Episodes

Wednesday Jan 12, 2022
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 12 janvye 2022
Wednesday Jan 12, 2022
Wednesday Jan 12, 2022
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Rapò sou distribisyon trak ak manifestasyon KOMOKODA fè jodi a nan Chappaqua, NY kote Bill ak Hillary Clinton abite
Liy ouvè ak oditè yo
Nou jete dlo pou Wilguens Louissaint ak Amadi Joun Wesly, 2 jounalis yo asasen koupe souf yo nan Laboul 12
Mobilizasyon pou kominote a leve kanpe Vandredi swa anfas Martelly ki di l ap vin jwe bal Vandredi swa nan Bentley's Nightclub
Liy ouvè ak oditè yo
Refleksyon nou akò ki koumanse ap akòde yo jan blan an mande sa epi sou rankont apatrid restavèk yo ki anonse pou demen 13 janvye a jiska 19 janvye nan Baton Rouge, Lalwizyàn

Wednesday Jan 05, 2022
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 5 janvye 2022
Wednesday Jan 05, 2022
Wednesday Jan 05, 2022
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
N ap swete Bòn Fèt ak konpatriyòt Pedro Martin Vargas k ap selebre anivèsè nesans li jodi a
Ti koze ak frè nou Oxygene David ki se responsab òganizasyon MOLEGHAF
Mobilizasyon pou n ankouraje 40 moun deplase ak KOMOKODA mèkredi 12 janvye pou n al manifeste kont lafanmi Clinton nan Chappaqua
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Dec 29, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 29 desanm 2021
Wednesday Dec 29, 2021
Wednesday Dec 29, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
N ap swete Bòn Fèt ak konpatriyòt Kazal (Celome Jean Pierre), Igèt Dejan, ak Solange Pradel k ap fete fèt yo jodi a epi ak frè nou Nikel Luma, ak konpatriyòt Matyas Dandor k apral selebre fèt yo Vandredi 31 desanm k ap vini an
Ranmase sou aktivite KOMOKODA pandan ane 2021 an
Mobilizasyon pou n ankouraje 40 moun deplase ak KOMOKODA mèkredi 12 janvye pou n al manifeste kont lafanmi Clinton nan Chappaqua
Ti koze ak 2 fanmi KOMOKODA te kolabore ak yo pandan ane a: frè nou Jafrikayiti ak sè nou Mamyrah Dougé-Prosper
Ti koze ak fanmi nou Fritznel Lormeus ak Nicole Petit ki soti Chili, fè chimen rive Meksik, rantre Etazini anba pon Del Rio nan Texas, epi rive isit nan New York la ak nou
Liy ouvè ak oditè yo
Jounal "Yonkers Times" pibliye enfòmasyon li jwenn ki demanti kont papa bondje nan syèl la reprezantan òganizasyon "Christian Aid Ministries" te rakonte sou fason misyon blan k te kidnape yo rejwenn liberasyon yo; Selon jounal la 400 Mawozo touche kòb yo te negosye pou lage moun yo epi yo lage yo

Wednesday Dec 22, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 22 desanm 2021
Wednesday Dec 22, 2021
Wednesday Dec 22, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Plizyè manm KOMOKODA reyini nan telefòn nan pou n swete sè nou Julie Bazile ki te selebre anivèsè nesans li lendi a ak frè nou Fritzner Pierre k ap selebre pa l jodi a yon Bòn Fèt
Mobilizasyon pou manifestasyon kont lafanmi Clinton nan Chappaqua 12 janvye epi devan Bentley's Nightclub pou denonse Michel Martelly 14 janvye
Nouvèl:
-Moun Gonayiv lanse pinga pou Ariel Henry ki anonse l ap vin lakay yo pou selebre Premye Janvye
-Anpil fanmi viktim yo ak popilasyon vil Okap boude fineray nasyonal gouvènman restavèk la te fè yè madi a pou moun Okap ki te mouri boule nan eksplozyon kamyon gaz la
-Dènye nouvèl ki vin jwenn nou sou dosye kovid-19 la
-Gouvènman Biden nan bay Michel Sison gwo pwomosyon anndan Depatman Deta Meriken; Daniel Foote mande si se paske l te tèlman byen travay Ayiti ki fè Biden fè desizyon sila a
-Gen sektè nan opozisyon Ayisyen an ki di fò tout sa k asosye ak Jovenel Moise nan disparèt nan figi peyi a apre 7 fevriye 2022
-Plizyè òganizasyon nan dyaspora a ki pretann pale nan non dyaspora a anonse yon "Haiti Unity Summit" nan Baton Rouge, Lwizyàn pou fè tout akò yo fè yonn jan Kenneth Merten mande sa
-Peyi Meksik anonse nan 130,000 Ayisyen ki nan peyi yo aktyèlman gen 60,000 ki aplike pou stati legal
-Jodi a biwo nan Lameri NYC k ap jere dosye imigran anonse yo mete $1.5 misyon akote pou ede refijye Ayisyen yo k sot anba pon Del Rio a epi ateri nan vil NY la
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou liv li "The Black Skin is a Badge of Honor" ki fè soti
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon kont lafanmi Clinton nan Chappaqua 12 janvye epi devan Bentley's Nightclub pou denonse Michel Martelly 14 janvye

Wednesday Dec 15, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 15 desanm 2021
Wednesday Dec 15, 2021
Wednesday Dec 15, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Refleksyon nou sou atik NY Times ki lonje dwèt sou Michel Martelly ak Charles "Kiko" St Remy nan sasinay Jovenel Moise epi editoryal Washington Post ki mande kouman Gouvènman Meriken pèmèt Martelly ap viv Ozetazini san tèt grate epi kouman fè yo panko arete li
Ti koze ak Pierre Esperans, responsab nan RNDDH sou dènye enfòmasyon k ap diskite yo sou sasinay Jovenel Moise
Nouvèl:
-Lese pase chèf Gran Ravin nan Izo te anonse pou sezon fèt la sanble se te yon pyèj; Kidnaping ak briganday pi rèd jodi a
-Gouvènmen Meksiken an renmèt 800 Ayisyen nan Tapachula viza 1 an yo te pwomèt la
-Ansyen polisye Derek Chauvin ki te touye George Floyd chanje desizyon li epi l plede koupab nan tribinal federal pou vyolasyon dwa sivil George Floyd
-Minis Sante Angletè Sajid Javid anonse yo gen premye ka lanmò omicron yo; Nan fouye zo nan kalalou enfòmasyon soti ke se pa omicron ki touye moun nan
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Dec 08, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 8 desanm 2021
Wednesday Dec 08, 2021
Wednesday Dec 08, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Ti koze ak konpatriyòt Telemarque Pierre ki se yon responsab nan òganizasyon Batay Ouvriye sou gouvènman restavèk la ki anonse l ap double pri gaz la epi sitiyasyon peyi a an jeneral
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manif nan Chappaqua Mèkredi 12 janvye 2022
Dr. Anthony Fauci admèt varyasyon kovid la k rele omikwon an pa prezante yon danje pou lavi moun li frape

Wednesday Dec 01, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi Premye desanm 2021
Wednesday Dec 01, 2021
Wednesday Dec 01, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Zile Tik ak Kaykòs rapòte ayè lendi 29 novanm nan, batiman gadkòt yo fè kolizyon ak yon batiman kanntè chaje ak Ayisyen; Yo di yo ranmase 64 Ayisyen vivan nan dlo a; 16 vivan ki naje rive sou tè; epi 7 kadav; Yo pa di konbyen reken manje nan dlo
Yon emisyon espesyal jodi a sou Ayisyen k ap kite peyi a ap kouri dèyè yon lavi miyò k ap nwaye nan lanmè; k ap kontre bab pou bab ak lapenn, ak lawont, ak mizè, ak kout baton, ak lanmò
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Nov 24, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 24 novanm 2021
Wednesday Nov 24, 2021
Wednesday Nov 24, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Konbit pou pelerinaj 52yèm Jounen Nasyonal Dèy nan solidarite ak fanmi endijèn yo demen 25 novanm nan
Nouvèl:
-Premye Minis blan an te mete a Ariel Henry anonse yon nouvo gouvènman alatèt peyi nou
-Tribinal nan Georgia kondane 3 blan pou sasinay Ahmaud Arbery
-Anpil moun pa fin konprann kidnaping 400 Mawozo ta fè sou blan yo
-Jounal Nouvelliste bay ansyen emisè Joe Biden Daniel Foote yon entèvyou kote l mete baton pou G9 ak Babekyou epi l voye Akò Montana a monte
-Manifestasyon nan Pòtoprens kont kidnaping ki kontinye ap vale teren
-Todd Robinson ki se reprezantan Depatman Deta ki t al fè evalyasyon kondisyon sekirite peyi a anonse Etazini deja voye yon seri zouti bay Lapolis Nasyonal la ki ta gen pou refèt nèt
-Nikaragwa anonse Kiben pa bezwen viza pou vini lakay li; Etazini rele anmwe, yo di se yon mannèv pou refijye Kiben al anvayi fwontyè Meksik ak Etazini
-Rezilta eleksyon Prezidansyèl nan Chili soti: 2 kandida, yon ladwat ak yon lagoch, prale nan dezyèm tou
-Pati Nicolas Maduro a (Pati Sosyalis Inifye) pote boure nan eleksyon lokal pou gouvènè ak majistra nan Venezyela
Liy ouvè ak oditè yo
Plis nouvèl:
-Majistra NY la Bill deBlasio mande pou Gouvènè NY la Kathy Hochul ta pran yon dekrè pou ekzije se moun ki pran vaksen sèlman ki gen dwa monte transpò piblik nan peyi a
Ti koze ak Mèt Mario Joseph, responsab nan Biwo Avoka Entènasyonal (BAI) sou sitiyasyon peyi a

Wednesday Nov 17, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 17 novanm 2021
Wednesday Nov 17, 2021
Wednesday Nov 17, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou salye tout Vanyan yo nan zòn Brooklyn nan ki te patisipe nan kanpay chire postè bal Martelly 26 novanm yo
Nou pase pyès "Vètyè, Pòtay Libète" frè nou Jafrikayiti pibliye nan cd Lafimen
Ti koze ak militan Carl Dix ki se responsab nan RCP (Revolutionary Communist Party) sou rankont y ap fè Vandredi swa nan lokal La Difference Auto School
Nou pase istwa "Galipòt" gran frè nou Jean Claude Martineau (Koralen) pwodui
Nouvèl:
-7 jou apre distribisyon gaz la ta sipoze ap fèt moun pa ka jwenn gaz achte nan Pòtoprens ak plizyè lòt zòn nan peyi a
-Sitiyasyon vaksen kovid tèt chaje nan peyi nou; maladi Kovid la pa evidan epi popilasyon an limenm boude vaksen an
-Sitiyasyon Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan toujou konplike malgre Daniel Supplice retounen nan misyon Ariel Henry te voye l la epi l di l satisfè ak travay li
-Akò Montana a ki ta dwe yon solisyon Ayisyen ap bouske douvan ak konkou Daniel Foote ak lòt sektè nan entènasyonal la
-Gouvènman Ayisyen an anonse polisye PHTK Gilbert Dragon ki te nan prizon depi 4 mwa pou enplikasyon nan sasinay Jovenel Moise mouri jodi a; Yo di se Kovid ki touye l
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Nov 10, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 10 novanm 2021
Wednesday Nov 10, 2021
Wednesday Nov 10, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Emisyon espesyal ak oditè yo pou n tande si wi ou non yo dakò pou bloke bal Martelly ki anonse pou Vandredi 26 novanm nan
Liy ouvè
Mobilizasyon kont bal Martelly ki anonse pou Vandredi 26 novanm nan Bentley's Nightclub nan Brooklyn nan