Episodes

Thursday Sep 10, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 9 septanm 2020
Thursday Sep 10, 2020
Thursday Sep 10, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Ti koze ak frè nou Matyas Dandor ki nan mawon nan Repiblik Dominikèn
Ansyen Senatè Moise Jean Charles bay yon iltimatòm 15 jou pou pri tout bagay desann pou koresponn ak dola a k bese a epi li fè Jovenel kèk rekòmandasyon pou goud la kontinye pran fòs; pou di se yon blag!
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Sep 02, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 2 septanm 2020
Wednesday Sep 02, 2020
Wednesday Sep 02, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Fanmi KOMOKODA a rasanble pou n swete "Manman Baz" Jaqueline Salnave yon "Bòn Fèt"
Nou swete Angelique Nelson ki se responsab Radio Omega ki te fete anivèsè nesans li yè yon Bòn Fèt epi n swete sè nou Minouch Lambert k ap fete anivèsè nesans li jodi a yon "Bòn Fèt"
Ti koze ak konpatriyòt James Beltis ki se manm òganizasyon "Nou P ap Dòmi" sou dènye tranch rapò Petrocaribe a ki sòti epi sou san pèp Ayisyen an k ap koule tankou larivyè nan peyi a
Lapolis Nasyonal nan peyi D Ayiti anonse yo revoke pòtpawòl SPNH la Abelson Gros Negre
Jounal nan Florid anonse militan blan Meriken Jack Lieberman ki te toujou nan tout aksyon solidarite ak pèp Ayisyen an fè travèse li nan laj 70 lannen akoz konplikasyon kovid-19 lan
Liy ouvè ak oditè yo
Monseyè Pierre Andre Dumas nan Nip anonse gen yon minis Jovenel ki rele l pou ofri l nome yon anbasadè si l voye yon reprezantan legliz Katolik nan konsèy elektoral pwovizwa a; Mannigèt tribò babò pou konsèy elektoral la balanse

Wednesday Aug 26, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 26 out 2020
Wednesday Aug 26, 2020
Wednesday Aug 26, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Apre ravaj tanpèt twopikal Laura fè nan karayib la, se siklòn Laura nan nivo kategori 4 ki menase Etazini
Mesaj sè nou Darnell Benoit ki se responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project sou lekòl ki ta sipoze louvri nan vil New York la jedi 10 septanm k ap vini an
Nouvèl:
-Yon lòt fwa ankò lapolis isit Ozetazini krible yon jèn gason nwa ak bal - Fwa sa a se Jacob Blake nan Kenosha, WI; Nou pase son sè Jacob k ap eksprime tèt li sou jan l santi li
-Lapolis arete yon jèn ti blan 17 lannen ki ta tire sou foul ki t ap mande jistis pou Jacob Blake epi lakòz lanmò 2 manifestan
-Apre konpanyi a fin resevwa $5.8 milya nan stimilis kovid-19 la, American Airlines anonse l ap "layoff" 19,000 anplwaye
-Depatman Ponpye lavil NY limenm tou anonse li pral "layoff" 400 EMT
Liy ouvè ak oditè yo
Nou pase deklarasyon KOMOKODA a

Wednesday Aug 19, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 19 out 2020
Wednesday Aug 19, 2020
Wednesday Aug 19, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Refleksyon nou sou koudeta ki fèt yè swa a nan peyi Mali
Nou pase deklarasyon KOMOKODA a
Ti koze ak konpatriyòt Dominique Saint Eloi ki se responsab nan sendika CNOHA
Sa k ap pase ak bwat lapòs yo atravè Etazini
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Aug 13, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 12 out 2020
Thursday Aug 13, 2020
Thursday Aug 13, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Nou pase deklarasyon an
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti ki nan Kanada sou deklarasyon KOMOKODA a
Refleksyon KOMOKODA sou koze eleksyon k pral fèt isit Ozetazini an
Ti koze ak frè nou Raymond Dugue ki se responsab nan òganizasyon UNIA sou selebrasyon y ap fè pandan tout mwa Out la pou selebre Marcus Garvey ak Bwa Kayiman
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Aug 05, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 5 out 2020
Wednesday Aug 05, 2020
Wednesday Aug 05, 2020
Jodi a nou fè yon emisyon espesyal sou deklarasyon KOMOKODA mete deyò yè sou koze eleksyon nan peyi nou
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Nou pase deklarasyon an
Divès manm KOMOKODA pale pou eksprime santiman yo parapò ak deklarasyon an
Nou pase deklarasyon an ankò
Nou fè ti koze ak frè nou Guerchang Bastia k ap goumen sou teren an lakay sou deklarasyon an
Nou fè ti koze ak sè nou Èzili Dantò k ap goumen nan dyaspora a sou deklarasyon an
Liy ouvè ak oditè yo
Nou fini emisyon an ak deklarasyon KOMOKODA a

Wednesday Jul 29, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 29 jiyè 2020
Wednesday Jul 29, 2020
Wednesday Jul 29, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
Tanpèt tropikal "Isaias" menase frape zòn Nò Ayiti nan 24 pou rive 36èd tan k ap vini yo
Ayibobo pou fanmi ki te manifeste yè pou make 105 lannen depi okipasyon 1915 lan
Nou salye pèp Kiben an ki selebre 67 lannen depi atak sou Moncada ki te fèt 26 jiyè 1953
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki vin jwenn nou
Ti koze ak sè nou Mamyrah Prosper sou travay li nan òganizasyon "Community Development Builders" pa bò isit Ozetazini epi nan lit la lakay tou
Nouvèl:
-Lachin reponn Meriken kif pou kif apre yo fèmen yon konsila li nan Houston, Texas
-Kongrè Meriken an kontinye ap bwase pou yo ponn yon nouvo "stimulus package"
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jul 22, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 22 jiyè 2020
Wednesday Jul 22, 2020
Wednesday Jul 22, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Jodi a se anivèsè ti sè nou Nathalie Pierre (Dr. Nathalie Frédéric Pierre), nou swete ti sè a Sante! Sante! Sante! ak Anpil Kè Kontan!
Demen ap fè 33 lannen depi grandon yo nan Nòdwès la te fè yonn ak Lame d Ayiti ak gwo chèf nan Legliz Katolik yo pou masakre 139 ti peyizan nan Janrabèl: Nou sonje yo, Nou jete dlo pou yo
Ti koze ak frè nou Frantz Andre ki se manm komite Solidarite Quebec-Haiti sou manifestasyon y ap fè madi 28 jiyè k ap vini an devan Konsila Meriken nan Montreal pou fè konnen nou pa bliye okipasyon 1915 lan epi rezistans Kako yo nan bounda yo pi rèd
Ti koze ak konpatriyòt Origene Louis ki se Koòdonatè Jeneral òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen sou aktivite k ap fèt pou make 33 lannen depi Masak Janrabèl la
Nouvèl:
-Enfòmasyon sou pwogram "Cooling Assistance Benefits" lavil New York la mete la pou ede grandèt ki nan bezwen jwenn yon aparèy "air conditioner" gratis
-Se semèn sa a kongrè Meriken an ta sipoze fè yon desizyon sou yon dezyèm "stimulus" pwogram pou ede popilasyon an jere difikilte ekonomik kowona a pote
-Majistra NY la Bill deBlasio voye lapolis kraze mouvman "Occupy City Hall" la maten an
-Gwo Moso Donald Trump di twòp san koule nan Chicago, li siyen papye pou voye lapolis federal al mete lòd nan dezòd
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jul 15, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 15 jiyè 2020
Wednesday Jul 15, 2020
Wednesday Jul 15, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud ak Fritzner
Avyon Jetblue ta parèt retire Ayiti nan lis vwayaj li
Nouvèl:
-Nou jwenn enfòmasyon ta gen yon tranblemanntè ki frape zòn Ench; Nou pa rive verifye li; Nou mande oditè yo gen plis enfo tanpri fè nou konnen
-Vòlè nan entènèt la ta rive pran kontwòl kont twitter plizyè gwo bwa Meriken epi ta vòlè plis pase san mil dola vèt; Nou gade menm tip vòl sa yo ki fèt sou fanmi nan kominote a
-Fanmi George Floyd asiyen lavil Mineapolis ak 4 polisye yo ki te enplike nan sasinay fanmi an 25 me ki sot pase a
-Nan yon entèvyou ak CBS Gwo Moso Donald Trump deklare lapolis Ozetazini touye plis blan ke nwa
-Pral gen referanndòm nan Mineapolis nan mwa Novanm nan pou konnen si popilasyon an dakò pou elimine depatman lapolis la
-Councilman Rory Lancman deklare fason chèf lapolis la ak lòt wo grade nan lapolis la ap derespekte majistra a sanble tèt koupe ak yon koudeta
-FBI arete yon jèn gason ki di se Ougan li ye ki peye 25 mil dola vèt pou kèk branch chive Donald Trump pou l al fè wanga
-Homeland Security ak ICE pèdi batay, yo blije fè bak sou desizyon pou anpeche etidyan imigran ki Ozetazini sou viza etidyan lekòl yo pa p louvri fizikman an Septanm nan rete nan peyi a
-Minis Spò defakto gouvènman apatrid PHTK a voye pye, li di l mache nan tout peyi a pou l jwenn estad 25 milyon dola vèt Olivier Martelly ak Laurent Lamothe yo li pa jwenn anyen, li di se kraze vòlè yo kraze lajan an; Pou di Jovenel pral revoke l menm jan ak Likmàn?
-Biwo ki responsab fè resansman nan peyi a di yon lòt fwa ankò pa gen mwayen pou travay sa ta fèt kòmsadwa, li pral blije chita sou chif 1986-1987 yo pou l bay chif Ayisyen k ap viv nan peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
Nou fini ak son nan videyo eta New York mete deyò sou pwogram Covid Rent Relief yo fè pou ede ak lajan lwaye

Wednesday Jul 08, 2020
Emisyon KOMOKODA pou mèkredi 8 jiyè 2020
Wednesday Jul 08, 2020
Wednesday Jul 08, 2020
Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Ti koze ak frè nou Ernest "Mèt Bano" Banatte ki se manm Kolektif 7 jiyè sou anivèsè 2 lannen depi gwo leve kanpe sila a pèp Ayisyen an te fè
Nouvèl:
-Etazini mande Lachin redui kantite zam nikleyè ki nan asenal yo, Lachin voye Etazini al grate
-Jedi k sot pase a te gen yon tantativ sasinay ki fèt sou Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau
-Apre plizyè kolèj ak inivèsite Etazini anonse se nan entènèt y ap fè klas ane pwochèn, depatman Imigrasyon anonse etidyan etranje ak viza etidyan pa p ka rete nan peyi a
-City Council lavil NY la vote yon bidjè pou ane pwochèn nan ki parèt retire kòb nan bidjè lapolis men se mannigèt
-Avoka eta New York la Leticia James pibliye yon rapò preliminè sou maspinay lapolis lavil NY fè sou popilasyon an apre sasinay George Floyd lan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons