Episodes

Wednesday Mar 31, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 31 mas 2021
Wednesday Mar 31, 2021
Wednesday Mar 31, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Ranmase sou mobilizasyon ki te fèt divès vil atravè mond lan nan kad Jounen Entènasysonal Solidarite ak Ayiti a lendi k sot pase a:
-Uruguay
-Miami
-Buenos Aires
-Washington DC
-Santo Domingo
-Montreal
-Ottawa
-Venezuela
-Newark
-Boston
-Atlanta
-San Juan
-New York
Son nan manifestasyon New York la
Ranmase kèk nan gwoup yo sou totalite inisyativ la
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Mar 24, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 24 mas 2021
Wednesday Mar 24, 2021
Wednesday Mar 24, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou salye 3 fanmi k ap selebre anivèsè nesans yo nan wikenn nan: Marie Fevry; Rosemarie Pierre; Christina Andre
Mobilizasyon pou Jounen Entènasyonal Solidarite ak Ayiti k ap fèt lendi 29 mas 2021: KOMOKODA ap manifeste devan Misyon Etazini nan LONI, Midi pou 3PM
Nou fè yon ti koze ak reprezantan kèk nan zòn yo k ap patisipe nan mobilizasyon lendi a:
-Pou Miami, Tony - Veye Yo
-Pou NY, Marty - Socialist Action
-Pou NY, Haiti - Haiti's W.O.M.B. 1804
-Pou Washington DC, Eugenia - Black Alliance for Peace
-Pou NY, Brian - Mexicanos Unidos
-Pou Atlanta, Mamyrah - Community Movement Builders
-Pou Atlanta, Jovan - Organization for Human Rights 7 Democracy
-Pou Atlanta, Kweku - Konbit Sitwayen Sosyalis pou Sove Ayiti
-Pou Montreal, Alain - Coalition haitienne au Canada contre la dictature en Haiti
-Pou Caracas, Carmen - Instituto Simon Bolivar
Mobilizasyon pou Jounen Entènasyonal Solidarite ak Ayiti k ap fèt lendi 29 mas 2021: KOMOKODA ap manifeste devan Misyon Etazini nan LONI, Midi pou 3PM
Liy ouvè ak oditè yo
Mannigèt Howard University ak yon gwoup fanm Meriken Nwa potanta nan Pati Demokrat la pou chache lave dosye chat mimi Fondasyon Clinton ak kadejakè Bill Clinton
Konsèy Sekirite Nasyonazini mande tout Ayisyen pou fè yon tèt ansanm pou eleksyon lib, onèt, ak demokratik ak Jovenel Moise

Wednesday Mar 17, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 17 mas 2021
Wednesday Mar 17, 2021
Wednesday Mar 17, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou salye frè nou Fritz Beauté ak "Manman Baz" Jaqueline Salnave ki tounen nan baz
Nou salye Madam Laurette Marie Mathieu, manman sè nou Mirlande Paillere ki selebre 101yèm anivèsè nesans li dimanch ki sot pase a
Ti koze ak konpatriyòt Oxygene David, responsab nan òganizasyon MOLEGHAF sou sitiyasyon peyi a
Ti koze ak sè nou Mamyrah Dougé Prosper sou Jounen Entènasyonal Solidarite ak Ayiti k ap fèt lendi 29 mas 2021 atravè mond lan nan okazyon 34yèm anivèsè Konstitisyon 1987 la
Nou salye Prezidan Aristide ak Inivèsite Fondasyon Aristide la ki te gen gradyasyon dimanch lan; Nou pase ti son nan aktivite a
Biznis Prebble Risch ki te mennen mesenè Meriken yo nan peyi a anonse li ouvè yon fon pou soutni fanmi polisye ki tonbe pandan y ap fè travay sal PHTK
Ak nouvo dekrè Jovenel Moise la, MINISTA san lè tounen nan peyi a
Nan yon entèvyou ak Tele20 ekonomis Fritz Jean fè konnen se 4 milya dola PHTK ap rale chak mwa nan pòch Ayisyen k ap resevwa kòb nan men dyaspora a
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou Jounen Entènasyonal Solidarite ak Ayiti k ap fèt lendi 29 mas 2021: KOMOKODA ap manifeste devan Misyon Etazini nan LONI, Midi pou 3PM

Wednesday Mar 10, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 10 mas 2021
Wednesday Mar 10, 2021
Wednesday Mar 10, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou pase nouvo deklarasyon KOMOKODA sou kalfou peyi nou twouve l ladan l jodi a
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki vin jwenn nou
Nouvèl
-Rene Sylvestre ki se prezidan tribinal kasasyon an pran pozisyon ak Jovenel Moise; Li di jij pa gen dwa foure djòl yo nan politik
-Enfòmasyon k soti sou gwoup ki jwenn lajan nan men Councilmember Farah Louis montre aklè pou ki sa KOMOKODA te mande kominote a pa vote pou li
-Chanm Depite Meriken an vote nouvo "stimulus" 1.9 trilyon dola a
-Gen yon 6yèm fanm ki pote akizasyon agresyon seksyèl kont Gouvènè New York la Andrew Cuomo
Liy ouvè ak oditè yo
-Hackers rive rantre anndan yon sistèm stokaj videyo an dirèk konpayi Verkada k ap jere dokimantasyon enstitisyon leta, lopital ak biznis atravè lemond
-Pi gwo chèf militè Meriken nan zòn Lachin fè konnen Chinwa yo devlope yo yon michan misil ki gen kapasite detwi gwo batiman pòt avyon jiska 1500 kilomèt distans
-Pòt pawòl Mezon Blanch la anonse y ap sige ak menm politik Donald Trump sou Kiba a
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm nan nou salye tout fanm Vanyan KOMOKODA yo epi tout fanm nan kominote a k ap goumen pou yon lòt jou ka jou

Wednesday Mar 03, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 3 mas 2021
Wednesday Mar 03, 2021
Wednesday Mar 03, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou salye sè nou Chimene k ap selebre anivèsè nesans li jodi a
Ti refleksyon diplis sou koze zòn franch nan Savàn Djàn pou pwodui estevya pou Coca Cola pandan rapò ap soti pou di jiska 4 milyon Ayisyen nan peyi a pa jwenn ase manje pou yo manje
Ti koze ak konpatriyòl Rosnel Jean-Baptiste, ansyen Kowòdonatè òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen sou dosye Savàn Dyàn nan epi sou pozisyon sektè Peyizan an sou konjonkti peyi a twouve li ladan l jodi a
Tribinal Federal nan Raleigh, North Carolina kondane Sèjan Marin Meriken Jacques Duroseau ki fèt Ayiti pou l pase 5 lannen nan prizon. Msye t al Ayiti ak gwo zam ak entansyon pou l te jete Gòuvènman Jovenel Moise la
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Feb 24, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 24 fevriye 2021
Wednesday Feb 24, 2021
Wednesday Feb 24, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
N ap mande tèt nou pou ki sa gen Ayisyen k sezi, ki estomake pou manti ti kouyon Jovenel Moise al bay devan Konsèy Sekirite LONI ak fason derespektan mèt ke l yo te adrese l nan reyinyon sa a
Depite NY la Alexandria Ocasio Cortez di se yon wont pou Administrasyon Biden/Harris la ap ouvè yon prizon pou mete timoun 13 pou rive 17 lannen nan Carrizo Springs, Texas
Pozisyon Ayisyen natiralize ak pitit Ayisyen ki fèt isit Ozetazini ki eli nan pòs politik Meriken sou sitiyasyon Ayiti a
Nou bay lis 10 premye Delege Depatmantal Mateli yo epi nou mande pèp Ayisyen an pinga bliye non okenn nan vòlè sa yo
Liy ouvè ak oditè yo
Ajans nouvèl Ayibopost pibliye yon entèvyou ak Gilbert Mirambeau ki te temwen kidnapin ki fèt sou 3 manm nan ekip fim Malatchong nan ke l ap dirije
Jovenel Moise siyen yon dekrè pou bay fanmi Apaid ak fanmi Dejoie 8,700 ekta tè yo te deja vòlè ki kouvri 3 depatman pou yo plante "stevia" pou konpayi miltinasyonal Coca Cola

Wednesday Feb 17, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 17 fevriye 2021
Wednesday Feb 17, 2021
Wednesday Feb 17, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Ayibobo pou pèp Ayisyen ki manifeste epi rive boule cha kanaval malgre 2,500 gang ak inifòm PNH Jovenel PHTK te drese anfas pèp la; Nou bay lis djaz kolabo yo ki te patisipe nan kanaval lawont sila a
Ti koze ak avoka Marcel Denis sou dènye devlopman nan dosye dola senkant sou transfè dyaspora a ak senk santim sou chak minit apèl k ap rantre Ayiti ki devan tribinal federal Meriken nan Brooklyn nan
Senatè PHTK Rony Celestin ak madanm li Marie Louisa Celestin achte yon vila nan Laval andeyò Montreal pou 4.25 milyon dola "cash" anplis yon lòt kay yo te deja genyen nan vil sila a
Ti koze ak frè nou Jafrik sou vila Rony Celestin an epi manifestasyon Ayisyen nan Montreal ap fè Vandredi devan biwo Ministè Afè Etranjè Canada
Nouvèl
-Gwo tèt chaje, pwoblèm elektrisite kontinye nan eta Texas ak zanviwon yo
-Gouvènman Joe Biden nan gen tan pimpe 500 Ayisyen tounen nan 12 vòl avyon
-Donald Trump lage yon deklarasyon pou kalonnen Mitch McConnell ki se alatèt pati Repibliken an nan Chanm Sena a
Liy ouvè ak oditè yo
Lyen pou Entèvyou nou te fè ak jounalis Aaron Mate nan emisyon PushBack ki pase nan Grayzone:
https://www.youtube.com/watch?v=Y5uFYLIp2CI&t=273s
Nou bay lis moun ki te minis nan gouvènman Gary Conille yo epi nou mande pèp Ayisyen an pinga bliye non okenn nan vòlè sa yo

Wednesday Feb 10, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 10 fevriye 2021
Wednesday Feb 10, 2021
Wednesday Feb 10, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou salye frè nou Vanyan Vilcere Romulus ki te selebre anivèsè nesans li yè madi a
Ayibobo pou tout fanmi ki te kanpe ak KOMOKODA samdi k sot pase a nan Brooklyn nan pou n te pote solidarite nou bay pèp Ayisyen an anndan peyi a k ap denonse Jovenel Moise-PHTK ak mèt ke yo nan kominote entènasyonal la
Nou pase son manifestasyon Brooklyn nan epi son manifestasyon Solidarite Quebec-Haiti te fè nan Montreal la dimanch ki te 7 fevriye a
Ti koze ak konpatriyòt Spenceur Celestin ki se yon etidyan nan Fakilte Syans Imèn ki te pami etidyan k te mennen manifestasyon nan Pòtoprens jodi a kont Jovenel Moise-PHTK
Sa sa vle di lè nou jwenn Ayisyen k ap viv Ozetazini k ap bay manti pou fè konprann se restan fonksyonè Trump yo nan Depatman Deta ki responsab pozisyon Ameriken anfavè Jovenel Moise-PHTK; Kòmkwa Joe Biden pral retire nou nan mizè menm yomenm nan mete peyi nou an
Nou pase vwa Joe Biden nan yon entèvyou li te genyen ak jounalis Meriken Charlie Rose kote li te di si lanmè Karayib la ta louvri epi anglouti Ayiti, sa pa t ap retire yon plim sou do Etazini
Liy ouvè ak oditè yo
Nou bay lis moun ki te minis nan gouvènman Jean Henry Ceant yo epi nou mande pèp Ayisyen an pinga bliye non okenn nan vòlè sa yo

Wednesday Feb 03, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 3 fevriye 2021
Wednesday Feb 03, 2021
Wednesday Feb 03, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA ap fè nan Brooklyn nan samdi 6 fevriye k ap vini an a 1è Tapan
Nou bay lis 12 jij nan Tribinal Kasasyon an: 6 nan yo Jovenel Moise te nonmen epi 6 lòt yo Michel Martelly te nonmen
Liy ouvè ak oditè yo
Deklarasyon Jean Herve Charles ki se ansyen kandida nan eleksyon Ayiti 2015-2016 la ki sètifye Konsèy Elektoral ki t ap jere eleksyon sila a te klè ak tout kandida pou prezidan nan eleksyon sila a ke manda yo t ap bout 7 fevriye 2021
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou mobilizasyon k ap fèt Montreal nan Canada dimanch 7 fevriye k ap vini an

Wednesday Jan 27, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 27 janvye 2021
Wednesday Jan 27, 2021
Wednesday Jan 27, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Frè nou Raymond Dugué ak konpatriyòt Clausel debake nan radyo a pou swete Dahoud yon bòn fèt
Tout fanmi KOMOKODA a rasanble nan telefòn nan pou swete Dahoud yon bòn fèt
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA pou Ayisyen nan NY-NJ-CT mande pou Jovenel Moise ak PHTK rache manyòk yo bay tè a blanch
Liy ouvè ak oditè yo
Depi yè se gwo tèt chaje pou moun k ap pran avyon pou rantre Ozetazini akoz nouvo regleman ki ekzije pou w gen yon tès kovid ki negativ ki pa gen plis ke 3 jou pou w ka monte avyon an
Yè Madi a 45 senatè Repibliken nan Chanm Sena Meriken an vote pou kwape jijman "impeachment" Donald "Gwo Moso" Trump lan; Sa tou montre Demokrat yo pa gen okenn chans jwenn 17 senatè Repibliken pou mennen dosye a kote yo ta renmen l ale a
Putin ak Biden fè premye kominikasyon yo nan telefòn pou diskite dosye ki enterese yo
Nou bay lis Anbasad Meriken mete deyò pou laboratwa y ap aksepte rezilta tès Kovid yo