Episodes

Wednesday Nov 25, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 25 novanm 2020
Wednesday Nov 25, 2020
Wednesday Nov 25, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Jodi a fè 4 lannen depi Vanyan Fidel Castro fè travèse li; Nou koube n byen ba pou salye memwa li
Nou jete dlo pou pou foutbolè militan Diego Maradona ki fè travèse li jodi a
25 Novanm se Jounen Entènasyon pou Elimine Vyolans k ap fèt sou Fanm: Nou gade kote jounen an soti; Nou salye medam yo; Epi nou di gason k ap fè vyolans yo: Ase!
Ti koze ak frè nou Hilario Batista ki se responsab Depatman Kreyòl Radyo Laavàn peyi Kiba sou anivèsè lanmò Fidel la
Chanjman nan reyalite fanm nan mond lan pa p ka fèt ti kal ti kal; Fòk se yon revolisyon ki fèt
Nouvèl
-Malgre lese pase Trump bay yè pou Administrasyon Gouvènman Meriken an te koumanse kolabore ak ekip tranzisyon Biden nan, li te nan tribinal nan Pennsylvania pou chache ranvèse rezilta eleksyon an
-Nou salye Madam Cilamise Abellard, yon Ayisyèn k ap viv nan Rockland County nan NY la ki sot fete 108yèm anivèsè li
-Nou tou pwofite salye Madam Laurette Marie Mathieu ki se manman sè nou Mirlande ki genyen 100 lannen epi k ap travay pou 125
-Trump sot anonse li bay yon "pardon" pou efase kondanasyon General Michael Flynn
-Joe Biden anonse Trump ap kolabore ak ekip li an ak tout senserite
Liy ouvè ak oditè yo
-7,000 Juif sanble kou sadin nan sinagòg Satmar nan Williamsburg nan Brooklyn nan pou selebre maryaj pitit pitit Rabbi yo
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.