Episodes

Wednesday May 26, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 26 me 2021
Wednesday May 26, 2021
Wednesday May 26, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan
Refleksyon nou sou manif KOMOKODA te fè samdi a devan otèl Hilton JFK nan Queens, NY pou n te bloke karavàn referanndòm PHTK a
Deklarasyon 4 out 2020 KOMOKODA a
Nouvèl:
-Gouvènman Guatemala ekstrade Luis Enrique Martinelli ki se pitit ansyen Prezidan Panama Ricardo Martinelli Ozetazini pou l jije pou dwèt long siperyè
-Avyon lagè peyi Belarus fòse yon avyon k t ap pase nan espas ayeryen yo ateri pou yo te ka arete yon endividi peyi sila a te gen pwoblèm ak li; Lewòp ak Etazini mande anraje; Jounalis Glenn Greenwald mande pouki yo fache pandan yo te fè Prezidan Bolivi Evo Morales menm bagay la an 2013 pou yo te fouye avyon li pou wè si Edward Snowden pa t ladan l
-Jodi a OEA deside l ap voye yon misyon 5 manm ann Ayiti pou mete opozisyon an ak Jovenel chita ansanm pou yo negosye; Te kwè se menm OEA sa a osèvis Etazini ki te mete Martelly epi apre sa yo mete Jovenel
-Yon gwo trajedi frape kontinan Afriken an: anviwon 175 fanmi ki soti nan peyi Niger peri nan yon nofraj pandan yo t al chache lavi
Liy ouvè ak oditè yo
Ti detay sou desizyon gouvènman Biden nan pran samdi pase a pou remete Ayiti nan lis peyi Etazini bay TPS
Nou bay lis peyi Ayisyen pa bezwen viza pou y al vizite
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.