Episodes

Wednesday Jul 01, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi Premye jiyè 2020
Wednesday Jul 01, 2020
Wednesday Jul 01, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Refleksyon nou sou jan manifestasyon ki te konn ap mande pou apatrid asasen vòlè yo mare pakèt yo jodi a ap pote revandikasyon ba yo
Ranmase sou rapò RNDDH mete deyò sou masak ki fèt nan katye popilè yo soti 23 pou rive 27 me 2020 an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jun 25, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 24 jen 2020
Thursday Jun 25, 2020
Thursday Jun 25, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Refleksyon nou sou nouvèl ki tonbe pou fè konnen Meriken depoze ansyen alatèt FRAPH la Emmanuel "Toto" Constant Ayiti yè
Nou pase son temwanyaj viktim Masak Raboto yo nan yon repòtaj Radio Haiti Inter te fè nan mwa avril 1995, yon lannen apre masak la
Liy ouvè ak oditè yo
Ti koze sou dosye yon jèn gason Meriken depòte nan menm avyon ak Toto Constant an ki sèmante defen manman l te Ayisyen men li pa Ayisyen, se Ozetazini li fèt

Wednesday Jun 17, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 17 jen 2020
Wednesday Jun 17, 2020
Wednesday Jun 17, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Jou liberasyon peyi nou pa lwen
Enpòtans pou mobilizasyon yo kontinye nan tout kwen Etazini ak mond lan pou reyalite moun nwa toupatou chanje
Nouvèl:
-Ti komik lakay yo pran yon nouvo dekrè pou mete amand sou tout moun lapolis ta kanpe apre 16 oktòb 2020 epi yo pa ta genyen kat dèmalòg yo nan bounda pòch yo
-Olye se vèb eleksyon k ap konjige Ozetazini se ta pito pawòl dechoukaj k ap pale nan lari a
-Lese frape ant sòlda Lachin ak sòlda peyi End nan liy fwontyè 2 peyi sa yo; Gen lanmò gen blese
-Kore Dinò fèmen pòt ak fenèt dyalòg ak Kore Disid paske yo di se tan pèdi pou chita negosye ak tchoul restavèk
-Nan mitan mobilizasyon kont sasinay George Floyd, lapolis nan Atlanta sasinen Rayshard Brooks
-Gwo Moso siyen yon dekrè tèt chat sou dosye maspinay lapolis la san l pa konnen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jun 10, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 10 jen 2020
Wednesday Jun 10, 2020
Wednesday Jun 10, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Plizyè milyon moun nan tout 50 eta nan Etazini yo epi nan yon pakèt peyi nan mond lan pran beton an pou rele aba sistèm rasis k ap taye banda Ozetazini an epi tout lòt kote nan mond lan
KOMOKODA ankouraje oditè yo kenbe beton an cho tout kote yo ye pou n ateri yon lòt mond kote tout moun se moun
Ti koze sou modèl chanjman ki te fèt nan lapolis nan vil Camden nan eta New Jersey Ozetazini
Gwo pwoblèm ak chif kowona ki pa fè okenn sans ti komik yo ap pibliye pou Ayiti
Kiba di li pre jou pou l deklare laviktwa sou kowona a
Ti koze ak sè nou Ana Maria Belique lapolis nan Repiblik Dominikèn te arete yè nan manifestasyon nan Santo Domingo kote limenm ak lòt militan t ap konekte sistèm rasis Ozetazini an ak sa yomenm y ap viv nan peyi sila a
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jun 03, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 3 jen 2020
Wednesday Jun 03, 2020
Wednesday Jun 03, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Ti koze ak frè nou Ernst Severe ki se yon responsab nan Sant Kiltirèl Granchimen sou frè nou Ernest Janus ki fè travèse li maten an
Ti koze ann Angle ak sè nou, militan Meriken Nwa Veronica Nickey sou patisipasyon l nan manifestasyon pou jistis pou George Floyd
Ti ranmase sou koze nou ak Veronica
Nouvèl:
-Kokenn vyolans nan Site Solèy
-Ti komik yo soti pou fè nou konprann se kouyon Jovenel k ap mennen OEA ak CORE gwoup olye se ti tchoul yo li ye
-Gwo Moso di se pa kache l t al kache anba besment Mezon Blanch, se yon enspeksyon l t al fè pandan yon ti kal tan tou piti piti
-Ti klarifikasyon sou kouvrefe majistra lavil New York lan dekrete 8pm-5am chak swa jiska dimanch 7 jen
Anons
Vwa frè nou Ernest Janus epi chante Sant Kiltirèl Granchimen: Joumou pa donnen kalbas nan selebrasyon lavi Kamarad Weber ak lòt militan ki tonbe nan kominote a ki te fèt 15 desanm 2007 nan Brooklyn nan.

Wednesday May 27, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 27 me 2020
Wednesday May 27, 2020
Wednesday May 27, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Ti klarifikasyon sou dekrè Gouvènè New York la Andrew Cuomo ki entèdi tout rasanbleman jiska nouvèlòd; Yon òganizasyon avoka asiyen Gouvènè a dèske li ta vle pèmèt yon kategori gwoup limite rankontre pandan l kontinye ap bloke lòt gwoup
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué ki se yon responsab nan enstitisyon FACA-ROC k ap selebre twazyèm anivèsè yo jodi a
Ti koze ak frè nou militan Ayisyen nan Montréal Frantz André sou sitiyasyon fanmi nou yo ki pa gen papye nan Canada
Nouvèl:
-Yon lòt fwa ankò ti vòlè blan an mete opouvwa lakay nou yo lage gwoup san manman al tire rache bloule Ayisyen nan katye popilè yo
-Reprezantan Meriken nan Nasyonzini an Kelly Craft bloke yon pwopozisyon rezolisyon Larisi ak Lachin pou kondane tantativ atak teworis mèsenè sou Venezyela a
-Bravo pou Iran ak sipò Lachin ak Larisi ki pote gazolin pou ede pèp Venezyelyen an
-Gouvènè Cuomo siyen dekrè pou anpeche fanmi moun ki mouri nan "nursing home" pandan sezon kovid-19 la asiyen biznis sila yo pou neglijans
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday May 20, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 20 me 2020
Wednesday May 20, 2020
Wednesday May 20, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou gwo jounen jodi a ki make 215yèm anivèsè Konstitisyon 1805 lan
Nou ankouraje fanmi yo kontinye pran tout prekosyon parapò ak Kovid-19 lan
Nouvèl:
-Lapolis atake manifestasyon ki te fèt Pòtoprens lendi 18 me a epi arete plizyè militan
-Ti komik Jovenel Moise mete levit patriyòt li sou do l menm jan tchoul restavèk Sudre Dartiguenave te fè sa yon lòt epòk pou l fete drapo
-Menm lapolis k ap bay pèp la gaz lakrimojèn pou patwon li se li ki te mande pèp la ede yo defann revandikasyon yo
-Popilasyon nan zòn Karyès boule kay arebò lanmè plizyè gran nèg nan zòn nan
-Prezidan Palestinyen an anonse li pasyans li bout epi li vire do bay tout akò li te siyen ak Etazini ak Izrayèl
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday May 13, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 13 me 2020
Wednesday May 13, 2020
Wednesday May 13, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Refleksyon nou sou pale anpil k ap fèt nan peyi a ak nan dyaspora a sou koze Premye Minis Defakto Ti komik Joseph Jouthe ki di Ayiti pa ekziste ni sou papye ni nan reyalite
Jodi a fè 35 lannen depi lapolis lavil Philadelphia te lage yon bonb sou kay fanmi MOVE ki te lakòz 11 moun mouri epi 65 kay moun Nwa boule. Nou sonje yo epi nou jete dlo pou yo.
Ti koze ann Angle ak aktivis Anthony Beckford sou efè kowonaviris la nan mitan kominote Nwa ak Panyòl nan New York la epi Ozetazini an jeneral
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday May 06, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 6 me 2020
Wednesday May 06, 2020
Wednesday May 06, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Vòlè yo panko menm koumanse distribisyon 3000 goud kowonaviris yo pwomèt pou bay 1 milyon 500 mil Ayisyen an epi eskandal pete
Nou ankouraje fanmi an kontinye pran prekosyon nan lari a paske kowona a kontinye ap touye moun nan lari a epi pou yo pa dekouraje men ajiste yo ak nouvo reyalite a
Ti koze ak trezorye KOMOKODA a Fritz Beauté kowona a bare lakay
Ti koze ak sè nou Mirlande Paillere, yon lòt manm KOMOKODA kowona a bare lakay
Gouvènman Meriken an anonse asasen kriminèl Emmanuel "Toto" Constant nan lis Ayisyen y ap depòte mennen Ayiti lendi 11 me k ap vini an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Apr 29, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 29 avril 2020
Wednesday Apr 29, 2020
Wednesday Apr 29, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Lapolis debake nan yon ponp finèb nan Brooklyn nan apre anpil moun nan katye a pote plent move sant epi yo jwenn kadav k ap pouri simaye toupatou menm nan kamyon ki pake nan lari a
Nouvèl
-Ti kouyon Jovenel Moise nome Dr. William Pape ak Dr Lauré Adrien alatèt komisyon ki ta dwe jere dosye kowona a nan peyi a
-Vòlè yo di y apral distribiye 44 milyon dola vèt bay popilasyon an nan sa k ap tonbe pou kowona a
-Minis Afè Etranjè Meriken Pompeo sote ponpe li mande pou peyi k zanmi Etazini pa kite avyon Iranyen travèse pote konkou bay Venezyela epi pou yo refize kout men doktè Kiben yo
-Nou lonje dwèt sou biznis nan New York la ki fè pati antrepriz Church of Bible Understanding ki t ap jere òfelina Kenskòf kote yon pil timoun mouri nan dife 13 fevriye a
-2,500 juif pran lari Williamsburg nan Brooklyn pou yo nan lantèman yon chèf legliz yo malgre lavil New York entèdi tout rasanbleman
-Polisye nan gwoup Phantom-509 yo atake biwo ministè ekonomi ak finans tire epi mete dife nan 3 machin nan lakou a pou yo egzije plis kòb pou travay yo
-Travayè anbilans kraze yon espas ki te ranje pou viktim kowona pou pwoteste lefèt yo pa touche depi prèske 4 lannen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons