Episodes

Wednesday Dec 04, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 4 desanm 2019
Wednesday Dec 04, 2019
Wednesday Dec 04, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Ti koze ak frè nou Matyas Dandor sou mobilizasyon k ap fèt lakay
Ti koze an Angle ak Dr. Zulema Blair ki nan Medgar Evers Center for Law and Social Justice sou aktivite y ap fè demen pou edike kominote a sou resansman k ap fèt Ozetazini nan lannen 2020 an
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI demen 3pm:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan

Wednesday Nov 27, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 27 novanm 2019
Wednesday Nov 27, 2019
Wednesday Nov 27, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA pa p manifeste devan konsila Ayiti nan New York la demen; Nou pral fè solidarite ak fanmi endijèn yo k ap make Jounen Nasyonal Dèy la nan Plymouth, MA nan plas fèt "Thanksgiving" nan
Donald "Gwo Moso" Trump di menm jan Meriken pa pèdi batay Christmas la yo pa p pèdi Thanksgiving
Nou li yon moso nan deklarasyon UAINE (United American Indians of New England) ki bay verite sou selebrasyon "Thanksgiving" nan
Nouvèl:
-Otorite nan peyi Lafrans louvri yon ankèt sou sasinay 2 franse yo ki pèdi lavi yo Ayiti dimanch lan
-FMI di twòp dilatwa fòk yon gouvènman monte prese prese nan peyi d Ayiti pou konpa yo a ka mache
Jedi pwochen k ap 5 desanm, 3pm-6pm n ap manifeste devan biwo Kelly Craft ki reprezante Etazini nan LONI ki t al Ayiti semèn pwochèn nan - Kwen 45th Street ak 1st Avenue nan Manhattan
Tribinal nan Bahamas kondane 4 Ayisyen ki debake nan peyi yo ak fo papye: Jij la di seswa yo chak peye 3 mil dola vèt oswa yo pase 9 mwa nan prizon
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Nov 20, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 20 novanm 2019
Wednesday Nov 20, 2019
Wednesday Nov 20, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
Konbit pelerinaj pou kominote a monte Plymouth, Massachussetts jedi 28 novanm, jou "Thanksgiving" nan pou n al pote solidarite n ak endijèn yo ki make li kòm "Jounen Nasyonal Dèy"
Ti koze ak atis militan Matyas Dandor (Jean Toussaint Frantz) sou travay l ap fè sou beton an pou kapote rejim tèt kale a ak tout sistèm pouri a
Ti koze ak frè nou Frantz Andre ki se manm nan Solidarite Quebec-Haiti sou inisyativ yo te lanse ki reyisi fè mobilizasyon nan divès pwen nan dyaspora Ayisyen an; Nou pase entèvyou Frantz te fè ak frè nou Jafrikayiti nan manifestasyon Montreal la
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue

Wednesday Nov 13, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 13 novanm 2019
Wednesday Nov 13, 2019
Wednesday Nov 13, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Jodi 13 novanm 2019 la fè yon lannen depi asasen PHTK yo te fè yon masak kote yo touye plis pase 70 malere nan Lasalin; Nou sonje fanmi nou yo; Nou jete dlo pou yo
Mobilizasyon pou manifestasyon nan Flatbush ak Parkside nan Brooklyn nan 3pm dimanch 17 novanm la
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Ti koze ak frè nou Frantz Andre, responsab nan Solidarite Quebec-Haiti sou mobilizasyon k ap fèt atravè dyaspora Ayisyen an semèn sa a nan okazyon 216yèm anivèsè Batay Vètyè a
Ti koze ak Alain Zephyr ki se responsab nan Renouvo Demokratik epi ak Ernest Banatte (Mèt Bano) ki se responsab nan Kolektif 7 jiyè sou tèt kole yo fè ansanm ak KOMOKODA pou manifestasyon dimanch 17 novanm nan Brooklyn nan
Dènye nouvèl ki tonbe sou koudeta ki fè nan Bolivi pandan wikenn nan
Yon lannen apre masak Lasalin nan non Jimmy Cherisier alyas Babekyou akize prensipal nan masak sa a resite ankò nan masak ki fèt semèn pase nan Bèlè
Anons

Wednesday Nov 06, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 6 novanm 2019
Wednesday Nov 06, 2019
Wednesday Nov 06, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Yon lòt fwa ankò kominote Juif nan 45yèm district nan Brooklyn nan bay Farah Louis yon viktwa nan eleksyon k fèt jodi a
Ti koze ak sè nou Altagracia Jean Joseph nan Repiblik Dominikèn sou konpatriyòt Eddy Joseph, yon jèn gason 19 lannen yo jwenn pann nan yon pye bwa nan Montellano nan Puerto Plata nan lannuit 30 oktòb 2019
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Ti koze ak konpatriyòt Yvon nan Baz 47 nan Dèlma ki pale ak nou sou represyon y ap sibi epi sou detèminasyon yo pou yo reziste
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Oct 31, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 30 oktòb 2019
Thursday Oct 31, 2019
Thursday Oct 31, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Nou jete dlo pou Vanyan Chalmay Peralt, demen Vandredi 31 oktòb la ap fè 100 lannen depi blan Meriken sakrifye l
Ti koze ak frè nou Jean Mathulnes Lamy sou mobilizasyon an lakay epi sa l ap viv nan kominote a pa bò isit
Ti koze ann Angle ak militan Venezyelyen William Camacaro sou sitiyasyon peyi Venezyela epi sou leve kanpe kont divès gouvènman restavèk Meriken yo atravè Amerik Latin nan
Refleksyon nou sou Lavwadlamerik, bwat pwopagann zwazo bèk fè ki lage yon "entèvyou" ak yon reprezantan Depatman Deta ki sanble tèt koupe ak "entèvyou" bwat fatra Radio Tele Metropole te fè ak Ti kouyon an
Anons

Thursday Oct 24, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 23 oktòb 2019
Thursday Oct 24, 2019
Thursday Oct 24, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Ti koze ak frè nou Kebert Bastien sou travay KATAN (Kolektif Atis Angaje) epi sou pwojè travay atis pent yo ak non viktim rejim PHTK a nan Kafou Rezistans
Ti koze ak Mackenson Jean epi ak Junie Salomon ki se 2 nan etidyan yo ki tanmen yon grèv grangou anndan lekòl dwa nan Pòtoprens pou voye Jovenel ale
Refleksyon nou sou rezilta eleksyon ki fèt dimanch lan nan Bolivi epi batay endijèn yo pou yo kenbe pouvwa Prezidan Evo Morales la ki rive elimine grangou, rive fè tout moun nan peyi a konn li ak ekri nan 13 lannen ki sot pase yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Oct 17, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 16 oktòb 2019
Thursday Oct 17, 2019
Thursday Oct 17, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Nou lavèy 213yèm anivèsè sasinay Papa Desalin, emisyon KOMOKODA jete dlo pou Vanyan an
Nou pase pwezi "Mèsi Papa Desalin" ki se travay Moriso Lewa
Liy ouvè ak oditè yo sou sasinay Lanperè
Nou salye kouraj pèp Ayisyen an anndan peyi a k ap goumen pou liberasyon li; Ayibobo pou fanmi yo san yo koule nan chimen liberasyon an
Lantèman plizyè militan ki tonbe chante jodi a
Nou salye kouraj 15 etidyan yo ki antame yon grèv grangou depi dimanch nan lekòl dwa Pòtoprens
Yon polisye palè nasyonal tonbe anba bal nan Delma 59
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue

Thursday Oct 10, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 9 oktòb 2019
Thursday Oct 10, 2019
Thursday Oct 10, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Jodi a fè 52 lannen jou pou jou depi Meriken ak ti restavèk li yo nan lame peyi Bolivi te sasinen Vanyan Ernesto "Che" Guevara. Nan emisyon sila a, nou sonje Vanyan an epi nou jete dlo pou li
Mizik "Hasta Siempre" ki fèt pou rann omaj ak Che - Entèpretasyon Nathalie Cardone
Ti koze ak konpatriyòt Antoine Leon ki Okay sou jan vil sila a ap viv mobilizasyon pou kapote rejim PHTK a
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Liy ouvè ak oditè yo
Nou pase ti moso nan diskou Che te fè kòm reprezantan Kiba nan Nasyonzini 11 desanm 1964
Anons

Thursday Oct 03, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 2 oktòb 2019
Thursday Oct 03, 2019
Thursday Oct 03, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Rapò sou manifestasyon KOMOKODA fè yè devan aktivite Hillary ak Chelsea Clinton nan Kings Theater nan Brooklyn nan:
https://www.youtube.com/watch?v=AvhR4LhMl5c&feature=youtu.be
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Ti koze ak frè nou Frantz Andre ak sè nou Marie Dimanche ki se 2 militan nan kominote Ayisyen an nan òganizasyon "Solidarite Quebec-Haiti" nan Montreal k ap denonse Gouvènman Kanadyen an pou wòl li jwe nan CORE Group la k ap kore Jovenel
-https://montrealgazette.com/news/local-news/trudeaus-electoral-office-in-montreal-occupied-by-protesters
-http://www.loophaiti.com/content/irruption-au-local-electoral-de-trudeau-une-protestataire-arretee
Liy ouvè ak oditè yo