Episodes

Wednesday Jun 30, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 30 jen 2021
Wednesday Jun 30, 2021
Wednesday Jun 30, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Mobilizasyon pou konferans pou laprès KOMOKODA ap fè jedi Premye jiyè devan Bentley's Nightclub, 1370 Ralph Avenue nan Brooklyn nan pou anpeche asasen, vòlè yo rele Michel Martelly a vin ouvè kò l pandan l ap lave lajan Petrocaribe a ak dola senkant nou an nan kominote a
Nou pase mesaj Prezidan Aristide ki lopital nan Kiba mete deyò nan okazyon travèse manman li, Madam Solange Pierre Louis Aristide
Nou pase deklarasyon KOMOKODA te mete deyò 4 out 2020 pou voye yon pinga bay tout kandida k ap pare pou y al nan eleksyon ak PHTK
Nouvèl:
-Vandredi k sot pase a frè nou Raymond Dugué ak Students Improvement Association te fè yon konferans pou laprès devan katye jeneral Depatman Edikasyon pou denonse kondisyon lekòl leta yo nan District 29 nan Queens lan
-Gwo tèt chaje: Biwo Eleksyon Lavil NY nan difikilte pou bay rezilta nan eleksyon Rank Choice Voting yo lavil 22 jen yo
Ti koze ak konpatriyòt Pierre Wilton Destiné ki se yon responsab nan òganizasyon ODISMA (Òganizasyon Devlopman Entegre Sen Michèl Latalay) epi nan Kolektif Jistis Min (KJM)
Nouvèl:
-Otorite peyi Turks ak Caicos fè konnen Jedi pase yo jwenn yon batiman ak 20 Ayisyen k mouri ladan l epi nan landemen Vandredi yo jwenn yon lòt ak 43 Ayisyen yo pral voye tounen Ayiti
-Yon nuit rèd pou Pòtoprens: Omwen 25 kadav ki fizye ak bal
-Depite Demokrat nan Kongrè Meriken an ki di y ap defann pèp Ayisyen an mande yon pase men pou "restore kredibilite" Konsèy Elektoral Jovenel Moise la
-Ansyen Minis Defans Meriken, asasen Donald Rumsfeld fè travèse li nan laj 88 lannen
-Lakou Siprèm Pennsylvania deside ranvèse kondanasyon Bill Cosby te jwenn an 2018 pou kadejak; Yo voye l lakay li
Liy ouvè ak oditè yo
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.