Episodes

Wednesday Feb 12, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 12 fevriye 2020
Wednesday Feb 12, 2020
Wednesday Feb 12, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Nou salye sè nou Igèt Dejan ki pèdi frè jimo li Alix Dejan; Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou lòt sè yo Nancie, Nicole, Lise Marie, ak Therese
Yon lòt fwa ankò n ap swete konbatan Vicere Bòn Fèt; Bòn fèt Pastè Milau, Raymonde Amedée, epi Georgette ki Granrivyè
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Kouraj pou fanmi Palestinyen yo ak fanmi Venezyela ki nan gwo konba anfas zwazo bèk fè a jodi a; KOMOKODA kanpe ansanm ak yo
Nou pase ti moso nan mesaj Polisye Yannick Joseph restavèk yo revoke pou tèt l ap mennen konba pou yon sendika anndan PNH la
Ti koze ak frè nou Jean Matulnes Lamy ki limenm tou te yon polisye ki te kanpe anfas rejim restavèk Tèt Kale a
Nouvèl:
-Dimanch 16 fevriye a chawony nan ap Amadeus nan Flushing nan Queens lan; balon an nan pye kominote a
-Gouvènman peyi Philippine nan di ase ak akò "Visiting Forces Agreement" ki t ap domestike lame peyi yo
-Chak jou k ap pase Etazini ap ogmante chif sòlda yo ki te pran gwo frap nan atak Iran te fè sou baz militè yo nan Irak
-Enspektè Jeneral Meriken ki envestige sou sa yo rele rekonstriksyon Irak la di anpil manti Gouvènman k pase yo bay kongrè Meriken an gwo manti sou moun ki mouri ak depans ki fèt nan gagòt sila a
Liy ouvè ak oditè yo
-4 komisè gouvènman Meriken an demisyone apre Depatman Lajistis pase sou tèt yo pou retire rekòmandasyon prizon yo te fè kont Roger Stone ki se bon zanmi Donald Trump
-Li ta parèt se lajan k pral twoke kòn ak lajan nan final eleksyon pou pwochen prezidan Meriken an kidonk se jwèt la ap vire lanvè pou se ta Mike Bloomber ki prale anfas Donald Trump
Anons

Wednesday Feb 05, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 5 fevriye 2020
Wednesday Feb 05, 2020
Wednesday Feb 05, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
2 ti mo salitasyon frè nou Fritzner Pierre
Pale anpil la fini: Sena Meriken an vote pou deklare Donald Trump inosan nan dosye k soti nan Chanm Depite a; Demokrat kanpe ak Demokrat epi Repibliken kanpe ak Repibliken
Nou fè oditè yo sonje se devan Konsila Ayiti nan Manhattan nan KOMOKODA ap manifeste 3-6pm demen jedi 6 fevriye a
Goumen manke pete nan diskou State of the Nation Donald Trump lan yè swa: Trump refize bay Pelosi lanmen epi Pelosi limenm chire kopi diskou Trump lan
Refleksyon nou sou fim dokimantè Olivier Berruyer sou wòl Joe Biden kòm Vis Prezidan Meriken nan revokasyon ofisyèl peyi Ikrèn ki t ap envestige sou konpayi pitit li t ap travay pou li an epi ranplasman li ak yon ansyen minis ki te nan prizon pou koripsyon; Nou pase pati nan dokimantè a ki gen vwa Biden ak vwa Barack Obama
-Reyaksyon Dr. Eugene Gu, yon medsen ki fè remake pandan se 500 moun ki mouri nan Corona virus la depi premye anons lan se 1.1 milyon moun sigarèt touye epi maladi flu limenm touye 107,000 moun
-Krikèt k ap ravaje plant nan zòn nò kontinan Afriken an; Nasyonzini di gen yon menas pou grangou pete fyèl ta retounen nan zòn nan
Rapò ekspè Nasyonzini nan koze maspinay sou dosye Julian Assange lan ki se ansyen responsab Wikkileaks
7 fevriye!
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue

Wednesday Jan 29, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 29 janvye 2020
Wednesday Jan 29, 2020
Wednesday Jan 29, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Nouvèl
-Otorite nan peyi Bahamas yo anonse yo jwenn yon lòt kadav Ayisyen nan nofraj 13 janvye a; 52 Ayisyen ta peri nan lanmè nan nofraf yon lòt batiman ki te kite Tigwav nan wikenn nan pou l t al Kiraso
-Nòt pou laprès responsab Legliz Katolik yo ki fè konnen yo gen benediksyon Lepap pou yo bay espas lokal yo pou negosyasyon Meriken, Nasyonzini, OEA, Jovenel Moise ak opozisyon an
2 ti mo salitasyon Fritzner
Nouvèl:
-Gouvènman Trump la bay konsil Meriken yo otorite pou yo refize viza bay fanm ansent yo sispèk k ap vin akouche Ozetazini
-Trump ak Netanyahu anonse yon nouvo akò lapè ak Palestinyen yo san yo pa mete Palestinyen yo chita sou tab negosyasyon an
-Jounal Washington Post deside retire sispansyon l te mete sou jounalis Felicia Sonmèz ki te mete yon twit ki lonje dwèt sou dosye kadejak Kobe Bryant
-Kokenn trannbelmanntè 7.7 frape nan lanmè ant Kiba, Cayman Islands, ak Jamayik
-Dewoulman eleksyon pou laprezidans Meriken an
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan

Wednesday Jan 22, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 22 janvye 2020
Wednesday Jan 22, 2020
Wednesday Jan 22, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Salitasyon espesyal pou fanmi nou yo nan Radyo Atlantik
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Ti restavèk Rodneyse Bichotte pran grad; Jumaane Williams retire chapo l pou salye manmzèl; KOMOKODA di grad pou vann li vann kominote a se plis madichon sa mande
Jovenel Moise revoke woule m 2 bò Claudy Gassant apre ti kras plis ke yon mwa nan djòb la
Ki jan nou wè koze jijman Donald Trump k ap pale nan Washington nan
Nouvèl:
-Endividi yo pa rive idantifye rive sasinen yon kòmandan Iranyen Abdolhossein Mojaddami nan yon anbiskad devan pòt lakay li
-Kandida pou prezidan Etazini Tulsi Gabard anonse l ap asiyen Hillary Clinton pou $50 milyon pou manti li fè pou chache sal karaktè manmzèl epi afekte chans li pou l ta genyen eleksyon an
-Nan kad pinisyon Etazini deside mete sou gouvènman peyi Iran an ak moun k ap sipòte l konpayi medya sosyal yo Facebook, Twitter, Istagram efase plizyè endividi ak gwoup yo santi ki pwòch ak Iran
-KPlim konprann li ka pase lit pèp Ayisyen an nan betiz
-"Coronavirus" la kontinye ap bay gwo traka nan peyi Lachin epi sa rive lakòz gouvènman atravè mond lan ap pran prekosyon pou pwoteje popilasyon yo
Liy ouvè ak oditè yo
-Hillary Clinton atake Bernie Sanders pou chache bloke kanpay li a nan wout
-Gouvènman Bolsonaro a nan Brezil ap chache fèmen bouch jounalis Glen Greenwald
-Se nan mwa Janvye a la tribinal nan Angletè ap koumanse pwosè pou konnen si y ap voye Julian Assange bay Etazini
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan

Wednesday Jan 15, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 15 janvye 2020
Wednesday Jan 15, 2020
Wednesday Jan 15, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Rapò manif KOMOKODA devan Misyon Etazini nan LONI jedi pase epi rapò manif dimanch la devan Fondasyon Clinton
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Refleksyon nou sou Goudougoudou a atravè repòtaj Ayibopost yo:
-Nou pase son refleksyon Claude Préptit sou 10 an apre 12 janvye a
-Nou pase analiz sikològ Jacqueline Baussan sou sante mantal nou apre 12 janvye a
Ti koze ak frè nou Matyas Dandor sou sitiyasyon mobilizasyon an jodi a epi sou manda arestasyon ki genyen kont li ak lòt manm òganizasyon Jenès Men Pwòp la
Liy ouvè ak oditè yo
Nou fini emisyon an ak refleksyon Marcus Garcia sou sitiyasyon laprès nan peyi a 10 an apre Goudougoudou a

Wednesday Jan 08, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 8 janvye 2020
Wednesday Jan 08, 2020
Wednesday Jan 08, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Enpòtans mobilizasyon KOMOKODA a; Enpòtans pou kominote a pote kole
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Dimanch 12 janvye, Midi pou 3pm: Manifestasyon devan Fondasyon Clinton nan Manhattan
1633 Brodway, ant 50th ak 51st Streets
Nouvèl:
-Alatèt OEA a vizite Ayiti lendi a pou l al kore Ti Komik Jovenel; Ap genyen eleksyon anndan OEA nan mwa mas la
-Gouvènman ti komik la anonse kanaval Okap soti 23 pou rive 25 fevriye
-Tranblemanntè 6.4 frape Pòtoriko
-Iran tire yon dizèn misil sou yon baz militè Meriken nan Irak; Bagay yo panko klè
Refleksyon nou sou anivèsè 10 lannen Goudougoudou a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jan 01, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi Premye janvye 2020
Wednesday Jan 01, 2020
Wednesday Jan 01, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Jodi a peyi nou gen 216 rekòt kafe: Bòn fèt Endepandans epi Bòn ane pou tout manm KOMOKODA yo, tout oditè yo
Nou li tradiksyon Kreyòl Deklarasyon Endepandans peyi nou
Mèsi Papa Desalin - Tèks ak Vwa Moriso Lewa
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Dec 25, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 25 desanm 2019
Wednesday Dec 25, 2019
Wednesday Dec 25, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Jodi a se dènye emisyon KOMOKODA pou ane 2019 la; Ti ranmase sou travay KOMOKODA pou ane a
Ti koze ak frè nou Mathulnes Lamy sou batiman Ilavach ki koule epi sou lit fanmi yo nan Konbit Peyizan Ilavach (KOPI) ap mennen pou yo jwenn jistis kont krim Michel Martelly ak Laurent Lamothe PHTK fè sou zile a
Refleksyon nou sou rapò ki soti sou kadejak sòlda MINISTA yo fè nan peyi nou kote yo idantifye 265 timoun yo kite; Nou pase ti moso nan yon entèvyou sè nou Ezilidantò te fè sou dosye sila a an 2015 epi vwa Michelle Montas nan wòl pòtpawòl Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ban Ki-moon k ap defann Nasyonzini sou dosye kadejak sa a
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Anons gaye nan NY la pou fè konnen Mateli ap vin jwe bal samdi 28 desanm nan Temple Am Echad nan Lynbrook, Long Island; Nou ankouraje oditè yo rele responsab Sinagòg la Rabbi Sandra Bellush nan 516-593-4004 pou di l ki ès Mateli ye epi fè l konnen depi bal la ap fèt n ap vin manifeste

Wednesday Dec 18, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 18 desanm 2019
Wednesday Dec 18, 2019
Wednesday Dec 18, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Anons gaye nan NY la pou fè konnen Mateli ap vin jwe bal samdi 28 desanm nan Temple Am Echad nan Lynbrook, Long Island; Nou ankouraje oditè yo rele responsab lokal la Rabbi Sandra Bellush nan 516-593-4004 pou di l ki ès Mateli ye
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Ti koze ak konpatriyòt Matyas Dandor sou mannigèt lènmi an pou fè kwè mobilizasyon an kanpe kòmkwa tout revandikasyon pèp la disparèt menm lè reyalite peyi a pa chanje
Nouvèl:
-Majorite Chanm depite Meriken an vote pou "impeach" Donald Trump ki vle di yo aksepte pou voye msye al jije nan Chanm Sena a pou 2 akizasyon yo pote kont li yo
-Apre cha blende Taiwan te voye pandan "Peyi Lòk" la pou kore Jovenel, kounyè a yo anonse y ap voye 20 mil tòn diri pou kalma kòlè pèp la
-Yè madi 17 desanm nan òganizasyon RNDDH pibliye yon rapò sou masak leta peyi a ak asasen k ap travay pou li al fè nan Bèlè
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Koukouwouj pou bloke bal Mateli nan NY la 28 desanm k ap vini an: Nou ankouraje oditè yo rele responsab lokal la Rabbi Sandra Bellush nan 516-593-4004 pou di l ki ès Mateli ye

Wednesday Dec 11, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 11 desanm 2019
Wednesday Dec 11, 2019
Wednesday Dec 11, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Sans lit KOMOKODA ap mennen an; Enpòtans pou tout moun mete men
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou sitiyasyon peyi nou ap viv jodi a
Nouvèl:
-Gouvènman Trump lan pwopoze yon bidjè k ap retire manje nan bouch 750,000 moun ki nan bezwen manje Ozetazini pandan y ap ajoute 22 milya dola nan kòb pou zam
-Lidèchip pati Demokrat Ozetazini yo anonse 2 chèf dakizasyon nan pwosesis "impeachment" lan pou yo ta rive revoke Donald Trump
-Nouvèl nan dosye lekòl pou timoun nwa ak panyòl nan kominote Midwood nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan