Episodes

Wednesday Sep 01, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi Premye septanm 2021
Wednesday Sep 01, 2021
Wednesday Sep 01, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou voye Bòn Fèt pou:
-Yasmina Andre (Sè Dahoud)
-Angelique Nelson (Direktris Radio Omega)
-Minouche Lambert (militan nan kominote a)
-Jacqueline Salnave (Manman Baz)
Anpil move tan nan lari New York aswè a; Se sa k rete nan siklòn Ida a k ap frape nou bò isit la; Leta mete pinga pou moun ki pa gen bezwen serye pa pran lari
Yon lòt fwa ankò n ap voye fòs, kouraj, ak lanmou pou sè nou Veronica Nickey ki pèdi pitit gason l Therone Brue, ki te gen 33 zan nan kovid la; KOMOKODA te patisipe nan memoryal sè a te òganize nan Brooklyn nan pou sonje jenòm nan
Nou aprann politisyen ti komik Jerry Tardieu te vin fè kanpay nan zòn nan dimanch lan; Se te priyote pou KOMOKODA te kanpe ak sè nou kidonk nou di bann aryenafè sa yo nou prete yo randevou a men nou pa fè yo kado li
Nou pase pwezi Moriso "Aba tout kandida" epi nou pase deklarasyon 4 out 2020 KOMOKODA a
Refleksyon nou sou pyès teyat k ap jwe sou do viktim Goudougoudou 14 out la yo; leson nou ta dwe ranmase nan eksperyans 12 janvye 2010 la
Komisyon sou komisyon k ap chache solisyon pa m pi bon pou soti nan "kriz" la
Liy ouvè ak oditè yo
Nou jete dlo pou Monseyè Guy Sansariq ki fè travèse li; Lantèman an ap chante demen jedi a
Yon atik sou lit Taliban yo yon konbatan Taliban ki rele Mullah Muhamad Rasol pataje ki esplike sa k fè yo rive bat Meriken yo
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.