Episodes

Wednesday Jan 20, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 20 janvye 2021
Wednesday Jan 20, 2021
Wednesday Jan 20, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Ti ranmase sou Donald Trump la ak administrasyon li an: Pou ki sa nou kwè se te yon asasen kriminèl, yon rasis, yon vòlè, yon koken menm jan ak tout lòt 44 prezidan Meriken ki vini anvan li yo
Refleksyon nou sou Joe Biden ak administrasyon li an: Ki sa k anonse; Espektak Hollywood monte nan Washington DC jodi a pou chache fè moun bliye dosye rasis Joe Biden ak dosye Kamala Harris; 17 dekrè Biden siyen yo osito li pran pouvwa jodi a
Anons manifestasyon KOMOKODA lanse pou samdi 6 fevriye, 1pm nan Flatbush ak Parkside pou n ede pèp la anndan peyi a dechouke Jovenel Moise
Liy ouvè ak oditè yo
Nou swete frè nou Deenps "Granbwa" Bazile k ap selebre anivèsè nesans li jodi a yon Bòn Fèt!
Nan dènye jou li opouvwa, Donald Trump siyen papye pou efase kondànasyon ak pinisyon 70 moun epi pou l redui pinisyon 73 lòt: Julian Assange, Edward Snowden, Leonard Peltier, Mumia Abu Jamal, ak Borgela Philistin pa t nan lis la
Lachin mete sanksyon sou 28 ansyen manm administrasyon Trump lan; Gwo kesyon sou 20 milyon dola kòb ki soti Lachin k al ateri nan Penn Biden Center epi 67 milyon dola ki soti Lachin k al ateri nan University of Pennsylvania
Moun ki idantifye tèt yo kòm antifachis manifeste ak anpil vyolans nan Portland epi nan Colorado pou di fòk chodyè a chavire isit Ozetazini epi yo pa rekonèt Joe Biden kòm prezidan yo
Nou jete dlo pou Patrice Lumumba; Semèn sa a fè 60 lannen depi Etazini te fè konplo ak Bèljik pou sasinen Vanyan an

Wednesday Jan 13, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 13 janvye 2021
Wednesday Jan 13, 2021
Wednesday Jan 13, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou retire chapo n pou n salye tout fanmi ki te patisipe nan manifestasyon KOMOKODA yè 12 janvye a devan Fondasyon Clinton pou n kontinye lonje dwèt sou yo pou lajan Goudougoudou a yo vòlè epi apatrid Martelly ak Jovenel yo enpoze alatèt peyi nou
KOMOKODA jete dlo pou tout viktim Goudougoudou a yo ak tout fanmi, tout Ayisyen dat 12 janvye a mete nan lapenn
Deklarasyon 4 out 2020 KOMOKODA a
Jodi a, Chanm Depite Meriken an vote yon lòt fwa ankò pou "impeach" Prezidan Meriken an Donald Trump; Refleksyon nou sou lòbèy ki genyen nan Washington depi Mèkredi pase
Sèvis kominikasyon Whatsapp anonse y ap fè gwo chanjman nan kontra "privacy" yo te genyen ak abone yo apati 8 fevriye k ap vini an; Nou ankouraje tout moun k ap koute nou travèse al jwenn sèvis altènativ "Signal" ki jiskaprezan ofri plis sekirite
Dosye Ayiti a:
-Kidnaping nan kontinye ap fè pale de li nan peyi a
-Chanm Sena Ayisyen an parèt li reveye epi li vote Joseph Lambert nan pozisyon prezidan chanm sila a k pa gen okenn pouvwa deside anyen
-Diferan branch opozisyon an anonse yo gonfle fòs yo pou prezante pèp la yon kalandriye mobilizasyon
Liy ouvè ak oditè yo
Pou ki sa tout moun ta dwe enkyete epi leve kanpe lè gouvènman ak gwo konpayi teknoloji yo ap rantre fon nan enfòmasyon prive nou
Ki sa sèvis tiktok la ye?
Eleksyon nan Ougannda demen: Jèn chantè Bobby Wine ap chache ranpòte laviktwa sou Museveni k ap chache pran yon 7yèm manda
Nou adrese kesyon yon oditè sou nouvo branch lame nan lespas (United States Space Force) Donald Trump lanse nan mwa desanm 2019 la
Yon Ameriken ki nan medya anonse konpayi asirans AIG anile asirans li paske li kontinye sipòte Gwo Moso

Wednesday Jan 06, 2021
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 6 janvye 2021
Wednesday Jan 06, 2021
Wednesday Jan 06, 2021
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
KOMOKODA remèsye tout fanmi yo k ap louvri lanne 2021 an ak nou
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse pou Madi pwochen 12 janvye devan Fondasyon Clinton pou n kontinye lonje dwèt sou yo pou lajan Goudougoudou a yo vòlè epi apatrid Martelly ak Jovenel yo enpoze alatèt peyi nou
Nou swete frè nou Pedro Martin Vargas ki te selebre anivèsè nesans li yè madi a yon Bòn Fèt
Ki jan nou konprann trip kabrit ki pete nan Washington DC jounen jodi a
Rezilta eleksyon pou 2 senatè Georgia yo tonbe: Pati Demokrat la repran kontwòl Chanm Sena Meriken an
Leta eta Wisconsin fè konnen yo pa jwenn okenn rezon pou trennen polisye blan Rusten Sheskey ki paralize jèn gason Nwa Jacob Blake ak 7 bal nan tribinal paske li pa t fè anyen mal
Liy ouvè ak oditè yo
Yon ti kannòt ki t ap travèse migran Ayisyen nan Kolonbi nan wout pou paradi Etazini koule; Otorite yo jwenn 9 moun vivan; Yo jwenn 4 kadav gen 3 moun yo panko jwenn
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse pou Madi pwochen 12 janvye devan Fondasyon Clinton pou n kontinye lonje dwèt sou yo pou lajan Goudougoudou a yo vòlè epi apatrid Martelly ak Jovenel yo enpoze alatèt peyi nou

Wednesday Dec 30, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 30 desanm 2020
Wednesday Dec 30, 2020
Wednesday Dec 30, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA remèsye tout fanmi yo ki fè ane a ak nou
Jan KOMOKODA wè sitiyasyon peyi nou: Peyi nou gen yon sèl pwoblèm: Nou pèmèt lènmi nou mete apatrid restavèk yo kenbe gouvènay batiman an
Nou jete dlo pou fanmi nou yo ki fè travèse yo pandan ane 2020 an
Gwo dosye ane a nan lit KOMOKODA a
Liy ouvè ak oditè yo
Dènye nouvèl nou jwenn sou dosye "stimulus package" la
Ti fikilte ak koze vaksen Kovid la
Nou envite oditè yo pase selebre 217yèm anivèsè nesans peyi nou Vandredi 3pm nan Flanbwayan

Wednesday Dec 23, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 23 desanm 2020
Wednesday Dec 23, 2020
Wednesday Dec 23, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Pou ki sa yon pil ak yon pakèt Ayisyen ap tann modòd Meriken pou yo deside sa k ka fèt ak sa k pral fèt nan peyi nou
Liy ouvè ak oditè yo
Gwo Moso Donald Trump di l pa p siye pwojè lwa "stimulus" la si yo pa chanje l pou bay pèp la 2 mil dola olye 600 dola; Dosye a mele
Donald Trump miltipliye "pardon" l ap bay zanmi li, bizawèl li, ak 4 mèsenè Blackwater ki te masakre 37 inosan nan Nisour Square nan peyi Irak 16 septanm 2007
Remèsiman pou oditè radyo a ki te reponn ak apèl nou te fè nan emisyon Eritye Papa Desalin yè madi a pou n te jwenn $1,000 pou sè nou Rheza Boucard ak Klib Zanmi Kiba nan Sidès la kapab fè yon fèt fen lannen pou remèsye Brigad Medikal Kiben nan zòn nan; Jodi a nou rive jwenn pwomès pou $1070
Liy ouvè ak oditè yo
Ti restavèk Meriken Guaido bat bravo li deklare referanndòm li te fè pou chache efase eleksyon lejislativ Gouvènman Maduro a yon gwo siksè
Gouvènè NY la Andrew Cuomo anonse pwolongasyon dekrè pou anpeche mèt kay mete lokatè deyò paske yo pa gen mwayen peye nan sezon kovid la
Yon pil ak yon pakèt travayè lasante atravè peyi Etazini refize pran vaksen Kovid la

Wednesday Dec 16, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 16 desanm 2020
Wednesday Dec 16, 2020
Wednesday Dec 16, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Manm KOMOKODA yo rasanble pou n rann omaj ak sè nou Raymonde Amedée ki tonbe nan chimen an
Nou louvri liy nan pou lòt oditè ki te gen chans goumen akote Raymonde bay temwanyaj yo
Mizik Sò Anne "Pyè Aleman" pou Raymonde
Jodi a se 16 desanm 2020, 30 lannen depi jou 16 desanm 1990 ki se dat gwo viktwa pèp Ayisyen an ak eleksyon Titid kòm prezidan peyi nou
Liy ouvè ak oditè yo
Sanble politisyen yo nan Wachintonn ka lage yon dezyèm "stimulus package anvan Trump ale
Anons

Wednesday Dec 09, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 9 desanm 2020
Wednesday Dec 09, 2020
Wednesday Dec 09, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
Nou salye frè nou Antoine Adan k ap selebre anivèsè nesans li jodi a
Nou voye fòs ak kouraj pou frè nou Raymond Dugué ak tout lòt manm UNIA yo nan okazyon travèsè Marcus Garvey Jr. ki se te premye pitit Marcus Garvey epi an menm tan 7yèm Prezidan Jeneral òganizasyon an
Ki ès ki mèt kidnapin ak ensekirite k ap taye banda nan peyi a
300 mil dola vèt pou liberasyon "machann sosis" la jou aprè yo kidnape l la; 200 mil dola vèt pou kidnapin yon enjenyè; Kote pil dola vèt sa yo soti???
Liy ouvè ak oditè yo
Ti detay sou pwolongasyon 9 mwa TPS pou kèk imigran san papye Ozetazini ki soti Ayiti, Èlsalvadò, Nepal, Nikaragwa, Onndiras, ak Soudan jiska Oktòb 2021
Vòt tout eta nan Etazini yo sètifye yè 8 desanm nan men avoka k reprezante 17 eta ale devan Lakou Siprèm pou mande anile rezilta eleksyon an
14 milya dola depanse nan eleksyon 2020 Etazini an
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)

Wednesday Dec 02, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 2 desanm 2020
Wednesday Dec 02, 2020
Wednesday Dec 02, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
Nouvèl:
-Ti komik Claude Joseph ki pote tit Minis Afè Etranjè gouvènman kwoupyon an fè konnen Òganizasyon Entènasyonal Lafrankofoni pral ede Ayiti monte nouvo konstitisyon an
-Gouvènman Abinader la nan Repiblik Dominikèn lanse yon kanpay kont koripsyon nan peyi sa a
-Donald Trump panko bay legen men ekip la pran yon gwo kou yè lè Minis Jistis la William Barr anonse kòken ki te fèt nan eleksyon Meriken an pa p rive ranvèse rezilta ki pibliye yo
-Plizyè milyon moun k ap viv Ozetazini te jwenn $1200 nan men leta pou ede yo jere kowonaviris la men 43,000 moun ki pi rich nan peyi a yo chak jwenn omwen $1.6 milyon
Liy ouvè ak oditè yo
UNICEF pibliye yon rapò kote yo di zafè lekòl adistans la gen pwoblèm Ayiti paske 79% timoun ki lekòl an Ayiti pa gen aksè ak entènèt la; Nou blije ri UNICEF paske li bliye di konbyen nan elèv sa yo ki pa gen aksè ak kouran
Gouvènman Abinader la pran yon dekrè pou bay 295 braceros Ayisyen pansyon y ap lite pou jwenn depi plis pase 30 lannen
Dimanch 6 desanm k ap vini an pral genyen eleksyon lejislativ nan Venezuela
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)

Wednesday Nov 25, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 25 novanm 2020
Wednesday Nov 25, 2020
Wednesday Nov 25, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Jodi a fè 4 lannen depi Vanyan Fidel Castro fè travèse li; Nou koube n byen ba pou salye memwa li
Nou jete dlo pou pou foutbolè militan Diego Maradona ki fè travèse li jodi a
25 Novanm se Jounen Entènasyon pou Elimine Vyolans k ap fèt sou Fanm: Nou gade kote jounen an soti; Nou salye medam yo; Epi nou di gason k ap fè vyolans yo: Ase!
Ti koze ak frè nou Hilario Batista ki se responsab Depatman Kreyòl Radyo Laavàn peyi Kiba sou anivèsè lanmò Fidel la
Chanjman nan reyalite fanm nan mond lan pa p ka fèt ti kal ti kal; Fòk se yon revolisyon ki fèt
Nouvèl
-Malgre lese pase Trump bay yè pou Administrasyon Gouvènman Meriken an te koumanse kolabore ak ekip tranzisyon Biden nan, li te nan tribinal nan Pennsylvania pou chache ranvèse rezilta eleksyon an
-Nou salye Madam Cilamise Abellard, yon Ayisyèn k ap viv nan Rockland County nan NY la ki sot fete 108yèm anivèsè li
-Nou tou pwofite salye Madam Laurette Marie Mathieu ki se manman sè nou Mirlande ki genyen 100 lannen epi k ap travay pou 125
-Trump sot anonse li bay yon "pardon" pou efase kondanasyon General Michael Flynn
-Joe Biden anonse Trump ap kolabore ak ekip li an ak tout senserite
Liy ouvè ak oditè yo
-7,000 Juif sanble kou sadin nan sinagòg Satmar nan Williamsburg nan Brooklyn nan pou selebre maryaj pitit pitit Rabbi yo

Wednesday Nov 18, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 18 novanm 2020
Wednesday Nov 18, 2020
Wednesday Nov 18, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Jodi a se 18 novanm 2020, 217 lannen depi dat Batay Vètyè a, KOMOKODA jete dlo pou zansèt nou yo
Yè 17 novanm nan se te anivèsè nesans frè nou Raymond Dugué (Nèg Chif la), Nou swete fanmi an Sante, Sante, Sante!
Refleksyon gran frè nou Jean Claude Martineau (Koralen) sou gwo viktwa pèp peyi Bolivi ranpòte sou zwazo bèk fè a ak bizawèl li yo
Nouvèl:
-Lavil New York deside fèmen lekòl fasafas apati demen 19 novanm nan; se nan entènèt sèlman lekòl ap kontinye
-Gouvènè NY la anile fèt "Thanksgiving" pou ane 2020 a; plis pase 10 moun pa andwa rasanble okenn kote
-Nan rekontaj alamen k ap fèt nan Georgia, Kandida Demokrat la Joe Biden
-Li parèt gen yon fòs envizib k ap pran kontwòl yon avyon lagè F-16 Etazini vann peyi Taywann
-Mobilizasyon nan Pòtoprens jodi a nan okazyon anivèsè Batay Vètyè a; Yon jèn gason pèdi lavi li
Liy ouvè ak oditè yo
Lavil New York anonse yo pral monte pri transpò piblik ak tout "toll" atravè vil la
Nou wete chapo n pou salye jounalis Robert Fisk ki fè travèse li
Yè 17 novanm lan Bank Repiblik Ayiti anonse li mete yon lòt 10 milyon dola vèt nan ekonomi Ayiti a; Mannèv lave men siye atè pou vòlè yo wè si mannigèt goud la ki ta double fòs sou dola a va kenbe detwa jou anplis