Episodes

Thursday Aug 29, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 28 out 2019
Thursday Aug 29, 2019
Thursday Aug 29, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Nou jete dlo pou Vanyan Pè Jean Marie Vincent, jodi a fè 25 lannen depi asasen kriminèl te koupe souf li men yo pa t rive touye l pou sa
Ti ranmase sou aktivite fundraiser KOMOKODA te òganize dimanch lan ak ti frè nou Kebert Bastien pou n te ka jwenn mwayen mennen yon kanpay kòrèk kont Martelly, Jovenel, ak Nicolas Duvalier nou tande k ap pase nan kominote a nan jou k ap vini yo
Chalmay Peralt - Mizik Kebert te jwe nan aktivite a
Detripay - Mizik Belo te jwe nan aktivite a
Mobilizasyon pou kominote a pote kole ak Renouveau Democratique ki lanse yon manifestasyon 11am jedi devan Bayview Medical Care ki nan 2098 Rockaway Parkway nan Brooklyn nan epi 11am Vandredi maten devan Linden Medical Care ki nan 225-21 Linden Blvd. nan Cambria Heights, tou 2 se biznis Richard Urbain epi l sèvi ak yo pou l fè pwomosyon pou aktivite li ak Martelly
Liy ouvè ak oditè yo
Frè nou Raymond Dugué pote ti nouvèl ki soti nan Manman Lafrik
Nan entèvyou ak Valerio Saint Louis nan Tele Image Pè Gigit (Guetary Roche) ki se Atache Kiltirèl nan Konsila NY la, atache a anonse san pral koule nan Nouyòk la, menm yon gè sivil si pou Mateli pa ta jwe nan zòn nan ankò
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.