Episodes

Wednesday Apr 28, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 28 avril 2021
Wednesday Apr 28, 2021
Wednesday Apr 28, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Jodi a, Radio Omega ap selebre 11yèm anivèsè nesans li: Nou swete radyo a, Direktris li, Angelique Nelson, ak tou ekip administrasyon an, fanmi radyo a yon Bòn Fèt!
Nou salye epi voye fòs pou frè nou Pedro Martin Vargas k ap travèse yon move pas ak kondisyon sante li
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste madi 4 me, 11am-2pm devan Konsila Lafrans nan NY la: 934 5yèm Avenue, ant 74yèm ak 75yèm Streets nan Manhattan
Ti koze sou sa nou vin rele "dèt endepandans" Lafrans te rale kouto pou Gouvènman Boyer a te siyen an
Deklarasyon pinga KOMOKODA pou tout kandida k apral nan eleksyon pike kole Meriken-PHTK ki ta vin frite nan zòn NY la
Apre desizyon tribinal pou kondane polisye Derek Chauvin pou sasinay George Floyd, lapolis Ozetazini kontinye touye Nwa ak Panyòl nan move kondisyon
Enpòtans pou tout moun k ap mache nan lari Etazini aprann sèvi ak videyo telefòn yo epi sèvi ak li nenpòt lè yo ta kwaze ak lapolis ki sèke yon moun nan kominite a; Se ka prezans nou, sitou ak kamera a, ki ka rive sove lavi moun sila a
Pou ki sa Ayisyen, sitou sa k Ozetazini yo, kontinye ap mande blan an pou l ede Ayiti, pou l fè plis pou retire peyi nou nan sa li ye a? èske Ayisyen sa yo konprann se mande n ap mande yo pou rantre grif yo pi fon nan zafè nou, pou yo oran kontwòl peyi nou?
Ekip Jovenel Moise la di tout bagay anplas pou referanndòm ak eleksyon lib, onèt, demokratik
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste madi 4 me, 11am-2pm devan Konsila Lafrans nan NY la: 934 5yèm Avenue, ant 74yèm ak 75yèm Streets nan Manhattan
Liy ouvè ak oditè yo
Gouvènman Federal Meriken an fè yon desantdelye lakay ansyen Majistra NY la Rudolph Giuliani ak manda pou yo fouye pou wè si y a jwenn dokiman ki montre kont maltaye ant msye ak Gouvènman peyi Ukraine
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.