Episodes

Wednesday Jan 26, 2022
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 26 janvye 2022
Wednesday Jan 26, 2022
Wednesday Jan 26, 2022
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nouvèl:
-Koudeta nan Burkina Faso
-Lafrans ak bizawèl li yo pran nan cho nan Mali
-Etazini soti pou pike kriz paske Larisi ap chache pwoteje teritwa l
Fanmi KOMOKODA a rele pou salye Dahoud nan okazyon anivèsè nesans li
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Gad kot Meriken anonse yon jwenn yon batiman k koule tou pre Fort Pierce nan Florid ki te genyen 39 migran yo panko ka jwenn nan lanmè a
-Peyi Venezyela anonse li rive double pwodiksyon luil li ak gwo kout men peyi Iran ba li
-Nouvo prezidan peyi Chili a Gabriel Boric deklare Venezyela ak Nikaragwa se 2 peyi ki fè fayit; Anpil moun di jènòm nan Atansyon!
-Yon ekip Ti komik pami yo sa k rele tèt yo reprezantan dyaspora al monte konsèy elektoral pwovizwa ak Ariel Henry
-Ansyen senatè Moise Jean Charles bay plis detay sou sa k te pase li nan ayewopò Miami lendi a
-Gad kot Bahamas anonse yo kenbe yon batiman chaje ak 88 Ayisyen tou pre "Great Inagua"
-Jij nan lakou siprèm Meriken Stephen Breyer ki genyen 83 lannen anonse l ap retrete
-11 òganizasyon bidon ki rele tèt yo reprezantan dyaspora a chita ansanm ak Ariel Henry pou yo koupe gato blan an ba yo pataje a
Liy ouvè ak oditè yo
No comments yet. Be the first to say something!