Episodes

Wednesday Oct 06, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 6 oktòb 2021
Wednesday Oct 06, 2021
Wednesday Oct 06, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza
Ti koze ak responsab òganizasyon SAKS (Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal), konpatriyòt Osny Agenor ki nan zòn NY la
Nouvèl:
-Alatèt DHS (Depatman Homeland Security) a rate randevou l te bay kongrè Meriken an pou l pote rapò sou sa k te pase ak Ayisyen yo anba pon an
-Responsab Tribinal Entè-Amrikèn Dwa Moun nan OEA ak Rapòtè Nasyonzini ki responsab koze dwa moun denonse fason Etazini te trete fanmi nou yo anba pon an
-Apre rankont ak emisè Meriken yo, yon gwoup polisyen nan peyi nou deklare y ap travay ansanm pou yo bwase tout akò yo k sou teren an pou yo soti ak yon sèl jan blan an mande sa
-Yon gwoup jèn nan Pòtoprens deklare "Akò Lari a" sou Channmas
-Martine Moise retounen nan peyi a epi l te parèt devan jij Gary Orelien ki chita sou dosye Jovenel Moise la jodi a
-Etan Etazini mete tchoul restavèk li Ariel Henry alatèt peyi nou, reprezantan yo nan LONI Linda Thomas Greenfield mande pou tout Ayisyen met tan ansanm nan enterè peyi a epi fè eleksyon plop plop
-Lapolis nan peyi Chili di yo arete 9 moun ki t ap vòlè, achte, epi vann timoun Ayisyen
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza
Liy ouvè ak oditè yo
Pòtpawòl Mezon Blanch Karine Jean Pierre, yon pitit Ayisyen, deklare se pou refijye k nan wout yo rete kote yo ye a paske Gouvènman Biden nan ap kontinye pimpe yo Ayiti atravè aplikasyon rasis "Title 42" a
Liy ouvè ak oditè yo
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.