Episodes

Wednesday Aug 04, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 4 out 2021
Wednesday Aug 04, 2021
Wednesday Aug 04, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Anons
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou manifestasyon k ap fèt Otawa nan Kanada Vandredi pou denonse enjerans peyi sila a anndan "Core Gwoup" la
Ti koze ak frè nou Matias Dandor sou prizonye politik yo, sasinay apatrid Jovenel Moise la, ak reyalite peyi a apre sasinay sa a
Yè madi 3 out 2021 an te fè 24 lannen depi asasen te koupe souf Pè Ti Jan Pyè Lwi men yo pa rive efase l nan memwa pèp Ayisyen an
Nouvèl:
-Anpil anpil politisyen Demokrat nan NY la ak nan nivo Federal ap egziji pou Gouvènè Cuomo demisyone apre piblikasyon rapò komisyon endepandan an ki di wi, se vre li te fè agresyon seksyèl sou plizyè fanm ki t ap travay ak li
-Chif moun nan eta Florid ki lopital ak kovid-19 la miltipliye 10 fwa sa l te ye nan mwa jen an; Majistra NY la dekrete fò w gen paspò vaksen kovid pou w ka al chita manje nan restoran; Bri ap kouri FDA ap apwouve vaksen Pfizer a anvan "Labor Day" (Premye lendi mwa septanm nan); Gouvènman restavèk Blan te mete lakay apre sasinay Jovenel Moise la nan enkyetid akoz 500 mil dòz vaksen Meriken te voye nan mwa jen yo ap ekspire nan mwa Novanm
-Gwo dife nan estasyon otobis "Transporteur" nan Gonayiv boule 7 bis
-Gouvènman kroupyon an di yo deja gen 119 pati politik ki enskri pou eleksyon; Y ap mache tèt dwat pou eleksyon 26 septanm k ap vini an
-Mèsenè Kolonbyen yo denonse kondisyon yo kenbe yo nan prizon Ayiti epi yo sèmante se nan yon pyèj yo pran yo paske se pa yo k touye mesye a
-Devlopman nan ankèt k ap fèt sou sasinay ti vòlè k te rele Jovenel Moise la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.