Episodes

Thursday Sep 26, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 25 septanm 2019
Thursday Sep 26, 2019
Thursday Sep 26, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 10am-6pm:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Konbit pou Operasyon Bare Edmond "Bullshit" Bocchit ak Martine "Dermalog" Moise nan Nouyòk
Nouvèl:
-Prezidan Maduro nan Larisi pandan Donald Trump reyini bann restavèk li yo ki vin nan 74yèm asanble LONI an pou monte konplo sou do Venezyela
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Sep 19, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 18 septanm 2019
Thursday Sep 19, 2019
Thursday Sep 19, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Konbit pou Operasyon Bare Jovenel nan Nouyòk
Ti koze ak frè nou Mèt Paul Maurice Francois pou n ankouraje kominote a konprann dyaspora a gen wòl li pou l jwe nan batay k ap fèt lakay la
Nouvèl:
-Federasyon Siklis nan Karayib la deside anile konpetisyon yo ki te pral fèt an Ayiti soti 25 pou rive 27 oktòb ane sa a
-Nou ankouraje oditè yo bay konkou yo jan yo kapab pou ede sè ak frè nou yo ki viktim siklòn Dorian nan Bahamas
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
-Nou envite fanmi an vin fete 261yèm anivèsè nesans Vanyan Janjak Desalin ak nou 7pm, Vandredi 20 septanm nan lokal Flanbwayan an, 208 Parkside Avenue

Wednesday Sep 11, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 11 septanm 2019
Wednesday Sep 11, 2019
Wednesday Sep 11, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Nou jete dlo pou viktim 11 septanm 1973 yo; 11 septanm 1988 yo; Antoine Izmery, 11 septanm 1993
Enpòtans pou moun ki gen nen nan figi yo toujou kanpe anfas fòs fè nwa yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Nou ankouraje kominote a pou bare Jovenel Moise tout kote l pase nan zòn NY la si pèp la pa gen tan dechouke l anvan rankont Nasyonzini yo semèn pwochèn
Nou mande kominote a rele Majistra Union New Jersey a, Michele Delisfort, yon pitit Ayisyen ki envite Jovenel pou resevwa l pandan l nan zòn nan. Nimewo Majistra a se 908-851-8500
Nouvèl:
-Gouvènman Trump la bloke inisyativ pou yo ta mennen reskape siklòn Dorian yo soti Bahamas vin jwenn sekou nan Miami
-Laprès nan peyi nou rapòte Jovenel ta voye $20,000 kòm èd pou Ayisyen k viktim Dorian nan Bahamas yo
-Jounal "The Tribune" nan Bahamas rapòte jan Hank Johnson, yon lejislatè Bahamas vekse Ayisyen ki t ap plenyen sò yo bay jounalis epi fason Dorval Darlier ki se pi wo responsab nan Anbasad Ayiti nan Bahamas la ap di moun yo mouri poul yo epi l al achte yon bwat poul fri "Kentucky Fried Chicken" ak yon boutèy 2 lit Pepsi pote pou konsole moun yo
Liy ouvè ak oditè yo
Popilasyon lakay anvayi chanm sena a pou bloke pasaj premye minis Jovenel pwopoze a
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue

Thursday Sep 05, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 4 septanm 2019
Thursday Sep 05, 2019
Thursday Sep 05, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Nou swete "Manman Baz" Jacqueline Salnave, manm KOMOKODA, ki te selebre anivèsè nesans li yè madi a yon Bòn Fèt
Liy ouvè pou manm KOMOKODA yo ka salye Jacqueline
Ti koze ak reprezante 2 lòt òganizasyon nan zòn Nouyòk la ki te mobilize ansanm ak KOMOKODA pou n te kwape Martelly pandan wikenn "Labor Day" a
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Nouvèl:
-Ti vòlè nan chanm depite lawont la montre tout moun ki yès yo ye
-Restavèk nan Ministè Afè Etranjè yo anonse yon ankèt koripsyon kont Konsil NY la Thomas Gandy
-Siklòn Dorian frape Bahamas fò men li parèt se fanmi n yo nan zòn Abaco ki nan peyi sila a ki pi frape; Laprès nan Bahamas anonse gen lese frape ant Ayisyen nan Abaco ak Lapolis Bahamas
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Aug 29, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 28 out 2019
Thursday Aug 29, 2019
Thursday Aug 29, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Nou jete dlo pou Vanyan Pè Jean Marie Vincent, jodi a fè 25 lannen depi asasen kriminèl te koupe souf li men yo pa t rive touye l pou sa
Ti ranmase sou aktivite fundraiser KOMOKODA te òganize dimanch lan ak ti frè nou Kebert Bastien pou n te ka jwenn mwayen mennen yon kanpay kòrèk kont Martelly, Jovenel, ak Nicolas Duvalier nou tande k ap pase nan kominote a nan jou k ap vini yo
Chalmay Peralt - Mizik Kebert te jwe nan aktivite a
Detripay - Mizik Belo te jwe nan aktivite a
Mobilizasyon pou kominote a pote kole ak Renouveau Democratique ki lanse yon manifestasyon 11am jedi devan Bayview Medical Care ki nan 2098 Rockaway Parkway nan Brooklyn nan epi 11am Vandredi maten devan Linden Medical Care ki nan 225-21 Linden Blvd. nan Cambria Heights, tou 2 se biznis Richard Urbain epi l sèvi ak yo pou l fè pwomosyon pou aktivite li ak Martelly
Liy ouvè ak oditè yo
Frè nou Raymond Dugué pote ti nouvèl ki soti nan Manman Lafrik
Nan entèvyou ak Valerio Saint Louis nan Tele Image Pè Gigit (Guetary Roche) ki se Atache Kiltirèl nan Konsila NY la, atache a anonse san pral koule nan Nouyòk la, menm yon gè sivil si pou Mateli pa ta jwe nan zòn nan ankò

Thursday Aug 22, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 21 out 2019
Thursday Aug 22, 2019
Thursday Aug 22, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Konbit pou mobilizasyon KOMOKODA ap fè jedi 22 out la devan ofis komite kanaval la 325 Rogers Ave (Kwen Montgomery Ave.) nan Bklyn nan olye n al devan Konsila a semèn sa a
Nou salye tout lòt fanmi ki kanpe epi k ap goumen pou bare lawout ak Martelly nan NY la
Nou jete dlo pou zansèt nou yo ki te limen boukan ki vin ba nou peyi nou 22 out 1791
Nou remèsye fanmi ki te prete nou liv "La Cérémonie du Bois Caiman" konpatriyòt J.B. Emmanuel Francius Julien ekri an 1991 ki bay yon vèsyon listwa evennman an epi pote agiman ki di seremoni fèt nan zòn ki rele Nan Kanpèch nan Lakil Dinò olye nan zòn ki pote non seremoni an
Nou ankouraje fanmi k panko fè sa pou yo siyen petisyon k nan web la pou bloke Martelly sou Eastern Parkway a
Nouvèl:
-Dènye nouvèl Venezyela: Negosyasyon anba tab ant Gouvènman Meriken an ak Gouvènman Venezyela a; Rankont 120 peyi nonnalinye yo ki kore Prezidan Maduro nan Caracas epi rankont peyi tchoul Meriken yo ki kore Guaido nan Lima, Perou
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Ziltik ak Kaykòs fè konnen soti 10 pou rive 12 out 2019 la yo kenbe 236 Ayisyen san papye ki t ap chache rantre lakay yo
Liy ouvè ak oditè yo
Konbit pou mobilizasyon KOMOKODA ap fè jedi 22 out la devan ofis komite kanaval la 325 Rogers Ave (Kwen Montgomery Ave.) nan Bklyn nan olye n al devan Konsila a semèn sa a
Lyen pou petisyon kont prezans Martelly nan Kanaval Eastern Parkway a:

Thursday Aug 15, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 14 out 2019
Thursday Aug 15, 2019
Thursday Aug 15, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Nou jete dlo pou zansèt yo nan okazyon 228yèm anivèsè Seremoni Bwa Kayiman an
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi ak zanmi frè nou Hervey Coty ki fè travèse li
Mobilizasyon pou petisyon KOMOKODA ak dòt òganizasyon mete nan nèt la pou bloke Martelly sou Parkway a ane sa a ak tout lòt kote li chache parèt tèt li
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Nouvèl:
-Dosye TPS la te diskite nan 9th Circuit Court of Appeals nan Kalifòni jodi a
-American Airlines kontinye diminye vòl li k ap rantre Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Aug 08, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 7 out 2019
Thursday Aug 08, 2019
Thursday Aug 08, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Nou swete frè nou Larousse Magnant, manm KOMOKODA, k ap fete 87yèm anivèsè nesans li jodi a yon Bòn Fèt
Liy ouvè pou manm KOMOKODA yo ka salye konpatriyòt Larousse
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Nouvèl:
-Ti refleksyon sou kèk faktè ki lakòz anyen serye pa p fasil soti nan deba k ap fèt nan Chanm Depite pou mete do Jovenel Moise atè; Seyans Palman Popilè ki fèt sou Channmas la deside revoke Jovenel Moise
-Nouvèl nan negosyasyon ant Gouvènman Maduro a ak opozisyon Venezyela a; Etazini lakòz responsab Panama Canal yo bloke yon batiman ki t ap pote manje Venezyela
Anons Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen pou fanmi ki gen TPS epi ki gen pwoblèm pou renouvle pèmi kondui yo isit Ozetazini
Frè nou Raymond Dugué pote ti nouvèl ki soti nan Manman Lafrik
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Aug 01, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 31 jiyè 2019
Thursday Aug 01, 2019
Thursday Aug 01, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Nouvèl
-Dokiman odyo ki tonbe ak vwa ansyen prezidan Meriken Ronald Reagan k ap rele moun nwa makak ki panko fin abitye ak soulye nan pye nou
-Responsab Gouvènman Ayisyen yo ta debake nan peyi Bahamas pou al mennen yon ankèt sou akizasyon koripsyon anndan Anbasad Ayiti nan peyi sila a
-Soukous dosye Arnel la riske jete Senatè Gracia Delva
Frè nou Raymond Dugué pote ti nouvèl ki soti nan Manman Lafrik epi l envite kominote a nan Festival UNIA ak FACA ROC ap òganize nan Rosedale, Queens lan dimanch 4 out pou selebre lavi ak travay Marcus Garvey
Liy ouvè ak oditè yo: Ki moun ki branche?
Ti koze sou gwo manifestasyon ki tanmen nan koloni Hong Kong
Anons

Thursday Jul 25, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 24 jiyè 2019
Thursday Jul 25, 2019
Thursday Jul 25, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Pèp Pòtoriken an anndan kou deyò peyi yo leve kanpe pou voye alatèt peyi a Gouvènè Ricardo Rossello ale
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Ti koze ak frè nou Rosnel Jean-Baptiste ki se Koòdonatè Nasyonal òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen nan okazyon 32yèm anivèsè masak Jean Rabèl la
Nou salye sè nou Yolande Pierre-Antoine ki nan stidyo a ak nou
Frè nou Raymond Dugué pote ti nouvèl ki soti nan Manman Lafrik
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue