Episodes

Wednesday Feb 05, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 5 fevriye 2020
Wednesday Feb 05, 2020
Wednesday Feb 05, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
2 ti mo salitasyon frè nou Fritzner Pierre
Pale anpil la fini: Sena Meriken an vote pou deklare Donald Trump inosan nan dosye k soti nan Chanm Depite a; Demokrat kanpe ak Demokrat epi Repibliken kanpe ak Repibliken
Nou fè oditè yo sonje se devan Konsila Ayiti nan Manhattan nan KOMOKODA ap manifeste 3-6pm demen jedi 6 fevriye a
Goumen manke pete nan diskou State of the Nation Donald Trump lan yè swa: Trump refize bay Pelosi lanmen epi Pelosi limenm chire kopi diskou Trump lan
Refleksyon nou sou fim dokimantè Olivier Berruyer sou wòl Joe Biden kòm Vis Prezidan Meriken nan revokasyon ofisyèl peyi Ikrèn ki t ap envestige sou konpayi pitit li t ap travay pou li an epi ranplasman li ak yon ansyen minis ki te nan prizon pou koripsyon; Nou pase pati nan dokimantè a ki gen vwa Biden ak vwa Barack Obama
-Reyaksyon Dr. Eugene Gu, yon medsen ki fè remake pandan se 500 moun ki mouri nan Corona virus la depi premye anons lan se 1.1 milyon moun sigarèt touye epi maladi flu limenm touye 107,000 moun
-Krikèt k ap ravaje plant nan zòn nò kontinan Afriken an; Nasyonzini di gen yon menas pou grangou pete fyèl ta retounen nan zòn nan
Rapò ekspè Nasyonzini nan koze maspinay sou dosye Julian Assange lan ki se ansyen responsab Wikkileaks
7 fevriye!
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.