Episodes

Wednesday Apr 29, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 29 avril 2020
Wednesday Apr 29, 2020
Wednesday Apr 29, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Lapolis debake nan yon ponp finèb nan Brooklyn nan apre anpil moun nan katye a pote plent move sant epi yo jwenn kadav k ap pouri simaye toupatou menm nan kamyon ki pake nan lari a
Nouvèl
-Ti kouyon Jovenel Moise nome Dr. William Pape ak Dr Lauré Adrien alatèt komisyon ki ta dwe jere dosye kowona a nan peyi a
-Vòlè yo di y apral distribiye 44 milyon dola vèt bay popilasyon an nan sa k ap tonbe pou kowona a
-Minis Afè Etranjè Meriken Pompeo sote ponpe li mande pou peyi k zanmi Etazini pa kite avyon Iranyen travèse pote konkou bay Venezyela epi pou yo refize kout men doktè Kiben yo
-Nou lonje dwèt sou biznis nan New York la ki fè pati antrepriz Church of Bible Understanding ki t ap jere òfelina Kenskòf kote yon pil timoun mouri nan dife 13 fevriye a
-2,500 juif pran lari Williamsburg nan Brooklyn pou yo nan lantèman yon chèf legliz yo malgre lavil New York entèdi tout rasanbleman
-Polisye nan gwoup Phantom-509 yo atake biwo ministè ekonomi ak finans tire epi mete dife nan 3 machin nan lakou a pou yo egzije plis kòb pou travay yo
-Travayè anbilans kraze yon espas ki te ranje pou viktim kowona pou pwoteste lefèt yo pa touche depi prèske 4 lannen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.