Episodes

Wednesday Nov 03, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 3 novanm 2021
Wednesday Nov 03, 2021
Wednesday Nov 03, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Ti koze ak sè nou Elikya Ngoma sou mobilizasyon "Black is Back Coalition" k ap fèt nan Washington DC wikenn sila a pou manifeste kont abi ak diskriminasyon moun Nwa ap viv isit Ozetazini
Nouvèl:
-Lapolis peyi Guatemala di yon lòt fwa ankò yo jwenn 54 refijye Ayisyen ki te fèmen nan yon gwo kamyon ki te nan wout pou Meksik pou yo ta rive Ozetazini
-Pati Demokrat Etazini an pran yon gwo kou ak bizawèl fanmi Clinton yo Terry McAuliffe ki pèdi eleksyon pou Gouvènè Virginia anfas yon Repibliken Trump te sipòte
-Lese frape kontinye ant majistra lavil NY la ak ponpye ak polisye ki pa dakò ak politik fòse anplwaye leta yo pran vaksen an
-Majistra lavil la Bill deBlasio anonse li pral kandida pou Gouvènè NY nan pwochen eleksyon an
-Bòn Fèt pou frè nou Borgela Philistin ak manman li Ghislaine
-Etazini fè konnen apati lendi 8 novanm k ap vini an y ap relouvri peyi yo pou touris ki pran vaksen ka vini vizite
Mobilizasyon kont bal Martelly ki anonse pou Vandredi 26 novanm nan Bentley's Nightclub nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Oct 27, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 27 oktòb 2021
Wednesday Oct 27, 2021
Wednesday Oct 27, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Ranmase sou aksyon KOMOKODA yè madi 26 oktòb 2021 an pou make jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Lendi 25 oktòb 2021 an fè 38 lannen depi Meriken ak tchoul restavèk li yo te anvayi peyi Lagrenad apre yo te sasinen Maurice Bishop
Ti koze ak frè nou Reyneld Sanon, responsab nan òganizasyon KAYLA nan Pòtoprens ki depasaj nan zòn NY la
Nouvèl:
-Tribinal Entènasyonal sou Vyolasyon Dwa Moun Ozetazini ki te fèt nan Manhattan nan wikenn ki sot pase a deside Etazini koupab sou tout 5 chaj yo te akize peyi sila a
-Joseph Lambert mande entèvansyon yon fòs militè entènasyonal rantre nan peyi a pou rezoud pwoblèm gang lan
-Peyi nou genyen yon nouvo chèf lapolis ki rele Frantz Elbé ki ranplase Leon Charles
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Oct 20, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 20 oktòb 2021
Wednesday Oct 20, 2021
Wednesday Oct 20, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Mobilizasyon pou otobis pou n al manifeste nan Chappaqua madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Ti koze ak frè nou Oxygene David, responsab nan òganizasyon MOLEGHAF
Nouvèl
Mobilizasyon pou otobis pou n al manifeste nan Chappaqua madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Oct 14, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 13 oktòb 2021
Thursday Oct 14, 2021
Thursday Oct 14, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Mobilizasyon pou otobis pou n al manifeste nan Chappaqua madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Dahoud salye pitit gason li Asim k ap genyen 18 an demen 14 la
Fritzner salye fanmi an epi pataje refleksyon li sou dosye Kenneth Merten Etazini ta ap revoye kòm reprezantan yo nan peyi nou; Ala dous twou latrin sa a dous!
Ti koze ak sè nou Kathie Chen, responsab nan òganizasyon October 22nd Coalition
Nouvèl
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Oct 06, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 6 oktòb 2021
Wednesday Oct 06, 2021
Wednesday Oct 06, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza
Ti koze ak responsab òganizasyon SAKS (Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal), konpatriyòt Osny Agenor ki nan zòn NY la
Nouvèl:
-Alatèt DHS (Depatman Homeland Security) a rate randevou l te bay kongrè Meriken an pou l pote rapò sou sa k te pase ak Ayisyen yo anba pon an
-Responsab Tribinal Entè-Amrikèn Dwa Moun nan OEA ak Rapòtè Nasyonzini ki responsab koze dwa moun denonse fason Etazini te trete fanmi nou yo anba pon an
-Apre rankont ak emisè Meriken yo, yon gwoup polisyen nan peyi nou deklare y ap travay ansanm pou yo bwase tout akò yo k sou teren an pou yo soti ak yon sèl jan blan an mande sa
-Yon gwoup jèn nan Pòtoprens deklare "Akò Lari a" sou Channmas
-Martine Moise retounen nan peyi a epi l te parèt devan jij Gary Orelien ki chita sou dosye Jovenel Moise la jodi a
-Etan Etazini mete tchoul restavèk li Ariel Henry alatèt peyi nou, reprezantan yo nan LONI Linda Thomas Greenfield mande pou tout Ayisyen met tan ansanm nan enterè peyi a epi fè eleksyon plop plop
-Lapolis nan peyi Chili di yo arete 9 moun ki t ap vòlè, achte, epi vann timoun Ayisyen
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza
Liy ouvè ak oditè yo
Pòtpawòl Mezon Blanch Karine Jean Pierre, yon pitit Ayisyen, deklare se pou refijye k nan wout yo rete kote yo ye a paske Gouvènman Biden nan ap kontinye pimpe yo Ayiti atravè aplikasyon rasis "Title 42" a
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Sep 29, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 29 septanm 2021
Wednesday Sep 29, 2021
Wednesday Sep 29, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
Son manifestasyon 4 òganizasyon (KOMOKODA, Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen, Flanbwayan, ak UNIA) mete ansanm pou fè demen pou depòtasyon rasis Etazini ap fè sou fanmi nou yo ki sou fwontyè Texas la epi pou n fè fanmi nou yo konnen yo pa pou kont yo
2 ti mo salitasyon Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Emisyon espesyal pou make 30 lannen depi koudeta 30 septanm 1991 lan
Nou pase yon repòtaj jounalis Jean Emmanuel Pierre nan Radio Haiti Inter te fè sou koudeta a nan lannen 1997
Nou pase moso nan yon entèvyou Dany Toussaint te fè sou koudeta a nan TNH
Nouvèl sou dènye chif vòl fanmi nou yo Etazini ak peyi Meksik ap pimpe Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Sep 22, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 22 septanm 2021
Wednesday Sep 22, 2021
Wednesday Sep 22, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
Son manifestasyon 4 òganizasyon (KOMOKODA, Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen, Flanbwayan, ak UNIA) mete ansanm pou fè demen pou depòtasyon rasis Etazini ap fè sou fanmi nou yo ki sou fwontyè Texas la epi pou n fè fanmi nou yo konnen yo pa pou kont yo
2 ti mo salitasyon Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Ranmase sou manifestasyon yè a
Ti koze ak Mèt Mario Joseph, responsab òganizasyon Biwo Avoka Entènasyonal (BAI) sou refijye nan Texas yo, sou sitiyasyon Ayiti, epi sou reyalite viktim goudougoudou 14 out yo
Nouvèl:
-Rezilta eleksyon nan Kanada yo
-Manifestasyon kont lwa pou ekzije tout moun pran vaksen kovid yo ateri nan New York la
-Manifestasyon ak denonsyasyon kont politik imigrasyon rasis administrasyon Joe Biden
-Lèt Jesse Jackson pou denonse administrasyon Biden nan epi mande Etazini kite refijye yo trantre
-Ti komik ki bay tèt yo manda pale nan non dyaspora Ayisyen an pwopoze negosye ak Ariel Henry
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Sep 15, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 15 septanm 2021
Wednesday Sep 15, 2021
Wednesday Sep 15, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou salye Yolande Pierre-Antoine ak pitit gason li Gulshan ki Ayiti ak li semèn sa a
Nou salye Marie Felix nou te gen chans pale ak li jodi a
Nou salye travèse militan Marie Claude Blass, lantèman l te fèt wikenn ki sot pase a
Salye Ayiti nan studio
Jodi a ansyen militè patriyòt Dany Toussaint fè travèse l. Nou jete dlo pou bout wout li te fè nan kan pèp la
Nou voye mo kouraj pou fanmi yo nan zòn Pòtoprens ki pa ka rantre yo pa ka sòti nan vil la
Nan peyi Pewou Gouvènman an mele ak kadav Abimael Guzman (Chairman Gonzalo) paske yo pa vle pou kote l ta antere a ta vin yon sit pelerinaj pou moun k ap batay pou chanjman yo
Nan Kongrè Meriken an plizyè jèn fi ki te nan ekip olenpik jimnastik Etazini an ki viktim abi seksyèl pale pou denonse lefèt ke majorite moun ki te louvri baryè pou sa te fèt yo ap fonksyone lib e libè
Liy ouvè ak oditè yo
Plizyè jèn doktè ki gradye nan UNIFA (Inivèsite Fondasyon Aristide) pran wout Gran Sid la pou yo; atik Miami Herald ki salye kouraj plizyè lòt jèn doktè Ayisyen k al pote konkou yo
Nou pase yon ti moso nan yon entèvyou Dany Toussaint te fè sou koudeta 30 septanm 1991 la
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Sep 08, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 8 septanm 2021
Wednesday Sep 08, 2021
Wednesday Sep 08, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Deklarasyon 4 out 2020 KOMOKODA
Nouvèl:
-Yon tranblemanntè 7.1 frape vil Mexico City vè 9è yè swa; Jiskaprezan se yon sèl moun yo jwenn ki mouri
-Ansyen prezidan restavèk Afghanistan an Ashraf Ghani mete yon deklarasyon deyò pou di li pa vòlè; li pa kouri kite peyi a ak lajan jan bri ap kouri a
Frè nou Fritzner Pierre vin jwenn nou
-Jodi a ti komik blan an deside ki Premye Minis Ayiti a, Ariel Henry, anonse referanndòm pou konstitisyon Meriken-Core Group-Jovenel Moise la ap fèt ansanm ak eleksyon pike kole yo a
Liy ouvè ak oditè yo
-Komisyon ap twoke kòn ak komisyon pou yo wè kilès k ap ranmase plis siyati
-Yon oditè mande nou pale sou pwogram "FCC Emergency Broadband" nan k ap pèmèt fanmi Ozetazini ki kalifye jwenn $50 chak mwa nan men leta pou yo peye bil entènèt yo
-Nou li lis 108 pati politik Konsèy Elektoral Pwovizwa Jovenel Moise la pibliye kòmkwa yo apwouve pou yo patisipe nan eleksyon
Liy ouvè ak odtè yo

Wednesday Sep 01, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi Premye septanm 2021
Wednesday Sep 01, 2021
Wednesday Sep 01, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou voye Bòn Fèt pou:
-Yasmina Andre (Sè Dahoud)
-Angelique Nelson (Direktris Radio Omega)
-Minouche Lambert (militan nan kominote a)
-Jacqueline Salnave (Manman Baz)
Anpil move tan nan lari New York aswè a; Se sa k rete nan siklòn Ida a k ap frape nou bò isit la; Leta mete pinga pou moun ki pa gen bezwen serye pa pran lari
Yon lòt fwa ankò n ap voye fòs, kouraj, ak lanmou pou sè nou Veronica Nickey ki pèdi pitit gason l Therone Brue, ki te gen 33 zan nan kovid la; KOMOKODA te patisipe nan memoryal sè a te òganize nan Brooklyn nan pou sonje jenòm nan
Nou aprann politisyen ti komik Jerry Tardieu te vin fè kanpay nan zòn nan dimanch lan; Se te priyote pou KOMOKODA te kanpe ak sè nou kidonk nou di bann aryenafè sa yo nou prete yo randevou a men nou pa fè yo kado li
Nou pase pwezi Moriso "Aba tout kandida" epi nou pase deklarasyon 4 out 2020 KOMOKODA a
Refleksyon nou sou pyès teyat k ap jwe sou do viktim Goudougoudou 14 out la yo; leson nou ta dwe ranmase nan eksperyans 12 janvye 2010 la
Komisyon sou komisyon k ap chache solisyon pa m pi bon pou soti nan "kriz" la
Liy ouvè ak oditè yo
Nou jete dlo pou Monseyè Guy Sansariq ki fè travèse li; Lantèman an ap chante demen jedi a
Yon atik sou lit Taliban yo yon konbatan Taliban ki rele Mullah Muhamad Rasol pataje ki esplike sa k fè yo rive bat Meriken yo