Episodes

Thursday Feb 28, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 27 fevriye 2019
Thursday Feb 28, 2019
Thursday Feb 28, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Pou ki sa KOMOKODA fè 3 lannen ap denonse Jovenel Moise epi anvan sa nou t ap denonse Michel Martelly
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm-6pm; N ap make 15 lannen depi koudeta 29 fevriye 2004 la
Nouvèl:
-Jovenel Moise voye Bocchit Edmond ak Herve Denis al sipliye blan an pou diri bon mache pou wè si sa ka kalme manifestan yo k nan bounda l
-Goumen manke pete nan Konsèy Sekirite LONI ant Larisi ak Etazini sou dosye Venezyela a
-Premye Minis Ralph Gonzalves nan St Vincent mande pou tribinal entènasyonal pousuiv Meriken pou krim kont limanite sou dosye Venezyela a
-
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Feb 21, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 20 fevriye 2019
Thursday Feb 21, 2019
Thursday Feb 21, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
San bri san kont, Meriken pran 7 mèsenè l yo nan men lapolis Ayisyen an epi mennen yo Miami; Pou pi byen fwote bagay la nan figi nou, mèsenè yo ret tann avyon yo nan salon diplomatik Ayisyen an
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm-6pm
Ti koze ak frè nou Fritz Beauté ki fèk retounen dimanch lan sot lakay ansanm ak 2 pitit li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Feb 13, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 13 fevriye 2019
Wednesday Feb 13, 2019
Wednesday Feb 13, 2019
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon demen 3pm-6pm nan Junction nan (Nostrand Ave ak Flatbush Ave) nan Brooklyn an solidarite ak leve kanpe pèp la lakay
Ti koze ak frè nou Kebert Bastien ki te manifestasyon nan Pòtoprens jodi a
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon demen 3pm-6pm nan Junction nan (Nostrand Ave ak Flatbush Ave) nan Brooklyn an solidarite ak leve kanpe pèp la lakay

Thursday Feb 07, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 6 fevriye 2019
Thursday Feb 07, 2019
Thursday Feb 07, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Nou swete frè nou Vilcere Romulus yon Bòn Fèt
Nou jete dlo pou fanmi nou yo k pèdi lavi yo nan chèche lavi nan lanmè Bahamas pandan wikenn ki sot pase a
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm-6pm
Nouvèl nan koudeta Meriken ap chache fè nan Venezyela a
Ti koze ak frè nou Oxygene David ki se responsab nan òganizasyon MOLEGHAF sou reyalite peyi a jodi a
Liy ouvè ak oditè yo
Pèp Palestinyen an nan Gaza kanpe an solidarite ak Prezidan Maduro ak pèp Venezyelyen an
Anons

Thursday Jan 31, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 30 janvye 2019
Thursday Jan 31, 2019
Thursday Jan 31, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan konsila Ayiti nan NY la jedi demen an
Son nan mobilizasyon solidarite devan konsila Venezyela jedi 17 janvye 2019 lan
Ti koze ak sè nou Colette Pean ki se yon responsab nan Mouvman 12 Desanm sou enpòtans tout moun kanpe ak Prezidan Maduro nan Venezyela epi mobilizasyon pou manifestasyon lendi 4 fevriye a 3pm devan Misyon Etazini nan LONI
Nouvèl:
-Gen yon antant 61 milyon dola ki tonbe nan dosye kadejak blan Meriken Douglas Perlitz ki te responsab Pwojè Pierre Toussaint te fè sou plizyè ti gason nan vil Okap
-SWAT debake ak gwo zam fannfwa pou arete Roger Stone ki se zanmi Donald Trump nan kad envestigasyon Robert Mueller a
-Donald Trump al wete asasen kriminèl Elliot Abrams nan yon panyen fatra pou enstale l kòm Anvwaye Espesyal Depatman Deta nan dosye Venezyela a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jan 24, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 23 janvye 2019
Thursday Jan 24, 2019
Thursday Jan 24, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud (Konpatriyòt Fritzner gen ti anpechman jodi a)
Ranmase sou mobilizasyon KOMOKODA devan konsila Venezyela nan NYC
Lèt toulouvri KOMOKODA pou Prezidan Maduro
Lèt toulouvri Prens Tiecoura Dorleans Dessalines ekri nan non Anpi Ayiti bay Ekselans Nicolas Maduro
Ti koze (nan lang Angle) ak militan Venezyelyen William Camacaro ki nan Caracas, Venezyela
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jan 17, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 16 janvye 2019
Thursday Jan 17, 2019
Thursday Jan 17, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Nou remèsye Radyo Pa Nou ki bay KOMOKODA inèd tan anplis pou n fè mobilizasyon pou aksyon solidarite ak Venezyela demen an
Mobilizasyon pou aksyon solidarite devan konsila Venezyela @ 3pm demen jedi 17 janvye 2019 lan
Ti ranmase sou manifestasyon KOMOKODA devan konsila Ayisyen an jedi 10 janvye a epi manifestasyon devan Fondasyon Clinton jou 9yèm anivèsè Goudougoudou a samdi 12 janvye 2019
Nouvèl:
-Gwoup Al-Shabab reklame responsabilite pou aksyon ki fèt nan otèl DusitD2 nan Nairobi nan peyi Kenya
-Larisi pran aksyon konkrè pou demontre solidarite li ak Venezyela anfas menas Etazini
-Konsila Ayiti nan Orlando anonse pri paspò monte
Mobilizasyon pou aksyon solidarite devan konsila Venezyela @ 3pm demen jedi 17 janvye 2019 lan
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Jan 10, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 9 janvye 2019
Thursday Jan 10, 2019
Thursday Jan 10, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Ti koze ak sè nou Mirlande Paillere ki fèk tounen sot lakay
Refleksyon sou masak ki fèt nan Lasalin madi 13 novanm 2018 la
Yon plent depoze nan tribinal federal nan Brooklyn nan nan dosye dola senkant sou transfè dyaspora a ak 5 santim sou chak minit lan
Refleksyon nou sou jijman sou dosye TPS k ap fèt nan tribinal federal nan Manhattan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jan 03, 2019
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 2 janvye 2019
Thursday Jan 03, 2019
Thursday Jan 03, 2019
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan konsila Ayiti nan NY la jedi demen an epi pou manifestasyon devan Fondasyon Clinton samdi 12 janvye
Ti koze (an Angle) ak Juanita Young ki se manman Malcolm Ferguson lapolis NY te touye 30 mas 2000 sou travèse Nicholas Heyward, Sr.
Nou pase ti moso nan yon entèvyou nou te fè nan emisyon Lakou NY ak Nicholas 22 desanm 2013
Ti ranmase sou entèvyou ak Juanita a
Liy ouvè ak oditè yo
Ti refleksyon sou selebrasyon Eritye Papa Desalin te fè yè pou make 215yèm anivèsè nesans peyi nou

Thursday Dec 27, 2018
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 26 desanm 2018
Thursday Dec 27, 2018
Thursday Dec 27, 2018
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Bilan travay KOMOKODA pou ane 2018 la
Ti koze ak Konpatriyòt Oxygene David ki se responsab òganizasyon MOLEGHAF
Liy ouvè ak oditè yo
Anons