon yo nan Nòdwès la te fè yonn ak Lame d Ayiti ak gwo chèf nan Legliz Katolik yo pou masakre 139 ti peyizan nan Janrabèl: Nou sonje yo, Nou jete dlo pou yo
Ti koze ak frè nou Frantz Andre ki se manm komite Solidarite Quebec-Haiti sou manifestasyon y ap fè madi 28 jiyè k ap vini an devan Konsila Meriken nan Montreal pou fè konnen nou pa bliye okipasyon 1915 lan epi rezistans Kako yo nan bounda yo pi rèd
Ti koze ak konpatriyòt Origene Louis ki se Koòdonatè Jeneral òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen sou aktivite k ap fèt pou make 33 lannen depi Masak Janrabèl la
Nouvèl:
-Enfòmasyon sou pwogram "Cooling Assistance Benefits" lavil New York la mete la pou ede grandèt ki nan bezwen jwenn yon aparèy "air conditioner" gratis
-Se semèn sa a kongrè Meriken an ta sipoze fè yon desizyon sou yon dezyèm "stimulus" pwogram pou ede popilasyon an jere difikilte ekonomik kowona a pote
-Majistra NY la Bill deBlasio voye lapolis kraze mouvman "Occupy City Hall" la maten an
-Gwo Moso Donald Trump di twòp san koule nan Chicago, li siyen papye pou voye lapolis federal al mete lòd nan dezòd
Liy ouvè ak oditè yo
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.