Episodes

Wednesday Aug 25, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 25 out 2021
Wednesday Aug 25, 2021
Wednesday Aug 25, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Taliban yo di apati dat 31 out la y ap konsidere kòmkwa se okipasyon militè peyi yo k ap k ap kontinye kidonk zam ap rekòmanse chante
Nouvo Gouvènè NY la Kathy Hochul ajoute 12 mil mò kovid nan lis eta NY te bay CDC kòm total moun NY ki mouri akoz maladi a
Gwoup k ap pote kole ak viktim Goudougoudou yo lakay
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Aug 18, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 18 out 2021
Wednesday Aug 18, 2021
Wednesday Aug 18, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Dahoud remèsye tout fanmi yo ki pataje santiman yo pou retablisman li
Nouvèl sou Goudougoudou a ak siklòn ki frape lakay; Desizyon pou n fè kòm Ayisyen si n vle kontinye viv jan n ap viv la oswa si n vle bati yon peyi tout bon vre
Ayibobo pou kouraj ak detèminasyon Taliban yo ki pran kou, yo òganize yo, yo goumen epi yo ranpòte yon viktwa tout moun wè klè sou Meriken ki kouri sove ak latcha yo nan mitan janm yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Aug 11, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 11 out 2021
Wednesday Aug 11, 2021
Wednesday Aug 11, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Anons
Nouvèl:
-Konsèy elektoral krèy la anonse yo ravwaye eleksyon ak referanndòm ki ta dwe fèt 26 septanm nan pou dimanch 7 Novanm -Yon senator nan peyi Kolonbi mande pou Prezidan peyi li Ivan Duque ta mande Ayiti padon paske sitwayen Kolonbyen ta enplike nan sasinay Jovenel Moise; Alaverite biznis mèsenè a se mak fabrik peyi Kolonbi
-Nan tan PHTK a se plis pase 1.6 milyon Ayisyen ki kite peyi a pou chache lavi nan Amerik Latin nan epi chache travèse 10 peyi pou rantre Etazini
-Siklòn Fred ap bay gwo pwoblem nan Repiblik Dominikèn ak Ayiti; Ayewopò fèmen
-Gouvènman Ayisyen an anonse Jij Mathieu Chanlatte, menm jij ki pa regle anyen serye nan dosye Dermalog la, dakò pran dosye sasinay Jovenel Moise la
Liy ouvè ak oditè yo
N ap tann tout fanmi an nan selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman k apral fèt nan Prospect Park apati 1pm samdi 14 out k ap vini an
Samdi 14 out 4-5 pm gen emisyon nan WBAI ki rele Haiti- Our Revolution Continues

Wednesday Aug 04, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 4 out 2021
Wednesday Aug 04, 2021
Wednesday Aug 04, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Anons
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou manifestasyon k ap fèt Otawa nan Kanada Vandredi pou denonse enjerans peyi sila a anndan "Core Gwoup" la
Ti koze ak frè nou Matias Dandor sou prizonye politik yo, sasinay apatrid Jovenel Moise la, ak reyalite peyi a apre sasinay sa a
Yè madi 3 out 2021 an te fè 24 lannen depi asasen te koupe souf Pè Ti Jan Pyè Lwi men yo pa rive efase l nan memwa pèp Ayisyen an
Nouvèl:
-Anpil anpil politisyen Demokrat nan NY la ak nan nivo Federal ap egziji pou Gouvènè Cuomo demisyone apre piblikasyon rapò komisyon endepandan an ki di wi, se vre li te fè agresyon seksyèl sou plizyè fanm ki t ap travay ak li
-Chif moun nan eta Florid ki lopital ak kovid-19 la miltipliye 10 fwa sa l te ye nan mwa jen an; Majistra NY la dekrete fò w gen paspò vaksen kovid pou w ka al chita manje nan restoran; Bri ap kouri FDA ap apwouve vaksen Pfizer a anvan "Labor Day" (Premye lendi mwa septanm nan); Gouvènman restavèk Blan te mete lakay apre sasinay Jovenel Moise la nan enkyetid akoz 500 mil dòz vaksen Meriken te voye nan mwa jen yo ap ekspire nan mwa Novanm
-Gwo dife nan estasyon otobis "Transporteur" nan Gonayiv boule 7 bis
-Gouvènman kroupyon an di yo deja gen 119 pati politik ki enskri pou eleksyon; Y ap mache tèt dwat pou eleksyon 26 septanm k ap vini an
-Mèsenè Kolonbyen yo denonse kondisyon yo kenbe yo nan prizon Ayiti epi yo sèmante se nan yon pyèj yo pran yo paske se pa yo k touye mesye a
-Devlopman nan ankèt k ap fèt sou sasinay ti vòlè k te rele Jovenel Moise la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jul 28, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 28 jiyè 2021
Wednesday Jul 28, 2021
Wednesday Jul 28, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Refleksyon nou sou jou madichon 28 jiyè 1915; 106 lannen depi Meriken te anvayi peyi nou epi pike drapo yo pandan 19 lannen; Malfini an t ap poze grif sou plizyè peyi nan Amerik Latin nan
Nou fè yon ti koze ak frè nou Origene Louis ki se Kòdonatè òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen
Refleksyon nou sou devlopman ak kowonaviris la epi gwo presyon k kontinye ap tonbe pou moun pran vaksen menm lè li evidan vaksen k bay yo pa pwoteje moun jan otorite yo te di a
Gen yon lòt kalite viris ki rele Pagasus ki pran kontwòl telefòn selila k ap bay traka nan lari a
Tribinal Meriken kondane Daniel Hale pou l pase 45 mwa nan prizon pou kaka chat li mete deyò sou pwogram sasinay ak "drone" sou gouvènman Obama a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jul 21, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 21 jiyè 2021
Wednesday Jul 21, 2021
Wednesday Jul 21, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Laboratwa lanmò a ap travay san pran souf pou fè ti vòlè apatrid Jovenel Moise pase pou yon ewo nasyonal epi pou voye Martine Moise nan eleksyon pou l ranplase mari li
KOMOKODA aprann mouvman pou lave dosye Jovenel Moise ap debake nan Nostrand ak Newkirk nan Brooklyn nan dimanch a 1è; N ap la pou n mande yo kouman fè yo pa t lapriyè pou nanm tout viktim Jovenel Moise yo
Liy ouvè ak oditè yo
Nou fè yon bon koze ak avoka Mario Joseph, responsab nan Biwo Avoka Entènasyonal (BAI) sou krim Jovenel Moise ak PHTK responsab nan peyi a; sou Kim Ives ak jounal Haiti Liberte k ap fè mannèv pou fè asasen Babekyou ak gang G9 Jovenel ak Madan Lalim federe yo pase pou revolisyonè k ap defann pèp la; epi sou gwo feblès "Komisyon k ap chache yon Solisyon Ayisyen ak Kriz Ayiti" a
Anons

Wednesday Jul 14, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 14 jiyè 2021
Wednesday Jul 14, 2021
Wednesday Jul 14, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Segman sou montaj jaden bannann Meriken-PHTK te fè pou fè ti vòlè Jovenel Moise pase pou yon antreprenè k ap fè agrikilti
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou sasinay apatrid Jovenel Moise ki pase anbe je nou
-Mobilizasyon pou kore gouvènman Kiben an
-Dechoukaj la kontinye nan Afrikdisid apre arestasyon ansyen prezidan Jacob Zuma
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jul 07, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 7 jiyè 2021
Wednesday Jul 07, 2021
Wednesday Jul 07, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou li mesaj MRA (Mouvman Revolisyonè Ayisyen) voye pou KOMOKODA
Refleksyon nou sou sasinay ti vòlè apatrid Jovenel Moise
Mobilizasyon pou manifestasyon jedi 8 jiyè, 11am, devan Bentley's Nightclub pou KOMOKODA al chante lantèman ti vòlè apatrid Jovenel Moise
-1370 Ralph Avenue, Brooklyn, NY
Ti koze ak frè nou konpatriyòt Oxygene David ki se responsab òganizasyon MOLEGHAF sou sasinay Jovenel Moise la
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou sasinay Jovenel Moise la
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou sasinay Jovenel Moise la
Mobilizasyon pou manifestasyon jedi 8 jiyè, 11am, devan Bentley's Nightclub pou KOMOKODA al chante lantèman ti vòlè apatrid Jovenel Moise
-1370 Ralph Avenue, Brooklyn, NY
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jun 30, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 30 jen 2021
Wednesday Jun 30, 2021
Wednesday Jun 30, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Mobilizasyon pou konferans pou laprès KOMOKODA ap fè jedi Premye jiyè devan Bentley's Nightclub, 1370 Ralph Avenue nan Brooklyn nan pou anpeche asasen, vòlè yo rele Michel Martelly a vin ouvè kò l pandan l ap lave lajan Petrocaribe a ak dola senkant nou an nan kominote a
Nou pase mesaj Prezidan Aristide ki lopital nan Kiba mete deyò nan okazyon travèse manman li, Madam Solange Pierre Louis Aristide
Nou pase deklarasyon KOMOKODA te mete deyò 4 out 2020 pou voye yon pinga bay tout kandida k ap pare pou y al nan eleksyon ak PHTK
Nouvèl:
-Vandredi k sot pase a frè nou Raymond Dugué ak Students Improvement Association te fè yon konferans pou laprès devan katye jeneral Depatman Edikasyon pou denonse kondisyon lekòl leta yo nan District 29 nan Queens lan
-Gwo tèt chaje: Biwo Eleksyon Lavil NY nan difikilte pou bay rezilta nan eleksyon Rank Choice Voting yo lavil 22 jen yo
Ti koze ak konpatriyòt Pierre Wilton Destiné ki se yon responsab nan òganizasyon ODISMA (Òganizasyon Devlopman Entegre Sen Michèl Latalay) epi nan Kolektif Jistis Min (KJM)
Nouvèl:
-Otorite peyi Turks ak Caicos fè konnen Jedi pase yo jwenn yon batiman ak 20 Ayisyen k mouri ladan l epi nan landemen Vandredi yo jwenn yon lòt ak 43 Ayisyen yo pral voye tounen Ayiti
-Yon nuit rèd pou Pòtoprens: Omwen 25 kadav ki fizye ak bal
-Depite Demokrat nan Kongrè Meriken an ki di y ap defann pèp Ayisyen an mande yon pase men pou "restore kredibilite" Konsèy Elektoral Jovenel Moise la
-Ansyen Minis Defans Meriken, asasen Donald Rumsfeld fè travèse li nan laj 88 lannen
-Lakou Siprèm Pennsylvania deside ranvèse kondanasyon Bill Cosby te jwenn an 2018 pou kadejak; Yo voye l lakay li
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jun 23, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 23 jen 2021
Wednesday Jun 23, 2021
Wednesday Jun 23, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi ak zanmi sè nou Myriam Augustin nan okazyon travèse li; Memoryal li te fèt jodi a
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke eleksyon bidon an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 24 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini @ 45th Street ak 1st Avenue nan Manhattan
Nou fè yon bon koze ak frè nou Widens Pierre ki se yonn nan animatè nan Radio Tele Timoun
Nouvèl:
-ULCC mande bank nan peyi a pou bloke 260 milyon goud moun ki asosye ak antrepriz Real Business Enterprise fanmi Boulos ap jere akoz lajan yo di li dwe leta
-Prezidan tribinal Kasasyon an Rene Sylvestre ki te lopital pou kovid-19 fè travèse li jodi a
-Fanmi Lavalas mete premye deklarasyon yo deyò sou kondisyon sante Prezidan Aristide
-Peyi Giyàn deside ekzije pou sitwayen Ayisyen ak Kiben k ap rantre lakay yo gen viza depi anvan yo deplase pou vin nan peyi sila a
-Nou bay rezilta kèk nan eleksyon "Primary" ki fèt ayè nan vil New York la
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt demen jedi 24 jen an, 3pm-6pm, devan Misyon Etazini nan Loni epi devan Nasyonzini sou 45th Street ak 1st Avenue
Liy ouvè ak oditè yo