Episodes

Thursday Oct 31, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 30 oktòb 2019
Thursday Oct 31, 2019
Thursday Oct 31, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Nou jete dlo pou Vanyan Chalmay Peralt, demen Vandredi 31 oktòb la ap fè 100 lannen depi blan Meriken sakrifye l
Ti koze ak frè nou Jean Mathulnes Lamy sou mobilizasyon an lakay epi sa l ap viv nan kominote a pa bò isit
Ti koze ann Angle ak militan Venezyelyen William Camacaro sou sitiyasyon peyi Venezyela epi sou leve kanpe kont divès gouvènman restavèk Meriken yo atravè Amerik Latin nan
Refleksyon nou sou Lavwadlamerik, bwat pwopagann zwazo bèk fè ki lage yon "entèvyou" ak yon reprezantan Depatman Deta ki sanble tèt koupe ak "entèvyou" bwat fatra Radio Tele Metropole te fè ak Ti kouyon an
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.