Episodes

Wednesday Mar 03, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 3 mas 2021
Wednesday Mar 03, 2021
Wednesday Mar 03, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou salye sè nou Chimene k ap selebre anivèsè nesans li jodi a
Ti refleksyon diplis sou koze zòn franch nan Savàn Djàn pou pwodui estevya pou Coca Cola pandan rapò ap soti pou di jiska 4 milyon Ayisyen nan peyi a pa jwenn ase manje pou yo manje
Ti koze ak konpatriyòl Rosnel Jean-Baptiste, ansyen Kowòdonatè òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen sou dosye Savàn Dyàn nan epi sou pozisyon sektè Peyizan an sou konjonkti peyi a twouve li ladan l jodi a
Tribinal Federal nan Raleigh, North Carolina kondane Sèjan Marin Meriken Jacques Duroseau ki fèt Ayiti pou l pase 5 lannen nan prizon. Msye t al Ayiti ak gwo zam ak entansyon pou l te jete Gòuvènman Jovenel Moise la
Liy ouvè ak oditè yo
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.