Episodes

Wednesday Nov 11, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 11 novanm 2020
Wednesday Nov 11, 2020
Wednesday Nov 11, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Etazini ak peyi Lewòp yo fete "Veterans Day" jodi a, jou pou selebre sòlda ki pase nan lame peyi a
Donald Trump panko bay legen epi rezilta eleksyon Etazini yo panko ofisyèl
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué pou analiz chif eleksyon Trump-Biden nan epi kote eleksyon an ye jodi a
Lapolis Ayisyen fè konnen se pa katouch yo ki touye etidyan Gregory St Hiaire
Liy ouvè ak oditè yo
Lendi swa moun yo pa idantifye sasinen Pastè Jean François Louis ak madanm li Exinor Luciane ki te ansent 7 mwa
Ministè Edikasyon Nasyonal fè konnen 90% nan elèv 9yèm ane fondamantal yo ki t al konpoze nan ekzamen nasyonal yo reyisi; Sa vle di mwens jou elèv yo fè lekòl se plis ki pase nan ekzamen yo
Gouvènè NY la Andrew Cuomo fè konnen akoz chif kowonaviris la k ap monte nan zòn NY la genyen nouvo restriksyon k ap koumanse apati vandredi k ap vini an
KOMOKODA salye retou endijèn yo opouvwa nan Bolivi epi Prezidan Evo ki retounen lakay li; Palman peyi sila a mande pou lajistis ta trennen Prezidan koudeta a Jeanine Anez ak kolaboratè li yo nan tribinal pou masak yo responsab

Wednesday Nov 04, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 4 novanm 2020
Wednesday Nov 04, 2020
Wednesday Nov 04, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Reflesksyon nou sou eleksyon k ap konte isit Ozetazini kote n ap viv la
Nou jete dlo pou ti sè nou Evelyne Sincère rejim PHTK a sasinen; Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi li
Ti komik lènmi Ayiti mete kòm responsab leta nan peyi nou yo ak restavèk nan laprès yo soti pou bay pèp yon gwo bidim 6 etaj kòm boukantay pou libète ak byennèt li
Liy ouvè ak oditè yo
Dènye chif yo nan eleksyon Meriken an: 2 koken ak patizan yo k ap demele yo kou yo konnen

Wednesday Oct 28, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 28 oktòb 2020
Wednesday Oct 28, 2020
Wednesday Oct 28, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Reflesksyon nou sou Jounen Entènasyonal Kreyòl k ap selebre jodi a toupatou gen moun ki pale Kreyòl
Ti koze ak frè nou Jordany Jean-Baptiste k ap viv nan Philadelphia sou jèn gason Walter Wallace lapolis vil sila a sasinen lendi a
Nouvèl
-dènye nouvèl ki soti nan peyi nou
-atik ki parèt nan Miami Herald fè konnen gen yon blan Meriken ki fè konnen anyen pa ka fèt nan zile Latòti paske li gen yon kontra fèmay 99 lannen pou devlopman zile Latòti Franswa Divalye te ba li
-Majistra lavil NY la ak Gouvènè eta a mande tout moun k ap viv nan zòn nan pou poze, pa deplase nan sezon fèt la
-Senatè Annick Francois Joseph ki t ap viv nan zòn NY la fè travèse li yè madi a nan Kanada
Anons

Friday Oct 23, 2020
10-23-20 Emisyon Widens Pierre nan Radio Timoun
Friday Oct 23, 2020
Friday Oct 23, 2020
Envite Josué Renaud - New England Human Rights Organization for Haiti
Envite Dahoud Andre - KOMOKODA
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Oct 21, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 21 oktòb 2020
Wednesday Oct 21, 2020
Wednesday Oct 21, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Ti kout je sou mobilizasyon k te fèt pou make 214yèm anivèsè sasinay Papa Desalin
Nou pase deklarasyon KOMOKODA te mete deyò 4 out 2020
Dekiprevyen pati politik k ap pouse kou djondjon nan peyi a
Elèv yo leve kanpe nan gwo manifestasyon kont ekzamen nasyonal yo pandan lekòl pa t fèt nan peyi a
Eskandal nan Grandans lan kote 41 ti fi 14 pou rive 17 lannen nan lekòl Lapwofesi nan Bomon ta ansent
Mobilizasyon pou manifestasyon "October 22nd Coalition" k ap fèt atravè Etazini demen Jedi 22 oktòb la. Nan Manhattan nan manifestasyon an ap fèt nan Union Square a 3:30pm
Lapolis ak lame nan Nijerya tire sou foul ki t ap manifeste kont maspinay ak koripsyon lapolis nan peyi sila a; Yo sasinen plis pase 20 moun yè swa
Nou wete chapo n pou n salye pèp Bolivyen an ki pote boure lavalaseman nan eleksyon ayè dimanch lan epi remete pouvwa peyi yo nan men pati MAS ansyen prezidan yo Evo Morales ap dirije
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Oct 14, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 14 oktòb 2020
Wednesday Oct 14, 2020
Wednesday Oct 14, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Nou pran bon tan pou esplike oditè yo blòf goud gouvènman Jovenel Moise la fè konprann ki double fòs li sou dola Meriken an. Bagay sa a pa plis ke yon lòt mannèv pou vòlè yo rele gouvènman Ayisyen an foure men pran mwatye nan tout dola dyaspora a voye nan peyi a. KOMOKODA di dyaspora a baton ki nan men nou se ak li pou n anpeche chen mòde nou
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Oct 07, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 7 oktòb 2020
Wednesday Oct 07, 2020
Wednesday Oct 07, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Apre 2 semèn kanpay pou ede Platfòm Pitit Desalin wè larezon KOMOKODA resevwa yon lèt an franse Fondasyon Sarah Poisson ki di yo pa p pousuiv ak fundraiser dimanch 11 oktòb la: Nou li yon tradiksyon kreyòl nou fè pou oditè yo
Ti koze ak ti frè nou Gregory Alexis ki te zanmi epi kolaboratè Gregory Saint Hilaire gad palè sasinen nan lakou Lekòl Nòmal Siperyè
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Sep 30, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 30 septanm 2020
Wednesday Sep 30, 2020
Wednesday Sep 30, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Emisyon espesyal pou make 29yèm anivèsè dat madichon 30 septanm 1991
Nou salye memwa tout fanmi ki te patisipe nan tout diferan mobilizasyon yo ki te reziste ak koudeta 30 septanm nan
Ti koze ak Ougan Maxime Lorisme ki te fè pati Mouvman Rezistans nan NY la; ak konpatriyòt Deenps "Granbwa" Bazile ki te fè pati gwoup tanbouyè yo ki te toujou la ap akonpaye pèp la nan lari a nan manifestasyon yo pandan 3 lannen koudeta a; ak konpatriyòt Raymond Dugué ki te konn pote sipò li ak Komite Beton Devan LONI an ki fè 3 lannen ap manifeste chak jou devan katye jeneral Nasyonzini an
Liy ouvè ak oditè yo
Barikad KOMOKODA ap drese byen wo devan Kache Restoran sou Flatbush nan Brooklyn nan dimanch 11 oktòb kont Moise Jean Charles ak Platfòm Pitit Desalin k ap vin ranmase kòb pou eleksyon nan NY la
Anons

Wednesday Sep 23, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 23 septanm 2020
Wednesday Sep 23, 2020
Wednesday Sep 23, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Sistèm lajistis nan Louisville, KY deside yo pa p pousuiv 2 polisye blan yo sasinen Breonna Taylor
Ti koze ak konpatriyòt Jean Bernard Jean Louis ki se yon jèn militan ki pwofesè nan lekòl Nòmal Siperyè Pòtoprens sou dènye devlopman sitiyasyon politik peyi a
Refleksyon nou sou divès federasyon ak kowalisyon dyaspora k ap denonse prezans Esperancia Cesar kòm reprezantan dyaspora a nan konsèy elektoral Jovenel la
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Sep 16, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 16 septanm 2020
Wednesday Sep 16, 2020
Wednesday Sep 16, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Konbit pou fanmi an vin selebre nesans Papa Desalin ansanm ak nou nan Prospect Park a 3è dimanch 20 septanm k ap vini an
Nou salye frè nou, konpatriyòt Celome Jean Pierre (Kazal) ki pèdi yon fanmi pwòch, Madam Savenie Jean, nan semèn ki sot pase a
Nou salye sè nou Yolande Pierre-Antoine ki pèdi frè li, ansyen jeneral lame d Ayiti Joseph Pierre-Antoine maten an
Ti koze an Angle ak frè nou Ralph Poynter, yon grandèt militan Meriken Nwa k ap goumen lontan lontan sou presyon pati Demokrat la ap fè sou moun Nwa pou yo vote Joe Biden; Ti ranmase an Kreyòl sou entèvyou a
Nouvèl sou sitiyasyon peyi nou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons