Episodes

Wednesday Jun 16, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 16 jen 2021
Wednesday Jun 16, 2021
Wednesday Jun 16, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke eleksyon bidon an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 24 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini @ 45th Street ak 1st Avenue nan Manhattan
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit ki se responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project sou manifestasyon y ap fè demen jedi a 11è pou midi edmi devan katye jeneral depatman Edikasyon lavil NY
Son manifestasyon KOMOKODA te fè jedi pase devan Misyon Etazini nan LONI
Ti koze ak sè nou Mergina Fleurimat ki se responsab òganizasyon Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA) nan Sen Michel Latalay sou pwojè yo t ap travay nan Savàn Djàn ak fason gwo ponyèt fanmi Apaid ak leta PHTK a vòlè tè yo nan men yo
Jodi a Joe Biden fè premye rankont li kòm prezidan Etazini ak Vladimir Putin ki se alatèt peyi Larisi
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou inisyativ Students Improvement Association pou lonje dwèt sou move kondisyon lekòl leta yo nan District 29 nan Queens nan
Reprezantan Ayiti nan OEA pa jennen yo rejwenn 25 lòt peyi nan òganizasyon sila a pou yo kondane peyi Nicaragua pou koze prizonye politik

Wednesday Jun 09, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 9 jen 2021
Wednesday Jun 09, 2021
Wednesday Jun 09, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke eleksyon bidon an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 10 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini @ 45th Street ak 1st Avenue nan Manhattan
Deklarasyon 4 out 2020 KOMOKODA a
Koze ak frè nou Oxygene David ki se responsab òganizasyon MOLEGHAF:
-Jenosid Etazini ak bizawèl li yo ap fè nan katye popilè yo
-OEA ki debake kòm medyatè pou l jere koze eleksyon pou patwon Meriken ak ti sousou yo ki di yo nan opozisyon k apral rankontre l yo
-Jounal Haiti Liberté k ap fè Babekyou ak asasen G9 yo pase pou konbatan lalibète
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke eleksyon bidon an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 10 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini @ 45th Street ak 1st Avenue nan Manhattan
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jun 02, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 2 jen 2021
Wednesday Jun 02, 2021
Wednesday Jun 02, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Deklarasyon 4 out 2020 KOMOKODA a
Video AyiboPost - Poukisa Jovenel vle chanje konstitisyon a, epi fè eleksyon
(https://www.youtube.com/watch?v=EIur-B27hdY)
Refleksyon nou sou manif KOMOKODA te fè devan Konsila Kanada nan NY jedi pase nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti
Nouvèl:
Rockefeller Vincent di se bon pye ki sove l nan Jakmèl pandan pòtpawòl ministè l la Daniel Jean di tout bagay byen pase nan Jakmèl; ki lès pou n ta kwè?
Jake Johnson nan CEPR ekri yon atik pou l di veye "entènasyonal" la k ap pale kont referanndòm pandan y ap fè kore Jovenel ak lajan ak sa yo rele asistans teknik; li montre diferans ant jan Jovenel fè sa l ap fè a ak pwosesis k ap fèt nan Chili pou pou chanje konstitisyon diktati Pinochet a
Putin voye yon anbasadè pou reprezante Larisi ann Ayiti
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke referanndòm bidon 27 jen an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 10 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
-jedi 24 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
Si l pa rive anile, manifestasyon dimanch 27 jen tout jounen devan Konsila Ayisyen an, 5am - 9pm
Liy ouvè ak oditè yo
-Dosye Kovid la nan Ayiti; Li ta parèt moun ki t ap chache rantre maladi sila a nan peyi a jwenn solisyon ak pwoblèm yo te genyen an
-Nan Etazini leta ak biznis prive ap fè tout mannèv pou fose moun pran vaksen pou Kovid; Dosye a nan tribinal; Moderna pa p fini tout tès pou FDA Meriken ta apowouve l anvan Oktòb 2022, epi Pfizer janvye 2023

Wednesday May 26, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 26 me 2021
Wednesday May 26, 2021
Wednesday May 26, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan
Refleksyon nou sou manif KOMOKODA te fè samdi a devan otèl Hilton JFK nan Queens, NY pou n te bloke karavàn referanndòm PHTK a
Deklarasyon 4 out 2020 KOMOKODA a
Nouvèl:
-Gouvènman Guatemala ekstrade Luis Enrique Martinelli ki se pitit ansyen Prezidan Panama Ricardo Martinelli Ozetazini pou l jije pou dwèt long siperyè
-Avyon lagè peyi Belarus fòse yon avyon k t ap pase nan espas ayeryen yo ateri pou yo te ka arete yon endividi peyi sila a te gen pwoblèm ak li; Lewòp ak Etazini mande anraje; Jounalis Glenn Greenwald mande pouki yo fache pandan yo te fè Prezidan Bolivi Evo Morales menm bagay la an 2013 pou yo te fouye avyon li pou wè si Edward Snowden pa t ladan l
-Jodi a OEA deside l ap voye yon misyon 5 manm ann Ayiti pou mete opozisyon an ak Jovenel chita ansanm pou yo negosye; Te kwè se menm OEA sa a osèvis Etazini ki te mete Martelly epi apre sa yo mete Jovenel
-Yon gwo trajedi frape kontinan Afriken an: anviwon 175 fanmi ki soti nan peyi Niger peri nan yon nofraj pandan yo t al chache lavi
Liy ouvè ak oditè yo
Ti detay sou desizyon gouvènman Biden nan pran samdi pase a pou remete Ayiti nan lis peyi Etazini bay TPS
Nou bay lis peyi Ayisyen pa bezwen viza pou y al vizite
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan

Wednesday May 19, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 19 me 2021
Wednesday May 19, 2021
Wednesday May 19, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou jete dlo pou Vanyan Malcolm X (19 me 1925) ak Vanyan Ho Chi Minh (19 me 1890) ki fèt nan jou 19 me a epi nou salye Vanyan Benoit Batraville ki tonbe nan pye travay li 19 me 1920
Plizyè manm KOMOKODA ransanble nan liy nan pou n ankouraje fanmiy nan vin kanpe ansanm ak nou nan yon manifestasyon devan Konsila Canada nan NY jedi 27 me 2021, 3pm - 6pm
Refleksyon nou sou jenosid Israel ap pousuiv kont pèp Palestinyen an; Etazini ki kontinye ap bloke rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini pou mande yon kanpe nan bonbadman yo pandan l ap voye plis zam fann fwa bay Israel
Nou ankouraje kominote a kontinye sipòte fanmi nou nan St Vincent & Grenadines ki te viktim nan eksplozyon volkan an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday May 12, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 12 me 2021
Wednesday May 12, 2021
Wednesday May 12, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Ti koze ak sè nou "Ayiti" nan Matris Ayiti 1804 epi ak sè nou Ninaj Raoul nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou sa k pase ak ti frè nou Romy Vilsaint epi mobilizasyon k ap fèt 7am-10am Vandredi maten devan lekòl P.S. 361 ki sou Nostrand Ave ak Foster Ave
Nouvèl:
-Yon lòt fwa ankò Israel ap lage bonb, touye, krabinen pèp Palestinyen an ak beneksyon Etazini ak bizawèl li yo; Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou pèp Palestinyen an ki sèmante li pa p mouri san gwonde
-Repiblik Dominikèn anonse yo gen tan monte 23 Km miray ak lantouray babele
-Lòbèy pete nan reyinyon OEA sou Ayiti maten an
Liy ouvè ak oditè yo
Plis nouvèl:
-Minis Travo Piblik nan Bahamas Desmond Bannister mande moun nan Bahamas k ap mande pou leta pa kraze kay Ayisyen yo nan Abaco, èske yo ta pito viv nan pousyè, salte (Twou Latrin Trump lan!) tankou sa k genyen nan peyi d Ayiti a
-Pati Repibliken Meriken an revoke Depite Liz Cheney nan djòb li kòm twazyèm pi gwo chèf Pati a paske l kontinye ap kritike Trump
-Presyon an ogmante ak lajan ak menas pou fòse tout moun Ozetazini pran vaksen kovid
-Dr Pape di menm lè li klè pa gen kovid ann Ayiti, fò Ayisyen ta pran vaksen kovid la kanmenm pou evite malè
Anons:
Mobilizasyon pou manifestasyon pou mande jistis pou Romy Vilsaint, demen 7am-10am, devan lekòl P.S. 361 ki sou Nostrand Ave ak Foster Ave
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan

Wednesday Apr 28, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 28 avril 2021
Wednesday Apr 28, 2021
Wednesday Apr 28, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Jodi a, Radio Omega ap selebre 11yèm anivèsè nesans li: Nou swete radyo a, Direktris li, Angelique Nelson, ak tou ekip administrasyon an, fanmi radyo a yon Bòn Fèt!
Nou salye epi voye fòs pou frè nou Pedro Martin Vargas k ap travèse yon move pas ak kondisyon sante li
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste madi 4 me, 11am-2pm devan Konsila Lafrans nan NY la: 934 5yèm Avenue, ant 74yèm ak 75yèm Streets nan Manhattan
Ti koze sou sa nou vin rele "dèt endepandans" Lafrans te rale kouto pou Gouvènman Boyer a te siyen an
Deklarasyon pinga KOMOKODA pou tout kandida k apral nan eleksyon pike kole Meriken-PHTK ki ta vin frite nan zòn NY la
Apre desizyon tribinal pou kondane polisye Derek Chauvin pou sasinay George Floyd, lapolis Ozetazini kontinye touye Nwa ak Panyòl nan move kondisyon
Enpòtans pou tout moun k ap mache nan lari Etazini aprann sèvi ak videyo telefòn yo epi sèvi ak li nenpòt lè yo ta kwaze ak lapolis ki sèke yon moun nan kominite a; Se ka prezans nou, sitou ak kamera a, ki ka rive sove lavi moun sila a
Pou ki sa Ayisyen, sitou sa k Ozetazini yo, kontinye ap mande blan an pou l ede Ayiti, pou l fè plis pou retire peyi nou nan sa li ye a? èske Ayisyen sa yo konprann se mande n ap mande yo pou rantre grif yo pi fon nan zafè nou, pou yo oran kontwòl peyi nou?
Ekip Jovenel Moise la di tout bagay anplas pou referanndòm ak eleksyon lib, onèt, demokratik
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste madi 4 me, 11am-2pm devan Konsila Lafrans nan NY la: 934 5yèm Avenue, ant 74yèm ak 75yèm Streets nan Manhattan
Liy ouvè ak oditè yo
Gouvènman Federal Meriken an fè yon desantdelye lakay ansyen Majistra NY la Rudolph Giuliani ak manda pou yo fouye pou wè si y a jwenn dokiman ki montre kont maltaye ant msye ak Gouvènman peyi Ukraine

Wednesday Apr 21, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 21 avril 2021
Wednesday Apr 21, 2021
Wednesday Apr 21, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Rapò sou manifestasyon KOMOKODA yè madi 20 avril 2021 an devan Konsila Ayisyen nan NY la pou n denonse Jovenel Moise-PHTK ak òganizasyon sondaj malatchong BRIDES ki soti pou fè kwè 90% dyaspora a sipòte koze konstitisyon PHTK a:
Aba konstitisyon malatchong Meriken-PHTK a!
Aba eleksyon pike kole Meriken-PHTK a!
Nou bwase koze ansanm ak frè nou Raymond Dugué sou desizyon tribinal Minnesota ki kondane polisye Derek Chauvin pou sasinay George Floyd
Liy ouvè ak oditè yo
Enfòmasyon ki tonbe pou di gouvènman Meriken an deside bay yon "stimulus" siplemantè pou moun ki rapòte yo fè mwens kòb an 2020 an ke yo te fè an 2019; Se moun ki ranpli deklarasyon enpo yo pi bonè k ap gen chans jwenn kòb diplis sila a
Peyi Burkina Faso deside jije trèt apatrid Blaise Compaore pou sasinay ansyen Prezidan peyi sa a Thomas Sankara

Wednesday Apr 14, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 14 avril 2021
Wednesday Apr 14, 2021
Wednesday Apr 14, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Mobilizasyon pou dyaspora a toupatou ta kanpe nan jou 20 avril la ki make kòm Jounen Nasyonal Dyaspora Ayisyen pou manifeste kont manti BRIDES ak PHTK ki ta vle fè konprann 9 sou chak 10 Ayisyen k ap viv deyò peyi a sipòte pwojè konstitisyon malatchong PHTK a ak eleksyon pike kole yo di y apral fè a: KOMOKODA ap manifeste 20 avril la, 3pm-6pm devan Konsila Ayisyen nan NY la: 815 2nd Avenue, ant 43yèm ak 44yèm Streets nan Manhattan
Nou salye sè nou Fabienne Hyacinthe k apral selebre anivèsè nesans li nan wikenn nan
Jouthe Joseph demisyone, Jovenel Moise anonse li ranplase l ak Ti komik Claude Joseph ki te pote tit minis afè etranjè
KOMOKODA di polis yo sonje sa k te rive makout apre Jean Claude Duvalier te pran lyann; Se jodi a pou yo ta aji kont gouvènman asasen, vòlè, apatrid la pou yo ta jwenn yon ti padon nan je popilasyon an
Joe "Ti Tonbe" Biden mande Taliban yo tanpri souple ba li jiska mwa Septanm 2021 an pou l retire tout sòlda Meriken li yo nan peyi Afghanistan
Relijyon pou Lapè Ayiti lave men li nan koze negosyasyon PHTK ak opozisyon an epi Legliz Katolik anonse l ap fèmen tout enstitisyon li nan peyi a demen
Nou ankouraje oditè yo rele laboratwa sondaj malatchong Meriken ki rele BRIDES la nan 011-509-3828-3597 pou di yo sondaj dyaspora yo a se yon gwo manti li ye
Pou ki sa tout presyon sila a pou voye moun al pran vaksen Kovid-19 yo pandan jiskaprezan FDA Meriken an panko janm apwouve okenn nan yo
-Lendi 12 avril la se te premye jou moun ki te fè lantèman yon fanmi akoz Kovid-19 la te ka rele nimewo telefòn 844-684-6333 pou ranpli aplikasyon FEMA pou leta ranbouse yo jiska $9,000 nan lajan yo te depanse pou lantèman sa a
Liy ouvè ak oditè yo
Prizonye politik Nwa Meriken Mumia Abu Jamal nan yon kondisyon sante kritik; L ap blije fè yon operasyon nan kè li annijans demen 15 avril la
Leta nan Minnesota arete polisye Kimberly Potter ki sasinen Daunte Wright
Aba tout opòtinis k ap fòme pati politik pou y al nan eleksyon pike kole Meriken-Core Group-PHTK a

Wednesday Apr 07, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 7 avril 2021
Wednesday Apr 07, 2021
Wednesday Apr 07, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Dahoud ki nan Florid fè ti pale sou zanmi li Gary Olibrice ki te fè travèse li 19 mas ki sot pase a ki antere jodi a; Nou te wè ak frè nou Fritzner Pierre ki pral gen yon lannen depi li kite NY pou vini nan Florid la; Nou salye zanmi nou John Desormot ak fanmi li nou te gen chans wè jodi a; Nou te kontan wè gwo epi bèl sant kominotè "Gerard Jean Juste Community Center" ki nan kominote Ayisyen an
Jodi 7 avril 2021 an fè 218 lannen depi peyi Lafrans te koupe souf Tousen Louvèti: ti refleksyon nou sou sa
Refleksyon nou sou òganizasyon Relijyon pou Lapè devwale 4 pati politik ki ekri yon pou mande yo pran responsabilite lanse yon dyalòg ak Jovenel Moise-PHTK:
-MTV - Reginald "Reggie" Boulos
-AAA - Youri Latortue
-Anfòs - Dieusel Simon Desras
-UNIR - Clarens Renois
Jijman polisye Derek Chauvin ki te sasinen George Floyd ap pousuiv nan Mineapolis
Nou salye Madam Islande Israel ak mari li Meneus Israel k ap selebre anivèsè nesans you tou 2 demen 8 mas la
Ayibobo pou òganizasyon feminis yo ki te selebre 3 avril "Jounen Nasyonal Fanm Ayisyen" an ak yon gwo manifestasyon nan Pòtoprens
Liy ouvè ak oditè yo