Episodes

Wednesday Nov 24, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 24 novanm 2021
Wednesday Nov 24, 2021
Wednesday Nov 24, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Konbit pou pelerinaj 52yèm Jounen Nasyonal Dèy nan solidarite ak fanmi endijèn yo demen 25 novanm nan
Nouvèl:
-Premye Minis blan an te mete a Ariel Henry anonse yon nouvo gouvènman alatèt peyi nou
-Tribinal nan Georgia kondane 3 blan pou sasinay Ahmaud Arbery
-Anpil moun pa fin konprann kidnaping 400 Mawozo ta fè sou blan yo
-Jounal Nouvelliste bay ansyen emisè Joe Biden Daniel Foote yon entèvyou kote l mete baton pou G9 ak Babekyou epi l voye Akò Montana a monte
-Manifestasyon nan Pòtoprens kont kidnaping ki kontinye ap vale teren
-Todd Robinson ki se reprezantan Depatman Deta ki t al fè evalyasyon kondisyon sekirite peyi a anonse Etazini deja voye yon seri zouti bay Lapolis Nasyonal la ki ta gen pou refèt nèt
-Nikaragwa anonse Kiben pa bezwen viza pou vini lakay li; Etazini rele anmwe, yo di se yon mannèv pou refijye Kiben al anvayi fwontyè Meksik ak Etazini
-Rezilta eleksyon Prezidansyèl nan Chili soti: 2 kandida, yon ladwat ak yon lagoch, prale nan dezyèm tou
-Pati Nicolas Maduro a (Pati Sosyalis Inifye) pote boure nan eleksyon lokal pou gouvènè ak majistra nan Venezyela
Liy ouvè ak oditè yo
Plis nouvèl:
-Majistra NY la Bill deBlasio mande pou Gouvènè NY la Kathy Hochul ta pran yon dekrè pou ekzije se moun ki pran vaksen sèlman ki gen dwa monte transpò piblik nan peyi a
Ti koze ak Mèt Mario Joseph, responsab nan Biwo Avoka Entènasyonal (BAI) sou sitiyasyon peyi a
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.