Episodes

Wednesday Feb 26, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 26 fevriye 2020
Wednesday Feb 26, 2020
Wednesday Feb 26, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Enpòtans pou dyaspora a kanpe ansanm ak pèp Ayisyen an anndan peyi a nan lit li
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nou ranmase nan dosye Corona Virus la: Konferans pou laprès Donald Trump nan Mezon Blanch lan; Dènye chif yo; Òganizasyon Mondyal Lasante fè konnen pi fò peyi nan mond la pa anmezi pou fè fas ak maladi sila a; Minis Lasante Repiblik Dominikèn anonse yo gen 27 moun yo sispèk ki ta genyen maladi a
-Jijman ap balanse nan vil Lond nan Angletè pou yo deside si y ap voye Julian Assange bay Meriken pou yo ta jije l pou 18 chèf akizasyon yo deklare kont li
-Jij nan pwosè zanmi Trump Roger Stone nan deside msye ta dwe pase 40 mwa nan prizon dèske l te bay Kongrè Meriken an manti nan dosye kontak li ak Wikileaks
-Prezidan Larisi a Vladimir Putin mande pèp Ris la fè pwopozisyon pou chanjman nan konstitisyon peyi yo; Yonn nan yo ta defann otorite leta gen byen nan peyi etranje
Nou salye sipòtè KOMOKODA Madam Jesula Picard ki pèdi papa l ki se Msye Dieujuste Picard
Plis nouvèl:
-Premye Minis Bahamas la Hubert Minnis deklare l ap fòme yon fòs polis espesyal pou pousuiv migran san papye nan peyi a
-Gouvènman Jovenel la deklare li poze sele sou byen epi li mete manda kont 10 Ayisyen li akize nan konplo koudeta, boule cha, kamyon, ak stand kanaval
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.