Episodes

Wednesday Apr 22, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 22 avril 2020
Wednesday Apr 22, 2020
Wednesday Apr 22, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Nou jete dlo pou Sò Àn ki fè travèse li
KOMOKODA kontinye kenbe labanyè Aba Ti Tchoul Jovenel! Aba PHTK!
Ala tristès pou n ap gade moun ki t ap mande demisyon Jovenel, ki t ap mande jijman Petrocaribe ki jodi a ap rele vòlè a sonnekselans epi pote revandikasyon bay PHTK epi y ap mande pèp la pou suiv konsiy otorite yo
Ti koze ak avoka Marcel Denis sou dosye dola senkant lan ki nan tribinal federal Etazini nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Etazini pete koken apre yon vòt Asanble Jeneral Nasyonzini deside nenpòt lè epi nenpòt kote yon vaksen ta tonbe pou kowonaviris la fò l ta pataje egalego alawonnbadè nan tout peyi
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Apr 15, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 15 avril 2020
Wednesday Apr 15, 2020
Wednesday Apr 15, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Omaj pou frè nou Konpatriyòt Larousse Magnant, manm KOMOKODA ki fè travèse li madi 7 avril 2020: Divès manm KOMOKODA pran lapawòl pou salye memwa Vanyan an
Trèt apatrid pran kowonaviris la sèvi yo dra pou yo pase alofansiv: Tantativ sasinay sou Matyas Dandor; Tantativ sasinay sou Louko Desir; Piyaj nan Sitadèl la; Dife nan legliz Wa Henri Christophe la nan Milo; Difo lakay fanmi Konpatriyòt Moise Jean-Charles; Dife lakay Patrick Delatour nan Milo
Reyalite kowonaviris la nan zòn NY la
$1,200 Coronaviris la koumanse ateri nan kanè bank kèk moun Ozetazini
Nou jete dlo pou Wawa (Jacques Fortere) ak Pè Pierre Desrameau ki fè travèse yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Apr 08, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 8 avril 2020
Wednesday Apr 08, 2020
Wednesday Apr 08, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Kouraj pou tout fanmi nan kominote a epi tout kote yo ye Covid-19 la pote lanmò nan papòt yo; Trump atake alatèt Òganizasyon Mondyal Lasante ki mande kolaborasyon gwo peyi lasyans yo pou konbat Covid-19 la
Ti koze (an Angle) ak militan Kanadyen Alison Bodine sou sipò peyi Kiba pote pou mond lan nan kalamite Covid-19 la
Ti koze (an Angle) ak Depite Eta New York Charles Barron sou nòt pou laprès limenm ak madanm li Konseye Vil New York Inez Barron mete deyò pou lonje dwèt sou fason se plis Nwa ak Panyòl k ap pèdi lavi yo Ozetazini nan kalamite Covid-19 la
Pwezi Georges Castera - Lè w ri
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou chif Covid-19 yo
Nouvèl:
-Tantativ sasinay sou konpatriyòt Matyas Dandor nan Santo Domingo
-Bernie Sanders anonse l ap kanpe kanpay li pou l ta vin kandida Pati Demokrat la pou l ta al twoke kòn ak Donald Trump; joe Biden rete sèl kòk chante
-Otorite lavil New York yo anonse yo pral ajoute moun ki mouri lakay yo ak sentòm Covid-19 nan lis viktim Covid-19 yo
-Prezidan Venezyela a Nicolas Maduro ekri yon lèt toulouvri bay pèp Meriken an pou l di yo pou yo tire zòrèy gouvènman yo
-Ayè Madi a Etazini depòte 68 Ayisyen voye yo tounen nan peyi Dayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Apr 01, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi Premye avril 2020
Wednesday Apr 01, 2020
Wednesday Apr 01, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Bemòl sou chif Coronaviris yo k ap grenpe wotè syèl la
Ti koze ak konpatriyòt Roland Saint Ristil, animatè emisyon Fanmi Lavalas nan Radio Soleil nan NY ki pale ak nou sou eksperyans li fèk fè ak maladi Covid-19 la
Etazini deside revoke ti tchoul yo Guaido kòm fo prezidan Venezyela epi yo ofri Prezidan Maduro pou yo retire sanksyon yo k ap toupizi peyi li si l dakò fè yon gouvènman tèt ansanm ak Guaido
Liy ouvè ak oditè yo
Larisi voye yon avyon ak materyèl medikal pou fè Etazini kado
Anons

Wednesday Mar 25, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 25 mas 2020
Wednesday Mar 25, 2020
Wednesday Mar 25, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Ti refleksyon sou kote dosye Covid-19 (Coronavrius) la ye jodi a nan mond lan epi nan vil NY la; Travayè lasante Ozetazini blije ap fè tout kalite mannèv pou pwoteje tèt yo paske manke gan, mask, pwoteksyon pou zye yo, ak rad apwopriye
Mobilizasyon KOMOKODA nan Manhattan yo kanpe jiskaske leta peyi a relouvri sikilasyon nòmal nan peyi a
Nou remèsye frè nou Pedro pou sipò li voye pou KOMOKODA
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué k ap gade plan 2 trilyon dola Gouvènman Meriken an ap pwopoze pou jouke ekonomi peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons: Mobilizasyon KOMOKODA nan Manhattan yo kanpe jiskaske leta peyi a relouvri sikilasyon nòmal nan peyi a

Wednesday Mar 18, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 18 mas 2020
Wednesday Mar 18, 2020
Wednesday Mar 18, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Dènye chif sou Covid-19 (Coronavrius) yo; konparezon ant sa k pase Lachin ak sa k ap pase kounyè a nan Itali
Ti ranmase sou rapò Lachin fèk pibliye sou sitiyasyon dwa moun k ap viv Ozetazini
Entèvyou ak Dr. Marjorie Dugué sou Covid-19 la nan kominote nou an: prekosyon pou n pran; sentòm yo; ki lè pou n al teste; ki kote? sa k ap pase apre tès la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Mar 11, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 11 mas 2020
Wednesday Mar 11, 2020
Wednesday Mar 11, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Dènye koze nou ranmase nan dosye Covid-19 (Coronavirus) la
Nouvèl:
-Malgre presyon pou l nay legen Bernie Sanders deklare li la nan kanpay lan pi rèd
-Zam ap chante nan Afghanistan men Meriken koumanse retire sòlda li epi malgre l te sèmante l pa t ap fè sa Gouvènman sousou a siyen papye liberasyon 1,500 prizonye Taliban
-Tribinal nan NY kondane kadejakè Harvey Weinstein pou l pase 23 lannen nan prizon
-Mèsenè Meriken met dife nan depo ki kenbe materyèl eleksyon nan peyi Venezyela
-Moun yo pa rive idantifye tire 15 ròkèt sou yon baz militè Meriken nan Irak: 2 sòlda Meriken ak yon sòlda Angletè vè vwèl pou peyi san chapo
Apre gwo deklarasyon gwo ponyèt Lucmane Delile kote l anonse l "gen grenn epi l gen brenn", msye al kache anba tab lè gwoup polisye Fantòm 509 yo pase rann li yon ti vizit
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan

Wednesday Mar 04, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 4 mas 2020
Wednesday Mar 04, 2020
Wednesday Mar 04, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud: Madichon pou tout Ayisyen san kolonn vètebral yo k ap tann tchoul restavèk Jovenel jere dosye Covid-19 (Corona Virus) lan
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Nou salye memwa konpatriyòt Ronald "Aboudja" Derenoncourt epi tou sè nou Claudine Saintal ki fè travèsè yo; Nou pase yon refleksyon Claudine te fè nan lannen pase yo sou 8 mas, Jounen Entènasyonal Fanm nan
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki vin jwenn nou
Refleksyon nou sou vijil ki fèt apremidi a nan memwa Matthew Felix, neve frè nou Pierre Augustin, lapolis touye nan Queens lan madi pase
Nouvèl:
-Dènye koze nou ranmase nan dosye Covid-19 la
-Etazini bat bravo pou nouvo gouvènman Jovenel la, yo di se sa yo t ap tann pou yo rapousib bwasaj yo ak restavèk PHTK yo
-Ak sipò tout gwo bwa Pati Demokrat la yo Joe Biden rive depase Bernie Sanders nan kanpay pou pwochen prezidan Etazini an
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan

Wednesday Feb 26, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 26 fevriye 2020
Wednesday Feb 26, 2020
Wednesday Feb 26, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Enpòtans pou dyaspora a kanpe ansanm ak pèp Ayisyen an anndan peyi a nan lit li
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nou ranmase nan dosye Corona Virus la: Konferans pou laprès Donald Trump nan Mezon Blanch lan; Dènye chif yo; Òganizasyon Mondyal Lasante fè konnen pi fò peyi nan mond la pa anmezi pou fè fas ak maladi sila a; Minis Lasante Repiblik Dominikèn anonse yo gen 27 moun yo sispèk ki ta genyen maladi a
-Jijman ap balanse nan vil Lond nan Angletè pou yo deside si y ap voye Julian Assange bay Meriken pou yo ta jije l pou 18 chèf akizasyon yo deklare kont li
-Jij nan pwosè zanmi Trump Roger Stone nan deside msye ta dwe pase 40 mwa nan prizon dèske l te bay Kongrè Meriken an manti nan dosye kontak li ak Wikileaks
-Prezidan Larisi a Vladimir Putin mande pèp Ris la fè pwopozisyon pou chanjman nan konstitisyon peyi yo; Yonn nan yo ta defann otorite leta gen byen nan peyi etranje
Nou salye sipòtè KOMOKODA Madam Jesula Picard ki pèdi papa l ki se Msye Dieujuste Picard
Plis nouvèl:
-Premye Minis Bahamas la Hubert Minnis deklare l ap fòme yon fòs polis espesyal pou pousuiv migran san papye nan peyi a
-Gouvènman Jovenel la deklare li poze sele sou byen epi li mete manda kont 10 Ayisyen li akize nan konplo koudeta, boule cha, kamyon, ak stand kanaval
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Feb 19, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 19 fevriye 2020
Wednesday Feb 19, 2020
Wednesday Feb 19, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Peyi a cho! Pèp la ak yon bon pati nan lapolis la di pa p gen kanaval ane sa a
Nou salye sè nou Igèt Dejan ki pèdi frè jimo li Alix Dejan; Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou lòt sè yo Nancie, Nicole, Lise Marie, ak Therese
Ti koze ak sè nou Fabienne Lozis (Manzè Choublak) sou mobilizasyon k ap fèt nan Kanada nan okazyon rankont Gwoup Lima a k ap fèt demen jedi a ak vandredi nan peyi sa a
Ti koze ak militan Venezyelyen William Camacaro sou sitiyasyon pèp Venezyela a jodi a
Nou pase ti moso nan mesaj frè nou Matyas Dandor lage nan medya sosyal yo pou motive pèp la nan lit li
Liy ouvè ak oditè yo